John 21

Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l' ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase:
这些事以后,耶稣在提比里亚海边又向门徒显现。他怎样显现记在下面:
Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo.
有西门彼得和称为低土马的多马,并加利利的迦拿人拿但业,还有西庇太的两个儿子,又有两个门徒,都在一处。
Simon Pyè di: Mwen pral lapèch. Yo di li: Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pa t' pran anyen.
西门彼得对他们说:我打鱼去。他们说:我们也和你同去。他们就出去,上了船;那一夜并没有打著什么。
Li te kòmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pa t' rekonèt si se te li menm.
天将亮的时候,耶稣站在岸上,门徒却不知道是耶稣。
Jezi di yo konsa: Mesye m' yo, èske nou pran pwason? Yo reponn li: Non, nou pa pran anyen.
耶稣就对他们说:小子!你们有吃的没有?他们回答说:没有。
Li di yo: Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pa t' kapab rale l' soti nan dlo a sitèlman li te plen pwason.
耶稣说:你们把网撒在船的右边,就必得著。他们便撒下网去,竟拉不上来了,因为鱼甚多。
Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a.
耶稣所爱的那门徒对彼得说:是主!那时西门彼得赤著身子,一听见是主,就束上一件外衣,跳在海里。
Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pa t' twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa.
其余的门徒离岸不远,约有二百肘(古代以肘为尺,一肘约有今时尺半),就在小船上把那网鱼拉过来。
Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou.
他们上了岸,就看见那里有炭火,上面有鱼,又有饼。
Jezi di yo: Pote kèk pwason nan sa nou fèk sot pran yo.
耶稣对他们说:把刚才打的鱼拿几条来。
Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire.
西门彼得就去(或作:上船),把网拉到岸上。那网满了大鱼,共一百五十三条;鱼虽这样多,网却没有破。
Jezi di yo: vin manje. Yo yonn nan disip yo pa t' gen kouraj mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Seyè a.
耶稣说:你们来吃早饭。门徒中没有一个敢问他:你是谁?因为知道是主。
Jezi pwoche bò kote yo, li pran pen, li ba yo. Li ba yo pwason tou.
耶稣就来拿饼和鱼给他们。
Sa te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l' depi l' te leve soti vivan nan lanmò.
耶稣从死里复活以后,向门徒显现,这是第三次。
Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo.
他们吃完了早饭,耶稣对西门彼得说:约翰(在太16:17称约拿)的儿子西门,你爱我比这些更深吗?彼得说:主啊,是的,你知道我爱你。耶稣对他说:你餵养我的小羊。
Li mande l' yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m' yo.
耶稣第二次又对他说:约翰的儿子西门,你爱我吗?彼得说:主啊,是的,你知道我爱你。耶稣说:你牧养我的羊。
Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.
第三次对他说:约翰的儿子西门,你爱我吗?彼得因为耶稣第三次对他说你爱我吗,就忧愁,对耶稣说:主啊,你是无所不知的;你知道我爱你。耶稣说:你餵养我的羊。
Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn ti gason, ou te konn mare sentiwon ou pou kont ou. Lè sa a, ou te konn ale kote ou te vle. Men, lè wa fin granmoun, wa lonje de bra ou konsa, se moun ki va mare sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle ale.
我实实在在的告诉你,你年少的时候,自己束上带子,随意往来;但年老的时候,你要伸出手来,别人要把你束上,带你到不愿意去的地方。
(Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè tapral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.) Apre sa, Jezi di li: Swiv mwen.
耶稣说这话是指著彼得要怎样死,荣耀 神。说了这话,就对他说:你跟从我吧!
Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Seyè, ki moun ki pral trayi ou la?
彼得转过来,看见耶稣所爱的那门徒跟著,就是在晚饭的时候,靠著耶稣胸膛说:主啊,卖你的是谁?的那门徒。
Se konsa, Pyè wè l' ap vini, li mande Jezi: Seyè, e nonm sa a, kisak pral rive li?
彼得看见他,就问耶稣说:主啊,这人将来如何?
Jezi reponn li: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen.
耶稣对他说:我若要他等到我来的时候,与你何干?你跟从我吧!
Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l' konsa: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou?
于是这话传在弟兄中间,说那门徒不死。其实,耶稣不是说他不死,乃是说:我若要他等到我来的时候,与你何干?
Se menm disip sa a k'ap rapòte tout bagay sa yo. Se li menm ki ekri yo. Nou konnen sa l'ap di a se verite.
为这些事作见证,并且记载这些事的就是这门徒;我们也知道他的见证是真的。
Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yon moun ta pran ekri liv pou rakonte yo tout, yonn apre lòt, mwen pa kwè ta gen plas sou latè pou mete liv sa yo.
耶稣所行的事还有许多,若是一一的都写出来,我想,所写的书就是世界也容不下了。