John 14

Jezi di yo: Pa kite bagay sa yo toumante nou. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou.
你们心里不要忧愁;你们信 神,也当信我。
Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa.
在我父的家里有许多住处;若是没有,我就早已告诉你们了。我去原是为你们预备地方去。
Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.
我若去为你们预备了地方,就必再来接你们到我那里去,我在那里,叫你们也在那里。
Nou konnen chemen ki mennen kote m' prale a.
我往那里去,你们知道;那条路,你们也知道(有古卷作:我往那里去,你们知道那条路)。
Toma di li: Seyè, nou pa konnen kote ou prale a. Ki jan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n' pran an?
多马对他说:主啊,我们不知道你往那里去,怎么知道那条路呢?
Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
耶稣说:我就是道路、真理、生命;若不借著我,没有人能到父那里去。
Si nou konnen m', n'a konn Papa m' tou. Men, depi koulye a nou konnen l', nou wè l' tou.
你们若认识我,也就认识我的父。从今以后,你们认识他,并且已经看见他。
Filip di l' konsa: Seyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen.
腓力对他说:求主将父显给我们看,我们就知足了。
Jezi reponn li: Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m' toujou? Moun ki wè m', li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m' Papa a?
耶稣对他说:腓力,我与你们同在这样长久,你还不认识我么?人看见了我,就是看见了父;你怎么说将父显给我们看呢?
Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo soti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.
我在父里面,父在我里面,你不信吗?我对你们所说的话,不是凭著自己说的,乃是住在我里面的父做他自己的事。
Se pou nou kwè m' lè m' di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a.
你们当信我,我在父里面,父在我里面;即或不信,也当因我所做的事信我。
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l' fè tou sa m'ap fè a. La menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a.
我实实在在的告诉你们,我所做的事,信我的人也要做,并且要做比这更大的事,因为我往父那里去。
Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a.
你们奉我的名无论求什么,我必成就,叫父因儿子得荣耀。
(Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.)
你们若奉我的名求什么,我必成就。
Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.
你们若爱我,就必遵守我的命令。
M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a.
我要求父,父就另外赐给你们一位保惠师(或作:训慰师;下同),叫他永远与你们同在,
Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou.
就是真理的圣灵,乃世人不能接受的;因为不见他,也不认识他。你们却认识他,因他常与你们同在,也要在你们里面。
Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.
我不撇下你们为孤儿,我必到你们这里来。
Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.
还有不多的时候,世人不再看见我,你们却看见我;因为我活著,你们也要活著。
Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.
到那日,你们就知道我在父里面,你们在我里面,我也在你们里面。
Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen.
有了我的命令又遵守的,这人就是爱我的;爱我的必蒙我父爱他,我也要爱他,并且要向他显现。
Jid (se pa Jida Iskariòt la non) di l' konsa: Seyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?
犹大(不是加略人犹大)问耶稣说:主啊,为什么要向我们显现,不向世人显现呢?
Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li.
耶稣回答说:人若爱我,就必遵守我的道;我父也必爱他,并且我们要到他那里去,与他同住。
Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti.
不爱我的人就不遵守我的道。你们所听见的道不是我的,乃是差我来之父的道。
Mwen di nou tou sa antan m' la ankò avèk nou.
我还与你们同住的时候,已将这些话对你们说了。
Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.
但保惠师,就是父因我的名所要差来的圣灵,他要将一切的事指教你们,并且要叫你们想起我对你们所说的一切话。
M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.
我留下平安给你们;我将我的平安赐给你们。我所赐的,不像世人所赐的。你们心里不要忧愁,也不要胆怯。
Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.
你们听见我对你们说了,我去还要到你们这里来。你们若爱我,因我到父那里去,就必喜乐,因为父是比我大的。
Mwen tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè.
现在事情还没有成就,我预先告诉你们,叫你们到事情成就的时候就可以信。
Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen.
以后我不再和你们多说话,因为这世界的王将到。他在我里面是毫无所有;
Men, se pou tout moun sou latè konnen mwen renmen Papa m'. Wi, fòk yo konnen m'ap fè sa Papa m' te ban m' lòd fè a. Leve non. Ann sot isit la.
但要叫世人知道我爱父,并且父怎样吩咐我,我就怎样行。起来,我们走吧!