Judges 21

Moun pèp Izrayèl yo te fè gwo sèman devan Seyè a lavil Mispa. Yo te di: -Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo.
以色列人在米斯巴曾起誓说:「我们都不将女儿给便雅悯人为妻。」
Pèp la moute lavil Betèl, yo chita devan Bwat Kontra Seyè a jouk aswè. Yo t'ap rele, yo t'ap kriye ak gwo dlo nan je yo.
以色列人来到伯特利,坐在 神面前直到晚上,放声痛哭,
Yo t'ap di: -Seyè o, Bondye pèp Izrayèl la, poukisa sa rive? Poukisa gen yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki manke jòdi a?
说:「耶和华─以色列的 神啊,为何以色列中有这样缺了一支派的事呢?」
Nan denmen, moun yo leve byen bonè, yo bati yon lotèl. Yo boule bèt nan dife nèt sou li, yo fè ofrann pou mande Bondye padon.
次日清早,百姓起来,在那里筑了一座坛,献燔祭和平安祭。
Lèfini, yo t'ap mande: -Kilès nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' nan reyinyon nou te fè devan Seyè a? Lè reyinyon an, yo te fè yon gwo sèman pou yo touye tout moun ki pa t' mete pye yo lavil Mispa devan Seyè a.
以色列人彼此问说:「以色列各支派中,谁没有同会众上到耶和华面前来呢?」先是以色列人起过大誓说,凡不上米斯巴到耶和华面前来的,必将他治死。
Men, pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn pou moun Benjamen yo, frè yo. Yo t'ap di: -Wi jòdi a, pèp Izrayèl la pèdi yon branch fanmi vre!
以色列人为他们的弟兄便雅悯后悔,说:「如今以色列中绝了一个支派了。
Kisa nou pral fè pou ti rès ki rete a ka jwenn fi pou yo marye, paske nou te fè sèman devan Seyè a nou p'ap janm ba yo pitit fi nou yo pou madanm.
我们既在耶和华面前起誓说,必不将我们的女儿给便雅悯人为妻,现在我们当怎样办理、使他们剩下的人有妻呢?」
Lè sa a, yo mande: -Kilès nan branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' moute lavil Mispa devan Seyè a? Yo jwenn pesonn nan lavil Jabès nan peyi Galarad la, pa t' vin nan kan an pou patisipe nan reyinyon an.
又彼此问说:「以色列支派中谁没有上米斯巴到耶和华面前来呢?」他们就查出基列‧雅比没有一人进营到会众那里;
Lè yo t'ap konte moun ki te la yo, pa t' gen yon moun nan lavil Jabès nan peyi Galarad la.
因为百姓被数的时候,没有一个基列‧雅比人在那里。
Se konsa, moun ki te sanble yo chwazi douz mil (12.000) sòlda nan sa ki pi bon yo, yo voye yo la ak lòd sa a: -Ale nan peyi Galarad. Touye dènye moun lavil Jabès, ata fanm ak timoun.
会众就打发一万二千大勇士,吩咐他们说:「你们去用刀将基列‧雅比人连妇女带孩子都击杀了。
Men sa pou nou fè: N'a touye dènye gason ak tout fanm ki deja marye tankou ofrann n'ap fè pou Seyè a.
所当行的就是这样:要将一切男子和已嫁的女子尽行杀戮。」
Nan moun lavil Jabès nan peyi Galarad la, yo jwenn katsan (400) jenn fi ki pa t' janm ko konn gason. Yo mennen yo nan kan an lavil Silo, nan peyi Kanaran.
他们在基列‧雅比人中,遇见了四百个未嫁的处女,就带到迦南地的示罗营里。
Lèfini, tout moun ki te sanble yo voye komisyon bay moun Benjamen yo ki te bò Wòch Rimon an. Yo mande yo fè lapè.
全会众打发人到临门磐的便雅悯人那里,向他们说和睦的话。
Moun Benjamen yo tounen, epi lòt moun Izrayèl yo ba yo jenn fi lavil Jabès yo pa t' touye yo pou madanm. Men, pa t' gen ase pou yo tout.
当时便雅悯人回来了,以色列人就把所存活基列‧雅比的女子给他们为妻,还是不够。
Sa te fè pèp Izrayèl la lapenn anpil pou moun Benjamen yo, paske Seyè a te kraze tèt ansanm ki te gen nan pèp Izrayèl la.
百姓为便雅悯人后悔,因为耶和华使以色列人缺了一个支派(原文是使以色列中有了破口)。
Se konsa chèf ki te la yo di konsa: -Pa gen fanm ankò nan branch fanmi Benjamen an. Kisa nou pral fè la a pou nou bay rès mesye yo fanm pou yo marye?
会中的长老说:「便雅悯中的女子既然除灭了,我们当怎样办理、使那余剩的人有妻呢?」
Yo di ankò: -Pèp Izrayèl la pa ka pèdi yon branch fanmi. Se pou nou jwenn yon mwayen pou branch fanmi Benjamen an ka la toujou.
又说:「便雅悯逃脱的人当有地业,免得以色列中涂抹了一个支派。
Men, nou pa ka pran nan fi nou yo pou nou ba yo pou madanm, paske pèp Izrayèl la te fè sèman pou yo pa fè sa. Yo te di: Madichon pou nenpòt moun ki va pran pitit fi yo bay moun nan fanmi Benjamen an pou madanm.
只是我们不能将自己的女儿给他们为妻;因为以色列人曾起誓说,有将女儿给便雅悯人为妻的,必受咒诅。」
Apre sa yo di: -Nan kèk jou, se pral lè pou nou fè gwo fèt nou gen pou nou fè chak lanne pou Seyè a lavil Silo. Lavil Silo sa a te sou bò nò lavil Betèl, sou bò sid lavil Lebona, sou bò solèy kouche wout ki soti Betèl moute Sichèm.
他们又说:「在利波拿以南,伯特利以北,在示剑大路以东的示罗,年年有耶和华的节期」;
Yo di moun Benjamen yo: -Al kache nan jaden rezen yo.
就吩咐便雅悯人说:「你们去,在葡萄园中埋伏。
Lè n'a wè jenn fi lavil Silo yo soti pou y' al danse ansanm pandan fèt la, nou menm n'a soti nan jaden rezen yo. Chak moun va pran yonn ladan yo pa fòs, epi n'a ale nan peyi Benjamen avèk yo.
若看见示罗的女子出来跳舞,就从葡萄园出来,在示罗的女子中各抢一个为妻,回便雅悯地去。
Si papa yo osinon frè yo vin jwenn nou, nou menm chèf pèp la, pou pote plent, n'a di yo: Tanpri, kite yo pran yo, paske nou pa t' jwenn kont fanm pou yo lè nou te al goumen lavil Jabès la. Epitou, se pa nou menm ki te ba yo pitit fi nou yo pou madanm. Konsa, pesonn p'ap ka di nou pa t' kenbe sèman nou.
他们的父亲或是弟兄若来与我们争竞,我们就说:『求你们看我们的情面,施恩给这些人,因我们在争战的时候没有给他们留下女子为妻。这也不是你们将子女给他们的;若是你们给的,就算有罪。』」
Mesye Benjamen yo fè sa yo te di yo fè a. Chak mesye yo pran yon fi pami sa ki t'ap danse yo, yo pati ak yo. Yo tounen nan peyi zansèt yo. Yo rebati lavil yo, epi yo rete la.
于是便雅悯人照样而行,按著他们的数目从跳舞的女子中抢去为妻,就回自己的地业去,又重修城邑居住。
Lè sa a, rès moun pèp Izrayèl la leve yo pati, yo tounen lakay yo al jwenn fanmi yo, nan pòsyon tè yo te bay zansèt yo.
当时以色列人离开那里,各归本支派、本宗族、本地业去了。
Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun te fè sa yo pito.
那时,以色列中没有王,各人任意而行。