Job 37

Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache.
因此我心战兢,从原处移动。
Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde!
听啊, 神轰轰的声音是他口中所发的响声。
Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè.
他发响声震遍天下,发电光闪到地极。
Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw.
随后人听见有雷声轰轰,大发威严,雷电接连不断。
Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.
 神发出奇妙的雷声;他行大事,我们不能测透。
Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe.
他对雪说:要降在地上;对大雨和暴雨也是这样说。
Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l'.
他封住各人的手,叫所造的万人都晓得他的作为。
Tout bèt antre nan twou. Y' al kache kò yo nan nich.
百兽进入穴中,卧在洞内。
Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò.
暴风出于南宫;寒冷出于北方。
Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas.
 神嘘气成冰;宽阔之水也都凝结。
Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen.
他使密云盛满水气,布散电光之云;
Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.
这云是借他的指引游行旋转,得以在全地面上行他一切所吩咐的,
Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou.
或为责罚,或为润地,或为施行慈爱。
Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m' pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen.
约伯啊,你要留心听,要站立思想 神奇妙的作为。
Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nwaj yo?
 神如何吩咐这些,如何使云中的电光照耀,你知道吗?
Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l' fòk ou gen anpil ladrès.
云彩如何浮于空中,那知识全备者奇妙的作为,你知道吗?
Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou.
南风使地寂静,你的衣服就如火热,你知道吗?
Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè?
你岂能与 神同铺穹苍吗?这穹苍坚硬,如同铸成的镜子。
Fè m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'.
我们愚昧不能陈说;请你指教我们该对他说什么话。
Mwen pa mande pou m' pale ak Bondye. Poukisa pou m' ba li okazyon pou li touye m'?
人岂可说:我愿与他说话?岂有人自愿灭亡吗?
Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò.
现在有云遮蔽,人不得见穹苍的光亮;但风吹过,天又发晴。
Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.
金光出于北方,在 神那里有可怕的威严。
Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.
论到全能者,我们不能测度;他大有能力,有公平和大义,必不苦待人。
Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.
所以,人敬畏他;凡自以为心中有智慧的人,他都不顾念。