Joshua 21

Chèf fanmi Levi yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf tout lòt branch fanmi pèp Izrayèl la.
那时,利未人的众族长来到祭司以利亚撒和嫩的儿子约书亚,并以色列各支派的族长面前,
Lè sa a, tout moun sa yo te reyini lavil Silo, nan peyi Kanaran. Chèf fanmi Levi yo di yo: -Seyè a te pale ak Moyiz pou nou. Li te bay lòd pou yo te ban nou lavil pou nou rete ak savann pou bèt nou yo jwenn manje.
在迦南地的示罗对他们说:「从前耶和华借著摩西吩咐给我们城邑居住,并城邑的郊野可以牧养我们的牲畜。」
Se konsa, moun pèp Izrayèl yo chwazi kèk lavil ak tout savann pou bèt nan pwòp pòsyon tè pa yo, yo bay moun branch fanmi Levi yo, jan Seyè a te bay lòd la.
于是以色列人照耶和华所吩咐的,从自己的地业中,将以下所记的城邑和城邑的郊野给了利未人。
Yo tire osò. Premye moun ki jwenn pa yo se te moun fanmi Keyat yo. Yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou moun branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen yo, yo bay moun Keyat yo. Moun sa yo se ras fanmi Arawon, prèt la, yo ye.
为哥辖族拈阄:利未人的祭司、亚伦的子孙,从犹大支派、西缅支派、便雅悯支派的地业中,按阄得了十三座城。
Apre sa, yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, branch fanmi Dann ansanm ak mwatye branch fanmi Manase yo, yo separe bay lòt pitit Keyat yo, chak fanmi pa yo apa.
哥辖其余的子孙,从以法莲支派、但支派、玛拿西半支派的地业中,按阄得了十座城。
Lèfini, yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Neftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase a nan peyi Bazan, yo separe bay pitit Gèchon yo, chak fanmi pa yo apa.
革顺的子孙,从以萨迦支派、亚设支派、拿弗他利支派、住巴珊的玛拿西半支派的地业中,按阄得了十三座城。
Yo pran douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon yo, yo separe bay pitit Merari yo, chak fanmi pa yo apa.
米拉利的子孙,按著宗族,从流便支派、迦得支派、西布伦支派的地业中,按阄得了十二座城。
Se konsa moun pèp Izrayèl yo te tire osò pou Seyè a te ka fè yo konnen ki lavil ak tout savann pou yo bay moun Levi yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
以色列人照著耶和华借摩西所吩咐的,将这些城邑和城邑的郊野,按阄分给利未人。
Men non lavil moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Simeyon yo te bay nan pòsyon tè pa yo.
从犹大支派、西缅支派的地业中,将以下所记的城给了利未支派哥辖宗族亚伦的子孙;因为给他们拈出头一阄,
Lavil sa yo te soti pou moun fanmi Keyat, pitit gason Arawon, nan branch fanmi Levi a. Premye gwoup lavil la te vin pou yo.
并入上一节
Yo te ba yo lavil Kiriyat aba, ki rele koulye a Ebwon, yon lavil ki te nan mòn peyi Jida yo, ansanm ak tout savann pou mouton yo. Se lavil sa a ki te kapital peyi moun Anak yo.
将犹大山地的基列‧亚巴和四围的郊野给了他们。亚巴是亚衲族的始祖。(基列‧亚巴就是希伯崙)。
Men, yo pran tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, yo bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, pou rele l' pa l'.
惟将属城的田地和村庄给了耶孚尼的儿子迦勒为业。
Men lavil yo te bay moun fanmi Arawon, prèt la: lavil Ebwon, kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt li yo,
以色列人将希伯崙,就是误杀人的逃城和属城的郊野,给了祭司亚伦的子孙;又给他们立拿和属城的郊野,
lavil Jati, lavil Echtemoa,
雅提珥和属城的郊野,以实提莫和属城的郊野,
lavil Olòn, lavil Debi,
何崙和属城的郊野,底璧和属城的郊野,
lavil Ayin, lavil Jouta, lavil Bèt-Chemèch, ansanm ak tout savann pou bèt yo: Sa te fè nèf lavil yo te pran sou de branch fanmi sa yo.
亚因和属城的郊野,淤他和属城的郊野,伯‧示麦和属城的郊野,共九座城,都是从这二支派中分出来的。
Nan pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an, yo te bay lavil Gabawon, lavil Geba ansanm ak tout savann pou bèt yo,
又从便雅悯支派的地业中给了他们基遍和属城的郊野,迦巴和属城的郊野,
lavil Anatòt, lavil Almon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil.
亚拿突和属城的郊野,亚勒们和属城的郊野,共四座城。
Antou yo te pran trèz lavil ak tout savann pou bèt yo bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo.
亚伦子孙作祭司的共有十三座城,还有属城的郊野。
Lòt moun ki te rete nan fanmi Keyat la, moun Levi ki pa t' ankò jwenn anyen yo, resevwa lavil ki te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Efrayim yo.
利未支派中哥辖的宗族,就是哥辖其余的子孙,拈阄所得的城有从以法莲支派中分出来的。
Yo te ba yo yon lavil nan mòn peyi Efrayim, lavil Sichèm kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo te ba yo tou lavil Gezè,
以色列人将以法莲山地的示剑,就是误杀人的逃城和属城的郊野,给了他们;又给他们基色和属城的郊野,
lavil Kibsayim, lavil Bètowon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil sou tè moun branch fanmi Efrayim yo.
基伯先和属城的郊野,伯‧和崙和属城的郊野,共四座城;
Nan pòsyon tè moun branch fanmi Dann yo, yo ba yo kat lavil: lavil Elteke, lavil Gibeton,
又从但支派的地业中给了他们伊利提基和属城的郊野,基比顿和属城的郊野,
lavil Ajalon, lavil Gat-Rimon, ansanm ak tout savann pou bèt yo.
亚雅崙和属城的郊野,迦特‧临门和属城的郊野,共四座城;
Nan pòsyon tè pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo de lavil: lavil Tanak ak lavil Gat-Rimon ansanm ak tout savann pou bèt yo.
又从玛拿西半支派的地业中给了他们他纳和属城的郊野,迦特‧临门和属城的郊野,共两座城。
Antou yo te bay rès moun nan fanmi Keyat la dis lavil ak tout savann pou bèt yo.
哥辖其余的子孙共有十座城,还有属城的郊野。
Pou moun Levi nan branch fanmi Gèchon yo, yo pran de lavil sou tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo. Se te lavil Golan nan peyi Bazan, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ak lavil Bestra ansanm ak tout savann pou bèt yo.
以色列人又从玛拿西半支派的地业中将巴珊的哥兰,就是误杀人的逃城和属城的郊野,给了利未支派革顺的子孙;又给他们比‧施提拉和属城的郊野,共两座城;
Yo ba yo kat lavil yo te pran sou tè ki pou branch fanmi Isaka a. Se te lavil Kichyon, lavil Dabera,
又从以萨迦支派的地业中给了他们基善和属城的郊野,大比拉和属城的郊野,
lavil Jamout, lavil Angannim ansanm ak tout savann pou bèt yo.
耶末和属城的郊野,隐‧干宁和属城的郊野,共四座城;
Yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a ba yo. Se te lavil Micheyal, lavil Abdon,
又从亚设支派的地业中给了他们米沙勒和属城的郊野,押顿和属城的郊野,
lavil Elkat, lavil Reyòb ansanm ak tout savann pou bèt yo.
黑甲和属城的郊野,利合和属城的郊野,共四座城;
Yo pran twa lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Nèftali a ba yo tou. Se te lavil Kadès nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dò, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bèt yo.
又从拿弗他利支派的地业中将加利利的基低斯,就是误杀人的逃城和属城的郊野,给了他们;又给他们哈末‧多珥和属城的郊野,加珥坦和属城的郊野,共三座城。
Sa te fè antou trèz lavil ansanm ak tout savann pou bèt yo te bay moun fanmi Gèchon yo.
革顺人按著宗族所得的城,共十三座,还有属城的郊野。
Pou rès moun Levi ki nan branch fanmi Merari a, yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an ba yo. Se te lavil Jokneyam, lavil Kata,
其余利未支派米拉利子孙,从西布伦支派的地业中所得的,就是约念和属城的郊野,加珥他和属城的郊野,
lavil Dimna, lavil Nalal ansanm ak tout savann pou bèt yo.
丁拿和属城的郊野,拿哈拉和属城的郊野,共四座城;
Apre sa, yo pran kat lavil nan pòsyon tè lòt bò larivyè Jouden ki pou moun branch fanmi Woubenn lan ba yo. Se te lavil Bezè, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon nan dezè sou platon an, lavil Jatsa,
又从流便支派的地业中给了他们比悉和属城的郊野,雅杂和属城的郊野,
lavil Kedemòt, lavil Mefat ansanm ak tout savann pou bèt yo.
基底莫和属城的郊野,米法押和属城的郊野,共四座城;
Yo ba yo kat lòt lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramòt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim,
又从迦得支派的地业中,将基列的拉末,就是误杀人的逃城和属城的郊野,给了他们;又给他们玛哈念和属城的郊野,
lavil Esbon, lavil Jazè ansanm ak tout savann pou bèt yo.
希实本和属城的郊野,雅谢和属城的郊野,共四座城。
Antou sa te fè douz lavil ki te vin pou rès moun Levi yo, pou moun fanmi Merari yo separe bay chak fanmi pa yo apa.
其余利未支派的人,就是米拉利的子孙,按著宗族拈阄所得的,共十二座城。
Se konsa, yo te pran karantwit lavil ansanm ak tout savann pou bèt nan mitan tè ki te pou moun Izrayèl yo, yo bay moun Levi yo.
利未人在以色列人的地业中所得的城,共四十八座,并有属城的郊野。
Chak lavil sa yo te mache ak tout savann pou bèt yo.
这些城四围都有属城的郊野,城城都是如此。
Se konsa, Seyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l'.
这样,耶和华将从前向他们列祖起誓所应许的全地赐给以色列人,他们就得了为业,住在其中。
Seyè a te fè yo gen lapè sou tout fwontyè yo, jan li te pwomèt zansèt yo. Ankenn lènmi pa t' resi kenbe tèt ak yo. Seyè a te lage tout lènmi yo nan men yo.
耶和华照著向他们列祖起誓所应许的一切话,使他们四境平安;他们一切仇敌中,没有一人在他们面前站立得住。耶和华把一切仇敌都交在他们手中。
Seyè a te kenbe dènye pwomès li te fè pèp Izrayèl la. Tout bagay te pase jan l' te pwomèt la.
耶和华应许赐福给以色列家的话一句也没有落空,都应验了。