John 10

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè.
我实实在在的告诉你们,人进羊圈,不从门进去,倒从别处爬进去,那人就是贼,就是强盗。
Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye.
从门进去的,才是羊的牧人。
Moun k'ap veye pòt la louvri l' pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l' yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò.
看门的就给他开门;羊也听他的声音。他按著名叫自己的羊,把羊领出来。
Lè li fin fè yo tout soti, li mache devan yo; tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li.
既放出自己的羊来,就在前头走,羊也跟著他,因为认得他的声音。
Men, yo p'ap swiv yon moun yo pa konnen. Okontrè, y'ap kouri byen lwen pou li paske yo pa rekonèt vwa li.
羊不跟著生人;因为不认得他的声音。必要逃跑。
Jezi di yo parabòl sa a, men yo pa t' konprann sa l' te vle di yo.
耶稣将这比喻告诉他们,但他们不明白所说的是什么意思。
Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo.
所以,耶稣又对他们说:我实实在在的告诉你们,我就是羊的门。
Tout moun ki te vin anvan m' yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pa t' koute yo.
凡在我以先来的都是贼,是强盗;羊却不听他们。
Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, la sove. La antre, la soti, la jwenn manje pou l' manje.
我就是门;凡从我进来的,必然得救,并且出入得草吃。
Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l' an kantite.
盗贼来,无非要偷窃,杀害,毁坏;我来了,是要叫羊(或作:人)得生命,并且得的更丰盛。
Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo.
我是好牧人;好牧人为羊舍命。
Yon nonm k'ap fè yon djòb, se pa yon gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè l' wè bèt nan bwa ap vini, li kouri kite mouton yo, li met deyò. Lèkonsa, bèt nan bwa a pran mouton yo pote ale, li gaye yo.
若是雇工,不是牧人,羊也不是他自己的,他看见狼来,就撇下羊逃走;狼抓住羊,赶散了羊群。
Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l' ak mouton yo?
雇工逃走,因他是雇工,并不顾念羊。
-(we vèsè pwochen)
我是好牧人;我认识我的羊,我的羊也认识我,
Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen.
正如父认识我,我也认识父一样;并且我为羊舍命。
Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.
我另外有羊,不是这圈里的;我必须领他们来,他们也要听我的声音,并且要合成一群,归一个牧人了。
Papa a renmen m', paske m'ap bay lavi m' pou m' ka resevwa l' ankò.
我父爱我;因我将命舍去,好再取回来。
Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè.
没有人夺我的命去,是我自己舍的。我有权柄舍了,也有权柄取回来。这是我从我父所受的命令。
Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo.
犹太人为这些话又起了纷争。
Anpil jwif t'ap di: Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sa n' bezwen pèdi tan n' ap koute yon nonm konsa fè?
内中有好些人说:他是被鬼附著,而且疯了,为什么听他呢?
Gen lòt ki t'ap di: Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg?
又有人说:这不是鬼附之人所说的话。鬼岂能叫瞎子的眼睛开了呢?
Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm.
在耶路撒冷有修殿节,是冬天的时候。
Jezi t'ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan.
耶稣在殿里所罗门的廊下行走。
Jwif yo sanble bò kote l', yo di l' konsa: Kilè wa wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare.
犹太人围著他,说:你叫我们犹疑不定到几时呢?你若是基督,就明明的告诉我们。
Jezi reponn yo: Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m' m'ap fè yo. Yo pale pou mwen.
耶稣回答说:我已经告诉你们,你们不信。我奉我父之名所行的事可以为我作见证;
Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo.
只是你们不信,因为你们不是我的羊。
Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.
我的羊听我的声音,我也认识他们,他们也跟著我。
Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.
我又赐给他们永生;他们永不灭亡,谁也不能从我手里把他们夺去。
Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.
我父把羊赐给我,他比万有都大,谁也不能从我父手里把他们夺去。
Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.
我与父原为一。
Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen li.
犹太人又拿起石头来要打他。
Lè sa a, Jezi di yo: Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m' pou kilès ladan yo nou vle touye m' ak kout wòch la?
耶稣对他们说:我从父显出许多善事给你们看,你们是为那一件拿石头打我呢?
Jwif yo reponn li: Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye.
犹太人回答说:我们不是为善事拿石头打你,是为你说僭妄的话;又为你是个人,反将自己当作 神。
Jezi reponn yo: Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye.
耶稣说:你们的律法上岂不是写著我曾说你们是神吗?
Nou konnen sa Liv la di, li di l' nèt. Tout moun ki resevwa pawòl Bondye, se bondye yo ye.
经上的话是不能废的;若那些承受 神道的人尚且称为神,
Mwen menm menm, se Bondye ki te mete m' apa pou li, se li ki voye m' sou latè. Ki jan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè m' di se pitit Bondye mwen ye?
父所分别为圣、又差到世间来的,他自称是 神的儿子,你们还向他说你说僭妄的话吗?
Si m' pa fè travay Papa m' ban m' fè a, nou pa bezwen kwè mwen.
我若不行我父的事,你们就不必信我;
Men, si mwen fè l', menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwens kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a.
我若行了,你们纵然不信我,也当信这些事,叫你们又知道又明白父在我里面,我也在父里面。
Yo t'ap chache ankò pou yo te arete l', men li chape anba men yo.
他们又要拿他,他却逃出他们的手走了。
Jezi tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la.
耶稣又往约旦河外去,到了约翰起初施洗的地方,就住在那里。
Anpil moun te vin jwenn li. Yo t'ap di: Jan pa t' fè okenn mirak, men tou sa li te di nou sou nonm sa a, se te vre wi.
有许多人来到他那里。他们说:约翰一件神迹没有行过,但约翰指著这人所说的一切话都是真的。
Anpil moun la te kwè nan Jezi.
在那里,信耶稣的人就多了。