Joshua 12

Moun pèp Izrayèl yo te bat tout wa ki te rete lòt bò larivyè Jouden yo, sou bò solèy leve. Epi yo pran tout peyi wa sa yo nan men yo, ki vle di tout zòn lan nèt, depi ravin Anon an, moute nan fon Jouden an, jouk nan pye mòn Emon.
以色列人在约旦河外向日出之地击杀二王,得他们的地,就是从亚嫩谷直到黑门山,并东边的全亚拉巴之地。
Men wa yo te kraze yo: Se te Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon. Peyi li t'ap gouvènen an te pran depi nan fon ravin Anon an moute Awoyè ki sou bò ravin lan, rive larivyè Jabòk sou fwontyè moun Amon yo, ki vle di mwatye nan peyi Galarad la.
这二王,有住希实本、亚摩利人的王西宏。他所管之地是从亚嫩谷边的亚罗珥和谷中的城,并基列一半,直到亚扪人的境界,雅博河
Li te gouvènen zòn ki sou bò lès fon Jouden an tou, depi letan Kinerèt la desann sou lanmè Mouri a, nan direksyon Bèt-Jechimòt jouk nan pye mòn Pisga a.
与约旦河东边的亚拉巴,直到基尼烈海,又到亚拉巴的海,就是盐海,通伯‧耶西末的路,以及南方,直到毘斯迦的山根。
Yo te kraze Og, wa peyi Bazan an tou. Se te yonn nan dènye refayim yo. Li te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi.
又有巴珊王噩。他是利乏音人所剩下的,住在亚斯他录和以得来。
Peyi li t'ap gouvènen an konmanse depi nan mòn Emon ak mòn Salka, li pran tout peyi Bazan an nèt rive sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak moun Maaka yo, plis lòt mwatye peyi Galarad la rive sou fwontyè peyi wa Siyon an ki te rete lavil Esbon.
他所管之地是黑门山、撒迦、巴珊全地,直到基述人和玛迦人的境界,并基列一半,直到希实本王西宏的境界。
Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak pèp Izrayèl la ki te kraze wa sa yo. Apre sa, Moyiz, sèvitè Seyè a, te pran tout peyi sa yo li bay moun branch fanmi Woubenn lan, moun branch fanmi Gad la ak mwatye nan moun branch fanmi Manase a.
这二王是耶和华仆人摩西和以色列人所击杀的;耶和华仆人摩西将他们的地赐给流便人、迦得人,和玛拿西半支派的人为业。
Jozye ansanm ak pèp Izrayèl la te bat tout wa ki te rete nan zòn lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy kouche, depi lavil Baal-Gad nan fon Liban an jouk mòn Chòv la nan direksyon Seyi. Se tè wa sa yo Jozye te pran, li separe yo bay moun pèp Izrayèl yo pou byen pa yo.
约书亚和以色列人在约旦河西击杀了诸王。他们的地是从黎巴嫩平原的巴力‧迦得,直到上西珥的哈拉山。约书亚就将那地按著以色列支派的宗族分给他们为业,
Tè sa yo te pran tout mòn yo, tout plenn yo, fon Jouden an, tout pye mòn yo, dezè a ak zòn Negèv la. Se sou tè sa yo moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo te rete.
就是赫人、亚摩利人,迦南人、比利洗人、希未人、耶布斯人的山地、高原亚拉巴、山坡、旷野,和南地。
Men wa yo te kraze yo: wa lavil Jeriko, wa lavil Ayi, toupre Betèl,
他们的王:一个是耶利哥王,一个是靠近伯特利的艾城王,
wa lavil Jerizalèm, wa lavil Ebwon,
一个是耶路撒冷王,一个是希伯崙王,
wa lavil Jamout, wa lavil Lakis,
一个是耶末王,一个是拉吉王,
wa lavil Eglon, wa lavil Gezè,
一个是伊矶伦王,一个是基色王,
wa lavil Debi, wa lavil Gedè,
一个是底璧王,一个是基德王,
wa lavil Oma, wa lavil Arad,
一个是何珥玛王,一个是亚拉得王,
wa lavil Libna, wa lavil Adoulam,
一个是立拿王,一个是亚杜兰王,
wa lavil Makeda, wa lavil Betèl,
一个是玛基大王,一个是伯特利王,
wa lavil Tapwach, wa lavil Efè,
一个是他普亚王,一个是希弗王,
wa lavil Afèk, wa lavil Sawon,
一个是亚弗王,一个是拉沙崙王,
wa lavil Madòn, wa lavil Azò,
一个是玛顿王,一个是夏琐王,
wa lavil Chimwon, wa lavil Mewòm, wa lavil Akchaf,
一个是伸崙‧米崙王,一个是押煞王,
wa lavil Tanak, wa lavil Megido,
一个是他纳王,一个是米吉多王,
wa lavil Kadès, wa lavil Jokneyam nan zòn mòn Kamèl la,
一个是基低斯王,一个是靠近迦密的约念王,
wa lavil Dò sou zòn bò rivaj lanmè a, wa Goyim yo nan peyi Galile,
一个是多珥山冈的多珥王,一个是吉甲的戈印王,
wa lavil Tiza. Sa te fè antou tranteyen wa ki te peri.
一个是得撒王;共计三十一个王。