Job 2

Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo.
又有一天, 神的众子来侍立在耶和华面前,撒但也来在其中。
Seyè a mande l': -Kote ou soti? Satan reponn: -Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade.
耶和华问撒但说:「你从哪里来?」撒但回答说:「我从地上走来走去,往返而来。」
Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'.
耶和华问撒但说:「你曾用心察看我的仆人约伯没有?地上再没有人像他完全正直,敬畏 神,远离恶事。你虽激动我攻击他,无故地毁灭他,他仍然持守他的纯正。」
Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri.
撒但回答耶和华说:「人以皮代皮,情愿舍去一切所有的,保全性命。
Men, si ou manyen kò pa l' menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pa t' dwe di sou ou nan figi ou.
你且伸手伤他的骨头和他的肉,他必当面弃掉你。」
Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen.
耶和华对撒但说:「他在你手中,只要存留他的性命。」
Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.
于是撒但从耶和华面前退去,击打约伯,使他从脚掌到头顶长毒疮。
Lè sa a, Jòb soti, li al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l'.
约伯就坐在炉灰中,拿瓦片刮身体。
Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini!
他的妻子对他说:「你仍然持守你的纯正吗?你弃掉 神,死了吧!」
Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.
约伯却对她说:「你说话像愚顽的妇一样。嗳!难道我们从 神手里得福,不也受祸吗?」在这一切的事上约伯并不以口犯罪。
Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj.
约伯的三个朋友─提幔人以利法、书亚人比勒达、拿玛人琐法─听说有这一切的灾祸临到他身上,各人就从本处约会同来,为他悲伤,安慰他。
Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.
他们远远地举目观看,认不出他来,就放声大哭。各人撕裂外袍,把尘土向天扬起来,落在自己的头上。
Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.
他们就同他七天七夜坐在地上,一个人也不向他说句话,因为他极其痛苦。