John 16

Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive.
我已将这些事告诉你们,使你们不至于跌倒。
Y'a mete nou deyò nan sinagòg yo. Yon lè, moun k'ap touye nou yo va met nan tèt yo se sèvis y'ap rann Bondye lè yo fè sa.
人要把你们赶出会堂,并且时候将到,凡杀你们的就以为是事奉 神。
Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm.
他们这样行,是因未曾认识父,也未曾认识我。
Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. Mwen pa t' di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou.
我将这事告诉你们,是叫你们到了时候可以想起我对你们说过了。我起先没有将这事告诉你们,因为我与你们同在。
Men koulye a, mwen pral jwenn moun ki te voye m' lan, epi nou yonn pa mande m' kote m' prale?
现今我往差我来的父那里去,你们中间并没有人问我:你往那里去?
Men, paske mwen pale konsa ak nou, kè nou kase.
只因我将这事告诉你们,你们就满心忧愁。
Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lè m' ale, m'a voye l' ban nou.
然而,我将真情告诉你们,我去是与你们有益的;我若不去,保惠师就不到你们这里来;我若去,就差他来。
Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye.
他既来了,就要叫世人为罪、为义、为审判,自己责备自己。
Yo nan lerè sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen.
为罪,是因他们不信我;
Yo nan lerè sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m' ankò.
为义,是因我往父那里去,你们就不再见我;
Yo nan lerè sou keksyon jijman Bondye a, paske chèf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja.
为审判,是因这世界的王受了审判。
Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m' di nou, men nou pa ka konprann yo koulye a.
我还有好些事要告诉你们,但你们现在担当不了(或作:不能领会)。
Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
只等真理的圣灵来了,他要引导你们明白(原文作进入)一切的真理;因为他不是凭自己说的,乃是把他所听见的都说出来,并要把将来的事告诉你们。
Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo.
他要荣耀我,因为他要将受于我的告诉你们。
Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo.
凡父所有的,都是我的;所以我说,他要将受于我的告诉你们。
Talè konsa nou p'ap wè m'; talè konsa n'a wè m' ankò.
等不多时,你们就不得见我;再等不多时,你们还要见我。
Kèk disip li yo pran pale, yonn t'ap di lòt: Sa sa vle di sa l'ap di nou la a: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa n'a wè m' ankò? Sa l' vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a?
有几个门徒就彼此说:他对我们说:等不多时,你们就不得见我;再等不多时,你们还要见我;又说:因我往父那里去。这是什么意思呢?
Kisa sa vle di menm: Talè konsa? Nou pa konprann sa l' vle di.
门徒彼此说:他说等不多时到底是什么意思呢?我们不明白他所说的话。
Jezi menm te konnen yo te vle poze l' keksyon. Li di yo: Mwen di nou: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa tou n'a wè m' ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt keksyon an?
耶稣看出他们要问他,就说:我说等不多时,你们就不得见我;再等不多时,你们还要见我,你们为这话彼此相问吗?
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan.
我实实在在的告诉你们,你们将要痛哭、哀号,世人倒要喜乐;你们将要忧愁,然而你们的忧愁要变为喜乐。
Lè yon fanm gen tranche, kè l' sere, paske lè a rive pou l' soufri. Men, lè pitit la fin fèt, li bliye tout soufrans li yo tèlman li kontan dapre yon lòt timoun vin sou latè.
妇人生产的时候就忧愁,因为她的时候到了;既生了孩子,就不再记念那苦楚,因为欢喜世上生了一个人。
Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m' wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pesonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou.
你们现在也是忧愁,但我要再见你们,你们的心就喜乐了;这喜乐也没有人能夺去。
Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li.
到那日,你们什么也就不问我了。我实实在在的告诉你们,你们若向父求什么,他必因我的名赐给你们。
Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.
向来你们没有奉我的名求什么,如今你们求,就必得著,叫你们的喜乐可以满足。
Mwen di nou tou sa an parabòl. Yon lè, mwen p'ap bezwen pale an parabòl ak nou ankò, men m'ap pale nou kareman sou Papa a.
这些事,我是用比喻对你们说的;时候将到,我不再用比喻对你们说,乃要将父明明的告诉你们。
Jou sa a, n'a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m'ap lapriyè Papa a pou nou,
到那日,你们要奉我的名祈求;我并不对你们说,我要为你们求父。
paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m', paske nou kwè mwen soti nan Papa a.
父自己爱你们;因为你们已经爱我,又信我是从父出来的。
Mwen soti nan Papa a, mwen vin sou latè. Koulye a, m'ap wete kò m' sou latè a, mwen pral jwenn Papa a.
我从父出来,到了世界;我又离开世界,往父那里去。
Disip yo di li: Se koulye a w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl.
门徒说:如今你是明说,并不用比喻了。
Koulye a nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pesonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou soti nan Bondye.
现在我们晓得你凡事都知道,也不用人问你,因此我们信你是从 神出来的。
Jezi reponn yo: Nou sèten nou kwè koulye a?
耶稣说:现在你们信吗?
Gade, lè a ap rive, li rive deja, kote nou pral gaye, chak moun pral kouri bò pa yo: nou pral kite m' pou kont mwen. Men, mwen pa pou kont mwen, paske Papa a la avèk mwen.
看哪,时候将到,且是已经到了,你们要分散,各归自己的地方去,留下我独自一人;其实我不是独自一人,因为有父与我同在。
Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.
我将这些事告诉你们,是要叫你们在我里面有平安。在世上,你们有苦难;但你们可以放心,我已经胜了世界。