John 18

Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, li al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo.
耶稣说了这话,就同门徒出去,过了汲沦溪。在那里有一个园子,他和门徒进去了。
Jida, nonm ki te gen pou trayi l' la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo.
卖耶稣的犹大也知道那地方,因为耶稣和门徒屡次上那里去聚集。
Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen.
犹大领了一队兵,和祭司长并法利赛人的差役,拿著灯笼、火把、兵器,就来到园里。
Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l' la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n'ap chache?
耶稣知道将要临到自己的一切事,就出来对他们说:你们找谁?
Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo.
他们回答说:找拿撒勒人耶稣。耶稣说:我就是。卖他的犹大也同他们站在那里。
Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè.
耶稣一说我就是,他们就退后倒在地上。
Lè sa a, Jezi mande yo ankò: Ki moun n'ap chache? Yo di l': Jezi, nonm Nazarèt la.
他又问他们说:你们找谁?他们说:找拿撒勒人耶稣。
Jezi reponn yo: Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo.
耶稣说:我已经告诉你们,我就是。你们若找我,就让这些人去吧。
Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi.
这要应验耶稣从前的话,说:你所赐给我的人,我没有失落一个。
Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l', li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.)
西门彼得带著一把刀,就拔出来,将大祭司的仆人砍了一刀,削掉他的右耳;那仆人名叫马勒古。
Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwè gode soufrans Papa a ban m' bwè a?
耶稣就对彼得说:收刀入鞘吧,我父所给我的那杯,我岂可不喝呢?
Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.
那队兵和千夫长,并犹太人的差役就拿住耶稣,把他捆绑了,
Premye kote yo mennen l', se kay An. An te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a.
先带到亚那面前,因为亚那是本年作大祭司该亚法的岳父。
Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la!
这该亚法就是从前向犹太人发议论说一个人替百姓死是有益的那位。
Simon Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la.
西门彼得跟著耶稣,还有一个门徒跟著。那门徒是大祭司所认识的,他就同耶稣进了大祭司的院子。
Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre.
彼得却站在门外。大祭司所认识的那个门徒出来,和看门的使女说了一声,就领彼得进去。
Sèvant ki t'ap veye pòt la di Pyè konsa: Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyè reponn li: Non. Mwen pa disip nonm sa a.
那看门的使女对彼得说:你不也是这人的门徒吗?他说:我不是。
Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l' tou.
仆人和差役因为天冷,就生了炭火,站在那里烤火;彼得也同他们站著烤火。
Granprèt la poze Jezi keksyon sou disip li yo ak sou sa l' t'ap moutre yo.
大祭司就以耶稣的门徒和他的教训盘问他。
Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt.
耶稣回答说:我从来是明明的对世人说话。我常在会堂和殿里,就是犹太人聚集的地方教训人;我在暗地里并没有说什么。
Poukisa w'ap keksyonnen m' konsa? Mande moun ki te tande m' yo sa m' te di yo. Yo menm yo konnen sa m' te di.
你为什么问我呢?可以问那听见的人,我对他们说的是什么;我所说的,他们都知道。
Antan Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l' ba l' yon souflèt. Li di li: Se konsa w'ap reponn granprèt la?
耶稣说了这话,旁边站著的一个差役用手掌打他,说:你这样回答大祭司吗?
Jezi reponn li: Si m' pale mal, moutre moun yo sa m' di ki mal la a. Men, si m' pale byen, poukisa ou frape mwen?
耶稣说:我若说的不是,你可以指证那不是;我若说的是,你为什么打我呢?
Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la.
亚那就把耶稣解到大祭司该亚法那里,仍是捆著解去的。
Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyè demanti sa, li di: Non. Mwen pa disip nonm sa a.
西门彼得正站著烤火,有人对他说:你不也是他的门徒吗?彼得不承认,说:我不是。
Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa: Eske mwen pa t' wè ou nan jaden an avè li?
有大祭司的一个仆人,是彼得削掉耳朵那人的亲属,说:我不是看见你同他在园子里吗?
Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante.
彼得又不承认。立时鸡就叫了。
Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.
众人将耶稣从该亚法那里往衙门内解去,那时天还早。他们自己却不进衙门,恐怕染了污秽,不能吃逾越节的筵席。
Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè?
彼拉多就出来,到他们那里,说:你们告这人是为什么事呢?
Yo reponn li: Si nonm sa a pa t' yon malfektè, nou pa ta mennen l' ba ou.
他们回答说:这人若不是作恶的,我们就不把他交给你。
Pilat di yo: Poukisa nou pa pran l' nou menm, pou nou jije l' dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: Nou pa gen dwa touye pesonn.
彼拉多说:你们自己带他去,按著你们的律法审问他吧。犹太人说:我们没有杀人的权柄。
Se konsa pawòl Jezi te di lè l' t'ap fè konnen jan l' tapral mouri a, tapral rive vre.
这要应验耶稣所说自己将要怎样死的话了。
Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye?
彼拉多又进了衙门,叫耶稣来,对他说:你是犹太人的王吗?
Jezi reponn li: Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon èske se lòt moun ki di ou sa?
耶稣回答说:这话是你自己说的,还是别人论我对你说的呢?
Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè?
彼拉多说:我岂是犹太人呢?你本国的人和祭司长把你交给我。你做了什么事呢?
Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè.
耶稣回答说:我的国不属这世界;我的国若属这世界,我的臣仆必要争战,使我不至于被交给犹太人。只是我的国不属这世界。
Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.
彼拉多就对他说:这样,你是王吗?耶稣回答说:你说我是王。我为此而生,也为此来到世间,特为给真理作见证。凡属真理的人就听我的话。
Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lè l' fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m' kondannen nonm sa a.
彼拉多说:真理是什么呢?说了这话,又出来到犹太人那里,对他们说:我查不出他有什么罪来。
Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fèt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m' lage wa jwif yo ban nou?
但你们有个规矩,在逾越节要我给你们释放一个人,你们要我给你们释放犹太人的王吗?
Lè sa a, yo tout pran rele: Non. Nou pa vle li. Se Barabas nou vle! Barabas sa a te yon bandi.
他们又喊著说:不要这人,要巴拉巴!这巴拉巴是个强盗。