Joshua 16

Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li soti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl.
约瑟的子孙拈阄所得之地是从靠近耶利哥的约旦河起,以耶利哥东边的水为界:从耶利哥上去,通过山地的旷野,到伯特利;
Li soti Betèl, li moute Louz, li pase Atawòt, kote moun Aki yo te rete.
又从伯特利到路斯,接连到亚基人的境界,至亚他绿;
Baliz fwontyè a desann apre sa bò solèy kouche, nan direksyon peyi moun Jaflèt yo jouk sou limit Bètowon, li pase rive Gezè, l' al bout nan lanmè.
又往西下到押利提人的境界,到下伯‧和崙的境界,直到基色,通到海为止。
Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim.
约瑟的儿子玛拿西、以法莲就得了他们的地业。
Men tè yo te bay branch moun Efrayim yo pou yo separe bay chak fanmi yon pòsyon. Sou bò solèy leve, Atawòt, Adak te sèvi yo fwontyè jouk Bètowon.
以法莲子孙的境界,按著宗族所得的,记在下面:他们地业的东界是亚他绿‧亚达到上伯‧和崙;
Baliz fwontyè a soti la, l' al bout nan lanmè Mediterane a. Li kite lavil Mikmetat sou bò nò li. Sou bò solèy leve, fwontyè a vire desann bò Taanat-Silo, li pase bò kote l', sou bò lès lavil Janoa.
往西通到北边的密米他,又向东绕到他纳‧示罗,又接连到雅挪哈的东边;
Li desann soti Janoa, li pase lavil Atawòt ak Nara, li rive lavil Jeriko, l' al bout sou larivyè Jouden.
从雅挪哈下到亚他绿,又到拿拉,达到耶利哥,通到约旦河为止;
Li soti Tapwa, li pran direksyon lwès jouk li rive nan dlo Kana, l' al bout sou lanmè a. Men tout pòsyon tè ki te vin pou branch fanmi Efrayim yo. Yo separe l', yo bay chak fanmi yon pòsyon,
从他普亚往西,到加拿河,直通到海为止。这就是以法莲支派按著宗族所得的地业。
ansanm ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo.
另外在玛拿西人地业中得了些城邑和属城的村庄。这都是分给以法莲子孙的。
Men yo pa t' rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.
他们没有赶出住基色的迦南人;迦南人却住在以法莲人中间,成为作苦工的仆人,直到今日。