John 6

Apre sa, Jezi janbe lòt bò lanmè Galile a. Yo rele lanmè sa a lanmè Tiberyad tou.
这事以后,耶稣渡过加利利海,就是提比里亚海。
Yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li t'ap fè, jan li t'ap geri anpil moun malad tou.
有许多人因为看见他在病人身上所行的神迹,就跟随他。
Jezi moute sou yon ti mòn, li chita la ansanm ak disip li yo.
耶稣上了山,和门徒一同坐在那里。
Jou fèt Delivrans jwif yo te vanse rive.
那时犹太人的逾越节近了。
Jezi gade, li wè yon gwo foul moun ki t'ap vin jwenn li. Li rele Filip, li di l' konsa: Ki bò nou ta ka jwenn manje pou n' achte pou n' bay moun sa yo manje?
耶稣举目看见许多人来,就对腓力说:我们从那里买饼叫这些人吃呢?
(Li t'ap di sa pou l' te wè sa Filip tapral reponn li; li menm li te byen konnen sa l' tapral fè.)
他说这话是要试验腓力;他自己原知道要怎样行。
Filip reponn li: Menm si nou ta gen desan (200) goud pou achte pen, pa ta gen ase pou chak moun ta jwenn ti kal.
腓力回答说:就是二十两银子的饼,叫他们各人吃一点也是不够的。
Yon lòt nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè a, di li:
有一个门徒,就是西门彼得的兄弟安得烈,对耶稣说:
Gen yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo.
在这里有一个孩童,带著五个大麦饼、两条鱼,只是分给这许多人还算什么呢?
Lè sa a, Jezi di yo: Fè moun yo chita. (Te gen anpil zèb bò la.) Moun yo chita, te gen senkmil (5.000) gason konsa.
耶稣说:你们叫众人坐下。原来那地方的草多,众人就坐下,数目约有五千。
Jezi pran pen yo; lè li fin di Bondye mèsi pou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Yo tout te jwenn kantite yo te vle.
耶稣拿起饼来,祝谢了,就分给那坐著的人;分鱼也是这样,都随著他们所要的。
Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo: Ranmase tout ti moso ki rete yo. Pa kite anyen gaspiye.
他们吃饱了,耶稣对门徒说:把剩下的零碎收拾起来,免得有糟蹋的。
Yo ranmase tout moso ki te rete nan senk pen moun yo te manje yo. Yo plen douz panyen pote ale.
他们便将那五个大麦饼的零碎,就是众人吃了剩下的,收拾起来,装满了十二个篮子。
Lè moun yo wè mirak Jezi te fè a, yo di konsa: Se vre wi, nonm sa a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè a.
众人看见耶稣所行的神迹,就说:这真是那要到世间来的先知!
Jezi te vin konnen yo tapral pran l' pa fòs pou yo fè l' wa. Li wete kò l' ankò sou ti mòn lan, men fwa sa a pou kont li.
耶稣既知道众人要来强逼他作王,就独自又退到山上去了。
Lè solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a.
到了晚上,他的门徒下海边去,
Yo moute nan yon kannòt, yo pran travèse lanmè a nan direksyon Kapènawòm. Te fin fè nwit nèt, men Jezi pa t' ankò vin jwenn yo.
上了船,要过海往迦百农去。天已经黑了,耶稣还没有来到他们那里。
Dlo lanmè a te move paske van an te fò.
忽然狂风大作,海就翻腾起来。
Yo te gen tan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè.
门徒摇橹,约行了十里多路,看见耶稣在海面上走,渐渐近了船,他们就害怕。
Men, Jezi di yo: Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
耶稣对他们说:是我,不要怕!
Yo te vle pran l' nan kannòt la, men lamenm yo fè tè: yo te gen tan rive kote yo taprale a.
门徒就喜欢接他上船,船立时到了他们所要去的地方。
Nan denmen, foul moun ki te rete lòt bò lanmè a te wè te gen yon sèl kannòt ase. Yo te konnen Jezi pa t' moute nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te pati pou kont yo.
第二日,站在海那边的众人知道那里没有别的船,只有一只小船,又知道耶稣没有同他的门徒上船,乃是门徒自己去的。
Men, te gen lòt kannòt ki te soti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Seyè a te di Bondye mèsi a.
然而,有几只小船从提比里亚来,靠近主祝谢后分饼给人吃的地方。
Lè foul moun yo wè ni Jezi, ni disip li yo pa t' la, yo moute nan kannòt sa yo, y' al chache l' lavil Kapènawòm.
众人见耶稣和门徒都不在那里,就上了船,往迦百农去找耶稣。
Yo jwenn Jezi lòt bò lanmè a. Yo di li: Mèt, kilè ou gen tan rive isit la?
既在海那边找著了,就对他说:拉比,是几时到这里来的?
Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Se pa paske nou wè mirak mwen fè yo non kifè n'ap chache m' konsa. Se paske nou manje pen plen vant nou.
耶稣回答说:我实实在在的告诉你们,你们找我,并不是因见了神迹,乃是因吃饼得饱。
Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li.
不要为那必坏的食物劳力,要为那存到永生的食物劳力,就是人子要赐给你们的,因为人子是父 神所印证的。
Lè sa a, yo mande li: Kisa pou n' fè si nou vle fè travay Bondye?
众人问他说:我们当行什么,才算做 神的工呢?
Jezi reponn yo: Sèl travay Bondye mande nou pou n' fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a.
耶稣回答说:信 神所差来的,这就是做 神的工。
Yo di li: Ki mirak ou ka fè nou wè pou nou ka kwè nan ou? Kisa ou pral fè?
他们又说:你行什么神迹,叫我们看见就信你;你到底做什么事呢?
Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje.
我们的祖宗在旷野吃过吗哪,如经上写著说:他从天上赐下粮来给他们吃。
Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moyiz pa t' ban nou pen ki soti nan syèl la. Men, se Papa m' k'ap ban nou pen ki soti nan syèl tout bon an.
耶稣说:我实实在在的告诉你们,那从天上来的粮不是摩西赐给你们的,乃是我父将天上来的真粮赐给你们。
Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi.
因为 神的粮就是那从天上降下来、赐生命给世界的。
Yo di li: Mèt, toujou ban n' nan kalite pen sa a.
他们说:主啊,常将这粮赐给我们!
Jezi di yo: Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo.
耶稣说:我就是生命的粮。到我这里来的,必定不饿;信我的,永远不渴。
Men, mwen te di nou sa: nou wè m', men nou pa kwè toujou.
只是我对你们说过,你们已经看见我,还是不信。
Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.
凡父所赐给我的人必到我这里来;到我这里来的,我总不丢弃他。
Paske, se pa pou fè volonte pa m' mwen desann sot nan syèl la, men pou m' fè volonte moun ki voye m' lan.
因为我从天上降下来,不是要按自己的意思行,乃是要按那差我来者的意思行。
Men sa moun ki voye m' lan vle: li vle pou m' pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
差我来者的意思就是:他所赐给我的,叫我一个也不失落,在末日却叫他复活。
Men sa Papa m' vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
因为我父的意思是叫一切见子而信的人得永生,并且在末日我要叫他复活。
Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la.
犹太人因为耶稣说我是从天上降下来的粮,就私下议论他,
Yo t'ap di: Apa Jezi, pitit gason Jozèf la? Nou konn papa l' ak manman li. Ki jan li ka fè di koulye a li desann sot nan syèl la?
说:这不是约瑟的儿子耶稣么?他的父母我们岂不认得么?他如今怎么说我是从天上降下来的呢?
Jezi reponn yo: Nou pa bezwen ap bougonnen konsa.
耶稣回答说:你们不要大家议论。
Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
若不是差我来的父吸引人,就没有能到我这里来的;到我这里来的,在末日我要叫他复活。
Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l' moutre yo, y'ap vin jwenn mwen.
在先知书上写著说:他们都要蒙 神的教训。凡听见父之教训又学习的,就到我这里来。
Sa pa vle di gen pesonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki soti bò kote Bondye ye a.
这不是说有人看见过父;惟独从 神来的,他看见过父。
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an.
我实实在在的告诉你们,信的人有永生。
Se mwen menm pen ki bay lavi a.
我就是生命的粮。
Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, atousa yo mouri.
你们的祖宗在旷野吃过吗哪,还是死了。
Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri.
这是从天上降下来的粮,叫人吃了就不死。
Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi.
我是从天上降下来生命的粮;人若吃这粮,就必永远活著。我所要赐的粮就是我的肉,为世人之生命所赐的。
Pawòl sa yo fè jwif yo tonbe diskite yonn ak lòt. Yo t'ap mande: Kouman nonm sa a kapab ban nou kò l' pou n' manje?
因此,犹太人彼此争论说:这个人怎能把他的肉给我们吃呢?
Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou.
耶稣说:我实实在在的告诉你们,你们若不吃人子的肉,不喝人子的血,就没有生命在你们里面。
Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
吃我肉、喝我血的人就有永生,在末日我要叫他复活。
Paske kò m', se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon.
我的肉真是可吃的,我的血真是可喝的。
Moun ki manje kò m', ki bwè san m', y'ap fè yonn avè m', epi m'ap fè yonn avè yo tou.
吃我肉、喝我血的人常在我里面,我也常在他里面。
Papa ki voye m' lan, li vivan. Se li menm ki ban m' lavi. Konsa tou, moun ki manje m', m'a ba yo lavi.
永活的父怎样差我来,我又因父活著;照样,吃我肉的人也要因我活著。
Men pen ki desann sot nan syèl la. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a, paske pen yo a pa t' anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan.
这就是从天上降下来的粮。吃这粮的人就永远活著,不像你们的祖宗吃过吗哪还是死了。
Jezi te di pawòl sa yo antan l' te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay.
这些话是耶稣在迦百农会堂里教训人说的。
Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di: Pawòl sa a twò rèd. Ki moun ki ka pran li?
他的门徒中有好些人听见了,就说:这话甚难,谁能听呢?
Jezi te gen tan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: Sa ofiske nou, pa vre?
耶稣心里知道门徒为这话议论,就对他们说:这话是叫你们厌弃(原文是跌倒)吗?
Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l' te ye anvan an?
倘或你们看见人子升到他原来所在之处,怎么样呢?
Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi.
叫人活著的乃是灵,肉体是无益的。我对你们所说的话就是灵,就是生命。
Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l' la.)
只是你们中间有不信的人。耶稣从起头就知道谁不信他,谁要卖他。
Li di ankò: Se poutèt sa mwen te di nou: pesonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li.
耶稣又说:所以我对你们说过,若不是蒙我父的恩赐,没有人能到我这里来。
Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l' ankò.
从此,他门徒中多有退去的,不再和他同行。
Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo: Nou menm, nou pa vle ale tou?
耶稣就对那十二个门徒说:你们也要去吗?
Simon Pyè reponn li: Seyè, ki moun pou n' al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an.
西门彼得回答说:主啊,你有永生之道,我们还归从谁呢?
Koulye a nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a.
我们已经信了,又知道你是 神的圣者。
Jezi reponn yo: Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab.
耶稣说:我不是拣选了你们十二个门徒吗?但你们中间有一个是魔鬼。
Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskariòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki tapral trayi li.
耶稣这话是指著加略人西门的儿子犹大说的;他本是十二个门徒里的一个,后来要卖耶稣的。