Job 27

Jòb pran lapawòl ankò pou l' bay rès repons li a. Li di konsa:
约伯接著说:
-Mwen fè sèman, mwen pran Bondye vivan an pou temwen, Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki refize rann mwen jistis la, li menm ki ban m' degoutans ak lavi a,
 神夺去我的理,全能者使我心中愁苦。我指著永生的 神起誓:
toutotan mwen poko mouri, toutotan Bondye ban m' yon ti souf toujou,
我的生命尚在我里面; 神所赐呼吸之气仍在我的鼻孔内。
mwen p'ap janm kite ankenn move pawòl soti nan bouch mwen, ni m' p'ap janm bay ankenn manti.
我的嘴决不说非义之言;我的舌也不说诡诈之语。
Pa janm konprann m'ap ban nou rezon! M'ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen.
我断不以你们为是;我至死必不以自己为不正!
Mwen soti pou m' defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m' anyen. M' pa gen anyen ki pou fè m' wont.
我持定我的义,必不放松;在世的日子,我心必不责备我。
Se pou tout moun ki pa vle wè m' yo sibi menm sò ak mechan yo. Se pou lènmi m' yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo.
愿我的仇敌如恶人一样;愿那起来攻击我的,如不义之人一般。
Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l', lè li pral pran nanm li?
不敬虔的人虽然得利, 神夺取其命的时候还有什么指望呢?
Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo?
患难临到他, 神岂能听他的呼求?
Li pa t' janm pran plezi l' nan fè volonte Bondye. Li pa t' lapriyè Bondye tout tan.
他岂以全能者为乐,随时求告 神呢?
Kite m' moutre nou jan Bondye konnen sa l'ap fè. Mwen p'ap kache di nou sa ki nan tèt Bondye ki gen tout pouvwa a.
 神的作为,我要指教你们;全能者所行的,我也不隐瞒。
Sa m'ap di la a? Nou wè tou sa ak je nou byen pwòp tou. Poukisa atò tout pale anpil sa a ki pa vle di anyen?
你们自己也都见过,为何全然变为虚妄呢?
Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di: -Men kisa Bondye pare pou mechan yo. Men sa li sere pou chèf k'ap peze pèp la.
 神为恶人所定的分,强暴人从全能者所得的报(原文是产业)乃是这样:
Yo te mèt gen anpil pitit gason, yo tout ap mouri nan lagè. Pitit yo p'ap janm gen kont manje pou yo manje.
倘或他的儿女增多,还是被刀所杀;他的子孙必不得饱食。
Sa ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale. Ata vèv yo p'ap ka rele pou yo jou lanmò yo.
他所遗留的人必死而埋葬;他的寡妇也不哀哭。
Mechan an te mèt anpile lajan kou l' pa konnen, li te mèt gen rad depase sa l' bezwen,
他虽积蓄银子如尘沙,预备衣服如泥土;
se moun dwat yo ki va mete rad yo, se pou moun inonsan yo lajan an va rete.
他只管预备,义人却要穿上;他的银子,无辜的人要分取。
Kay li bati tankou twal anasi, tankou yon ti kay jaden.
他建造房屋如虫做窝,又如守望者所搭的棚。
Nan aswè, li moute kabann li rich. Lè li leve, li pa jwenn anyen.
他虽富足躺卧,却不得收殓,转眼之间就不在了。
Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale.
惊恐如波涛将他追上;暴风在夜间将他刮去。
Yon van lès leve, li pote l' ale. Li rache l' nan kay kote l' ye a.
东风把他飘去,又刮他离开本处。
Van an ap vante sou li san pitye. Li menm l'ap fè sa li kapab pou l' chape anba l'.
 神要向他射箭,并不留情;他恨不得逃脱 神的手。
Moun kontan wè jan li fini. Kote l' pase, y'ap rele chalbari dèyè l'.
人要向他拍掌,并要发叱声,使他离开本处。