John 5

Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm.
这事以后,到了犹太人的一个节期,耶稣就上耶路撒冷去。
Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li.
在耶路撒冷,靠近羊门有一个池子,希伯来话叫作毕士大,旁边有五个廊子;
Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi.
里面躺著瞎眼的、瘸腿的、血气枯干的许多病人。(有古卷在此有:等候水动;
Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen.
因为有天使按时下池子搅动那水,水动之后,谁先下去,无论害什么病就痊癒了。)
Te gen yon nonm la ki te malad depi trantwitan.
在那里有一个人,病了三十八年。
Jezi wè l' kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: Eske ou vle geri?
耶稣看见他躺著,知道他病了许久,就问他说:你要痊瘉吗?
Malad la reponn li: Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete m' nan basen an lè dlo a ap bouyi. Lè mwen fè sa pou m' ale, yon lòt gen tan desann anvan mwen.
病人回答说:先生,水动的时候,没有人把我放在池子里;我正去的时候,就有别人比我先下去。
Jezi di li: Leve non. Pran nat ou, mache ou ale.
耶稣对他说:起来,拿你的褥子走吧!
Menm lè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men, jou sa fèt la se te yon jou repo.
那人立刻痊癒,就拿起褥子来走了。
Jwif yo di nonm ki te geri a: Jòdi a se jou repo. Lalwa nou an pa pèmèt pou w'ap pote nat ou jòdi a.
那天是安息日,所以犹太人对那医好的人说:今天是安息日,你拿褥子是不可的。
Li reponn yo: Se moun ki geri m' lan wi ki di m' ranmase nat mwen, mache m' ale.
他却回答说:那使我痊癒的,对我说:拿你的褥子走吧。
Lè sa a, yo mande li: Kilès sa a ki di ou ranmase nat ou, mache ou ale a?
他们问他说:对你说拿褥子走的是什么人?
Men, nonm ki te geri a pa t' konnen ki moun li te ye, paske te sitèlman gen moun la, Jezi te gen tan pati al fè wout li.
那医好的人不知道是谁;因为那里的人多,耶稣已经躲开了。
Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: Koute non. Koulye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.
后来耶稣在殿里遇见他,对他说:你已经痊癒了,不要再犯罪,恐怕你遭遇的更加利害。
Nonm lan al di jwif yo se Jezi ki te geri li.
那人就去告诉犹太人,使他痊癒的是耶稣。
Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou repo.
所以犹太人逼迫耶稣,因为他在安息日做了这事。
Men, Jezi reponn yo: Se tout tan Papa m' ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay.
耶稣就对他们说:我父做事直到如今,我也做事。
Poutèt pawòl sa a, jwif yo t'ap chache pi rèd atò pou yo te touye l'. Li pa t' sèlman fè bagay ki kont lalwa repo a, men li te di yo Bondye se papa li. Lè l' di sa, li te fè tèt li pase pou menm moun ak Bondye.
所以犹太人越发想要杀他;因他不但犯了安息日,并且称 神为他的父,将自己和 神当作平等。
Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou.
耶稣对他们说:我实实在在的告诉你们,子凭著自己不能做什么,惟有看见父所做的,子才能做;父所做的事,子也照样做。
Papa a renmen Pitit la, li moutre l' tou sa li menm l'ap fè. Li gen pou l' moutre l' fè bagay ki pi estwòdenè pase sa. Lè sa a, nou p'ap manke sezi.
父爱子,将自己所做的一切事指给他看,还要将比这更大的事指给他看,叫你们希奇。
Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi.
父怎样叫死人起来,使他们活著,子也照样随自己的意思使人活著。
Papa a pa jije pesonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije.
父不审判什么人,乃将审判的事全交与子,
Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis.
叫人都尊敬子如同尊敬父一样。不尊敬子的,就是不尊敬差子来的父。
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
我实实在在的告诉你们,那听我话、又信差我来者的,就有永生;不至于定罪,是已经出死入生了。
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi.
我实实在在的告诉你们,时候将到,现在就是了,死人要听见 神儿子的声音,听见的人就要活了。
Papa a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou.
因为父怎样在自己有生命,就赐给他儿子也照样在自己有生命,
Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a.
并且因为他是人子,就赐给他行审判的权柄。
Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li,
你们不要把这事看作希奇。时候要到,凡在坟墓里的,都要听见他的声音,就出来;
yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.
行善的,复活得生;作恶的,复活定罪。
Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. M'ap jije dapre sa Bondye di mwen. Jijman mwen bon paske sa m'ap chache fè a se pa sa m' vle, men sa moun ki voye m' lan vle.
我凭著自己不能做什么,我怎么听见就怎么审判。我的审判也是公平的;因为我不求自己的意思,只求那差我来者的意思。
Si m' pale tèt mwen byen, moun pa ka asepte sa m'ap di a pou verite.
我若为自己作见证,我的见证就不真。
Men, se yon lòt k'ap pale byen sou mwen. Mwen konnen sa l'ap di sou mwen an, se verite.
另有一位给我作见证,我也知道他给我作的见证是真的。
Nou te voye moun bò kot Jan. Li te di nou verite a jan l' ye a.
你们曾差人到约翰那里,他为真理作过见证。
Mwen menm poutèt pa m', mwen pa bezwen pesonn pale pou mwen. Men, mwen di nou sa pou nou kapab sove.
其实,我所受的见证不是从人来的;然而,我说这些话,为要叫你们得救。
Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a.
约翰是点著的明灯,你们情愿暂时喜欢他的光。
Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè m' ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa m' ban m' fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen.
但我有比约翰更大的见证;因为父交给我要我成就的事,就是我所做的事,这便见证我是父所差来的。
Papa ki voye m' lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l', ni nou pa janm wè figi li.
差我来的父也为我作过见证。你们从来没有听见他的声音,也没有看见他的形像。
Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a.
你们并没有他的道存在心里;因为他所差来的,你们不信。
N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.
你们查考圣经(或作:应当查考圣经),因你们以为内中有永生;给我作见证的就是这经。
Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an.
然而,你们不肯到我这里来得生命。
Mwen p'ap chache lwanj nan men lèzòm.
我不受从人来的荣耀。
Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou.
但我知道,你们心里没有 神的爱。
Se Papa m' ki voye mwen. Men, nou pa vle resevwa mwen. Men, kite yon lòt moun vin pou kont li, n'ap resevwa li.
我奉我父的名来,你们并不接待我;若有别人奉自己的名来,你们倒要接待他。
Nou renmen resevwa lwanj yonn nan men lòt, nou pa chache lwanj ki soti nan men Bondye ki pa gen parèy la. Nan kondisyon sa a, ki jan pou nou kwè?
你们互相受荣耀,却不求从独一之 神来的荣耀,怎能信我呢?
Pa mete nan tèt nou mwen pral akize nou devan Papa mwen. Se Moyiz ki pral akize nou, Moyiz nou di ki tout espwa nou an.
不要想我在父面前要告你们;有一位告你们的,就是你们所仰赖的摩西。
Si nou te kwè tout bon nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen tou, paske li ekri sou mwen tou.
你们如果信摩西,也必信我,因为他书上有指著我写的话。
Men, nou pa kwè nan sa l' te ekri a. Ki jan pou n' ta fè kwè sa m'ap di nou an?
你们若不信他的书,怎能信我的话呢?