John 8

Jezi menm ale mòn Oliv.
于是各人都回家去了;耶稣却往橄榄山去,
Nan denmen maten, byen bonè, li tounen nan tanp lan. Tout foul moun yo pwoche bò kote li. Li chita, li pran moutre yo anpil bagay.
清早又回到殿里。众百姓都到他那里去,他就坐下,教训他们。
Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltè. Yo mete l' kanpe devan tout foul moun yo,
文士和法利赛人带著一个行淫时被拿的妇人来,叫她站在当中,
epi yo di Jezi konsa: Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè.
就对耶稣说:夫子,这妇人是正行淫之时被拿的。
Moyiz te bay lòd nan lalwa a pou yo touye yo lè konsa ak kout wòch. Men, ou menm, kisa ou di nan sa?
摩西在律法上吩咐我们把这样的妇人用石头打死。你说该把她怎么样呢?
Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a.
他们说这话,乃试探耶稣,要得著告他的把柄。耶稣却弯著腰,用指头在地上画字。
Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la.
他们还是不住的问他,耶稣就直起腰来,对他们说:你们中间谁是没有罪的,谁就可以先拿石头打他。
Apre sa, li bese atè a yon dezyèm fwa, li pran ekri ankò.
于是又弯著腰,用指头在地上画字。
Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y' al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sak te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l'.
他们听见这话,就从老到少,一个一个的都出去了,只剩下耶稣一人,还有那妇人仍然站在当中。
Lè sa a, li leve, li di fanm lan: Madanm, kote moun yo? Pesonn pa kondannen ou?
耶稣就直起腰来,对她说:妇人,那些人在那里呢?没有人定你的罪吗?
Li reponn: Pesonn non, Mèt. Jezi di li: Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.
她说:主啊,没有。耶稣说:我也不定你的罪。去吧,从此不要再犯罪了!
Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
耶稣又对众人说:我是世界的光。跟从我的,就不在黑暗里走,必要得著生命的光。
Farizyen yo di li: Apa w'ap pale tèt pa ou byen? Sa w'ap di la a pa gen valè.
法利赛人对他说:你是为自己作见证,你的见证不真。
Jezi reponn yo: Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m' soti, mwen konnen ki bò m' prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m' soti, ni ki bò m' prale.
耶稣说:我虽然为自己作见证,我的见证还是真的;因我知道我从那里来,往那里去;你们却不知道我从那里来,往那里去。
Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pesonn.
你们是以外貌(原文是凭肉身)判断人,我却不判断人。
Mentou, si yon lè mwen gen pou m' jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m' lan ap la avèk mwen.
就是判断人,我的判断也是真的;因为不是我独自在这里,还有差我来的父与我同在。
Nou jwenn sa ekri nan Lalwa nou an tou: Lè de temwen fè menm depozisyon an, sa yo di a vre.
你们的律法上也记著说:两个人的见证是真的。
Mwen sèvi temwen pou tèt pa m'; Papa a ki voye m' lan sèvi m' temwen tou.
我是为自己作见证,还有差我来的父也是为我作见证。
Yo mande li: Kote papa ou? Jezi reponn yo: Nou pa konnen mwen, nou pa konn Papa mwen. Si nou te konnen m', nou ta konnen Papa m' tou.
他们就问他说:你的父在那里?耶稣回答说:你们不认识我,也不认识我的父;若是认识我,也就认识我的父。
Jezi te nan tanp lan, kote yo mete bwat pou fè ofrann yo. Se la li t'ap di yo tout pawòl sa yo, li t'ap moutre moun yo anpil lòt bagay ankò. Men, pesonn pa t' mete men sou li, paske lè l' pa t' ankò rive.
这些话是耶稣在殿里的库房、教训人时所说的,也没有人拿他,因为他的时候还没有到。
Jezi di yo ankò: Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m', men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m' prale a.
耶稣又对他们说:我要去了,你们要找我,并且你们要死在罪中。我所去的地方,你们不能到。
Jwif yo yonn di lòt: Gen lè li pral touye tèt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l' prale a.
犹太人说:他说:我所去的地方,你们不能到,难道他要自尽吗?
Jezi reponn yo: Nou soti anba, mwen menm mwen soti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a.
耶稣对他们说:你们是从下头来的,我是从上头来的;你们是属这世界的,我不是属这世界的。
Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.
所以我对你们说,你们要死在罪中。你们若不信我是基督,必要死在罪中。
Yo mande li: Ki moun ou ye? Jezi reponn yo: Sa m' te di nou depi nan konmansman an.
他们就问他说:你是谁?耶稣对他们说:就是我从起初所告诉你们的。
Mwen gen anpil bagay pou m' di sou nou, anpil bagay menm pou m' jije nan nou. Men, moun ki voye m' lan, se verite ase li di. Se sèlman sa m' pran nan bouch li m'ap anonse bay lèzòm ki sou latè.
我有许多事讲论你们,判断你们;但那差我来的是真的,我在他那里所听见的,我就传给世人。
Yo pa t' konprann se sou Papa a li t'ap pale yo.
他们不明白耶稣是指著父说的。
Jezi di yo ankò: Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m' mwen di.
所以耶稣说:你们举起人子以后,必知道我是基督,并且知道我没有一件事是凭著自己作的。我说这些话乃是照著父所教训我的。
Moun ki voye m' lan la avèk mwen. Li pa kite m' pou kont mwen paske mwen toujou fè sak fè l' plezi.
那差我来的是与我同在;他没有撇下我独自在这里,因为我常做他所喜悦的事。
Anpil moun ki te tande Jezi pale konsa te kwè nan li.
耶稣说这话的时候,就有许多人信他。
Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre.
耶稣对信他的犹太人说:你们若常常遵守我的道,就真是我的门徒;
N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.
你们必晓得真理,真理必叫你们得以自由。
Yo di li: Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pesonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou?
他们回答说:我们是亚伯拉罕的后裔,从来没有作过谁的奴仆。你怎么说你们必得自由呢?
Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye.
耶稣回答说:我实实在在的告诉你们,所有犯罪的就是罪的奴仆。
Yon esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan.
奴仆不能永远住在家里;儿子是永远住在家里。
Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.
所以天父的儿子若叫你们自由,你们就真自由了。
Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m' paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou.
我知道你们是亚伯拉罕的子孙,你们却想要杀我,因为你们心里容不下我的道。
M'ap di nou sa Papa m' moutre mwen. Men nou menm, n'ap fè sa papa pa nou di nou fè.
我所说的是在我父那里看见的;你们所行的是在你们的父那里听见的。
Yo reponn li: Men, papa nou se Abraram. Jezi di yo: Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fè sa li menm li te fè.
他们说:我们的父就是亚伯拉罕。耶稣说:你们若是亚伯拉罕的儿子,就必行亚伯拉罕所行的事。
Gade koulye a, m'ap di nou verite a jan Bondye te moutre m' li, atousa n'ap chache touye mwen. Abraram pa janm fè bagay konsa.
我将在 神那里所听见的真理告诉了你们,现在你们却想要杀我,这不是亚伯拉罕所行的事。
Men nou menm, n'ap fè sa papa nou ap fè. Yo reponn li: Nou pa pitit deyò non. Nou gen yon sèl papa, se Bondye.
你们是行你们父所行的事。他们说:我们不是从淫乱生的;我们只有一位父,就是 神。
Jezi di yo: Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske, mwen soti bò kot Bondye. Se li menm ki voye m' isit la. Mwen pa vini pou kont mwen. Se li menm menm ki voye mwen.
耶稣说:倘若 神是你们的父,你们就必爱我;因为我本是出于 神,也是从 神而来,并不是由著自己来,乃是他差我来。
Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo.
你们为什么不明白我的话呢?无非是因你们不能听我的道。
Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.
你们是出于你们的父魔鬼,你们父的私欲你们偏要行。他从起初是杀人的,不守真理,因他心里没有真理。他说谎是出于自己;因他本来是说谎的,也是说谎之人的父。
Men mwen menm, mwen pale verite a. Se poutèt sa nou pa vle kwè mwen.
我将真理告诉你们,你们就因此不信我。
Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m' di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen?
你们中间谁能指证我有罪呢?我既然将真理告诉你们,为什么不信我呢?
Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fè nou pa vle koute.
出于 神的,必听 神的话;你们不听,因为你们不是出于 神。
Jwif yo reponn li: Nou te gen rezon lè n' t'ap di se moun Samari ou ye. Ou gen yon move lespri sou ou.
犹太人回答说:我们说你是撒马利亚人,并且是鬼附著的,这话岂不正对吗?
Jezi di yo: Mwen pa gen okenn move lespri sou mwen. M'ap fè respe Papa mwen. Men nou menm, se derespekte n'ap derespekte mwen.
耶稣说:我不是鬼附著的;我尊敬我的父,你们倒轻慢我。
Mwen p'ap chache lwanj pou tèt pa mwen. Gen yon moun k'ap chache l' pou mwen. Se li menm tou k'ap jije nou.
我不求自己的荣耀,有一位为我求荣耀、定是非的。
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l' fè, li p'ap janm mouri.
我实实在在的告诉你们,人若遵守我的道,就永远不见死。
Jwif yo di li: Koulye a, nou sèten ou gen yon move lespri sou ou. Abraram mouri. Pwofèt yo mouri tou. Epi ou menm, w'ap di: O wi, moun ki fè tou sa m' di l' fè, li p'ap janm mouri.
犹太人对他说:现在我们知道你是鬼附著的。亚伯拉罕死了,众先知也死了,你还说:人若遵守我的道,就永远不尝死味。
Abraram ki Abraram zansèt nou, li mouri. Koulye a, ou prèt pou di nou ou pi gran pase li? Pwofèt ki pwofèt yo mouri. Sa ou konprann ou ye menm?
难道你比我们的祖宗亚伯拉罕还大么?他死了,众先知也死了,你将自己当作什么人呢?
Jezi reponn yo: Si m' t'ap fè lwanj tèt mwen, lwanj sa a pa ta vo anyen. Moun k'ap fè lwanj mwen se Papa m', moun nou pretann di ki Bondye nou an.
耶稣回答说:我若荣耀自己,我的荣耀就算不得什么;荣耀我的乃是我的父,就是你们所说是你们的 神。
Nou pa konnen li. Men mwen menm, mwen konnen li. Si pou m' ta di mwen pa konnen li, mwen ta bay manti tankou nou. Men, mwen konnen l' epi m'ap fè tou sa li di m' fè.
你们未曾认识他;我却认识他。我若说不认识他,我就是说谎的,像你们一样;但我认识他,也遵守他的道。
Abraram papa nou te kontan, paske li te anvi wè jou m' lan rive. Li wè li. Sa te fè kè l' kontan nèt.
你们的祖宗亚伯拉罕欢欢喜喜的仰望我的日子,既看见了就快乐。
Jwif yo di li: Ou poko gen senkantan, epi w'ap di ou te wè Abraram?
犹太人说:你还没有五十岁,岂见过亚伯拉罕呢?
Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pa t' ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja.
耶稣说:我实实在在的告诉你们,还没有亚伯拉罕就有了我。
Lè sa a, yo ranmase wòch pou kalonnen li. Men, Jezi kache kò l' yon kote epi li soti nan tanp lan.
于是他们拿石头要打他;耶稣却躲藏,从殿里出去了。