Jeremiah 50

Men mesaj Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi sou lavil Babilòn ak sou tout moun peyi a:
耶和华借先知耶利米论巴比伦和迦勒底人之地所说的话。
-Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l'. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.
你们要在万国中传扬报告,竖立大旗;要报告,不可隐瞒,说:巴比伦被攻取,彼勒蒙羞,米罗达惊惶。巴比伦的神像都蒙羞;她的偶像都惊惶。
Paske yon nasyon ap soti nan nò, l'ap mache pran peyi a, l'ap fè l' tounen yon dezè. p'ap gen pesonn ladan l'. Bèt kou moun ap kouri met deyò.
「因有一国从北方上来攻击她,使她的地荒凉,无人居住,连人带牲畜都逃走了。」
Men sa Seyè a di ankò: -Jou sa yo, lè sa a, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo ap vini ansanm. Y'ap mache, y'ap kriye, y'ap chache Seyè a, Bondye yo a.
耶和华说:「当那日子、那时候,以色列人要和犹大人同来,随走随哭,寻求耶和华─他们的 神。
Y'ap mande chemen pou y' al mòn Siyon, y'ap pran chemen an ale. Yo pral siyen yon kontra ak Seyè a, yon kontra k'ap la pou tout tan, yon kontra yo p'ap janm bliye.
他们必访问锡安,又面向这里,说:『来吧,你们要与耶和华联合为永远不忘的约。』」
Pèp mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo.
「我的百姓作了迷失的羊,牧人使他们走差路,使他们转到山上。他们从大山走到小山,竟忘了安歇之处。
Tout moun ki jwenn yo sou wout yo tonbe sou yo. Lè konsa lènmi yo di: Se pa fòt nou! Se yo menm ki fè peche kont Seyè a ki te ka rann yo jistis, kont Seyè a ki te tout espwa zansèt yo.
凡遇见他们的,就把他们吞灭。敌人说:『我们没有罪;因他们得罪那作公义居所的耶和华,就是他们列祖所仰望的耶和华。』
Nou menm pèp Izrayèl la, kouri kite lavil Babilòn! Mete deyò nan peyi moun Kalde yo! Se nou menm ki pou pati an premye kite peyi a.
「我民哪,你们要从巴比伦中逃走,从迦勒底人之地出去,要像羊群前面走的公山羊。
Mwen pral leve yon bann gwo nasyon bò nan nò, mwen pral fè yo mache pran lavil Babilòn. Yo pral pran pozisyon pou yo goumen avè l', yo pral kraze l'. Sòlda yo, se moun ki gen anpil ladrès nan sèvi ak banza, yo pa janm manke sa y'ap vize a.
因我必激动联合的大国从北方上来攻击巴比伦,他们要摆阵攻击她;他必从那里被攻取。他们的箭好像善射之勇士的箭,一枝也不徒然返回。
Y'ap piye lavil Babilòn. Wi, tout moun k'ap piye l' yo ap pran pot ale jouk yo pa konn kote pou yo mete ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
迦勒底必成为掠物;凡掳掠她的都必心满意足。这是耶和华说的。」
Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Babilòn ki t' al piye pèp ki rele m' pa m' lan, nou te kontan, nou t'ap fè fèt, nou t'ap sote ponpe tankou ti gazèl lage nan savann, nou t'ap ranni tankou jenn poulen.
抢夺我产业的啊,你们因欢喜快乐,且像踹谷撒欢的母牛犊,又像发嘶声的壮马。
Men, peyi nou an, lavil kote nou moun lan, pral wont. Yo pral trennen yo nan labou. Nan tout nasyon yo, Babilòn pral dèyè nèt. L'ap tounen yon dezè, san dlo, san yon pyebwa.
你们的母巴比伦就极其抱愧,生你们的必然蒙羞。她要列在诸国之末,成为旷野、旱地、沙漠。
Paske Seyè a pral move sou li. p'ap gen pesonn rete nan lavil Babilòn lan. Tout kay li yo ap tounen mazi. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'a mete men nan tèt lè y'a wè tout sa ki rive l'.
因耶和华的忿怒,必无人居住,要全然荒凉。凡经过巴比伦的要受惊骇,又因她所遭的灾殃嗤笑。
Nou menm ki sèvi ak banza, ranje kò nou, sènen lavil Babilòn. Tire sou li! Voye tout flèch nou yo sou li, paske li fè peche kont Seyè a.
所有拉弓的,你们要在巴比伦的四围摆阵,射箭攻击她。不要爱惜箭枝,因她得罪了耶和华。
Nou tout ki sènen l' yo, rele byen fò, mache pran li! Lavil Babilòn rann tèt li. Miray li yo tonbe, gwo poto l' yo atè. Se konsa m'ap tire revanj mwen. Tire revanj nou sou li. Fè l' pase sa li te fè nou pase a.
你们要在她四围呐喊;她已经投降。外郭坍塌了,城墙拆毁了,因为这是耶和华报仇的事。你们要向巴比伦报仇;她怎样待人,也要怎样待她。
Pa kite pesonn pou plante jaden! Pa kite pesonn pou ranmase lè sezon rekòt rive! Lè lagè a va pete, tout moun lòt nasyon yo va chache chemen pa yo, y'a kouri met deyò al lakay yo.
你们要将巴比伦撒种的和收割时拿镰刀的都剪除了。他们各人因怕欺压的刀剑,必归回本族,逃到本土。
Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la te tankou mouton ki pèdi bann yo. Lyon gaye yo nan tout raje. Premye moun ki mete men sou yo se te wa peyi Lasiri a. Apre sa, se te Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, ki te kraze tout zo yo.
「以色列是打散的羊,是被狮子赶出的。首先是亚述王将他吞灭,末后是巴比伦王尼布甲尼撒将他的骨头折断。」
Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Mwen pral regle wa Babilòn lan ansanm ak tout peyi li a, menm jan mwen te regle wa peyi Lasiri a.
所以万军之耶和华─以色列的 神如此说:「我必罚巴比伦王和他的地,像我从前罚亚述王一样。
Apre sa, m'ap fè pèp Izrayèl la tounen nan peyi l'. Y'a manje tou sa k'ap pouse sou mòn Kamèl ak nan zòn Bazan. Y'a manje plen vant yo tou sa y'a rekòlte sou mòn Efrayim yo ak nan peyi Galarad.
我必再领以色列回他的草场,他必在迦密和巴珊吃草,又在以法莲山上和基列境内得以饱足。」
Jou sa yo, lè sa a, yo p'ap jwenn yon peche pou mete sou kont moun Izrayèl yo, ni yon mechanste pou mete sou kont moun Jida yo, paske m'ap padonnen tout moun m'a kite chape anba lanmò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
耶和华说:「当那日子、那时候,虽寻以色列的罪孽,一无所有;虽寻犹大的罪恶,也无所见;因为我所留下的人,我必赦免。」
Seyè a di ankò: -Mache pran peyi moun Mira-Tayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!
耶和华说:上去攻击米拉大翁之地,又攻击比割的居民。要追杀灭尽,照我一切所吩咐你的去行。
Nan tout peyi a, se lagè k'ap fèt! Se kraze brize nèt ale!
境内有打仗和大毁灭的响声。
Lavil Babilòn te tankou yon gwo mato ki t'ap kraze tout moun sou latè. Koulye a, mato a chape, li tonbe, li kraze. Yo fini ak Babilòn. Yo fè l' tounen yon dezè san moun ladan l' nan mitan tout nasyon yo!
全地的大锤何竟砍断破坏?巴比伦在列国中何竟荒凉?
Babilòn! Mwen te pare yon pèlen pou ou! Ou tonbe ladan l' san ou pa konnen! Yo jwenn ou, yo mete men sou ou, paske ou te soti pou goumen avè m'.
巴比伦哪,我为你设下网罗,你不知不觉被缠住。你被寻著,也被捉住;因为你与耶和华争竞。
Seyè a louvri depo zam li yo. Li fè kòlè, li mete yo deyò, paske mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, mwen gen yon travay pou m' fè ak moun Babilòn yo.
耶和华已经开了武库,拿出他恼恨的兵器;因为主─万军之耶和华在迦勒底人之地有当做的事。
Soti toupatou sou latè, vin atake l'! Louvri tout depo pwovizyon l' yo! Anpile tou sa nou jwenn, boule tout pou Seyè a. Pa kite anyen!
你们要从极远的边界来攻击她,开她的仓廪,将她堆如高堆,毁灭净尽,丝毫不留。
Touye tout sòlda li yo tankou bèf nan labatwa! Madichon pou moun Babilòn yo! Jòdi a, lè chatiman yo a rive!
要杀他的一切牛犊,使他们下去遭遇杀戮。他们有祸了,因为追讨他们的日子已经来到。
Koute! Moun k'ap kouri chape kò yo, moun k'ap kouri kite lavil Babilòn lan, ap moute sou mòn Siyon, y'ap fè konnen jan Seyè a, Bondye nou an, ap tire revanj li pou sa moun Babilòn yo fè tanp li a.
(有从巴比伦之地逃避出来的人,在锡安扬声报告耶和华─我们的 神报仇,就是为他的殿报仇。)
Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pesonn pa ka chape. Fè l' peye tou sa li te fè. Fè l' pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l' te kenbe tèt ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
「招集一切弓箭手来攻击巴比伦。要在巴比伦四围安营,不要容一人逃脱,照著她所做的报应她;她怎样待人,也要怎样待她,因为她向耶和华─以色列的圣者发了狂傲。
Se poutèt sa, yo pral touye tout jenn gason l' yo nan tout lari. Jou sa a, yo pral disparèt tout sòlda li yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
所以她的少年人必仆倒在街上。当那日,一切兵丁必默默无声。这是耶和华说的。」
Moun Babilòn, nou awogan twòp! Mwen leve dèyè nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Jou pa ou la rive, lè pou m' pini ou lan rive sou ou.
主─万军之耶和华说:你这狂傲的啊,我与你反对,因为我追讨你的日子已经来到。
Peyi moun awogan sa yo pral tonbe. Pesonn p'ap ka fè l' kanpe ankò. M'ap mete dife nan tout lavil yo. Tout bagay alawonn pral boule.
狂傲的必绊跌仆倒,无人扶起。我也必使火在他的城邑中著起来,将他四围所有的尽行烧灭。
Wi, men sa Seyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo.
万军之耶和华如此说:「以色列人和犹大人一同受欺压;凡掳掠他们的都紧紧抓住他们,不肯释放。
Men, moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.
他们的救赎主大有能力,万军之耶和华是他的名。他必伸清他们的冤,好使全地得平安,并搅扰巴比伦的居民。」
Men sa Seyè a di ankò: -Lanmò pou lavil Babilòn! Lanmò pou tout moun ki rete ladan l'! Lanmò pou chèf li yo, pou moun save l' yo!
耶和华说:有刀剑临到迦勒底人和巴比伦的居民,并她的首领与智慧人。
Lanmò pou divinò li yo! Se yon bann egare yo ye. Lanmò pou sòlda li yo! Y'ap tranble, yo pa konn sa pou yo fè.
有刀剑临到矜夸的人,他们就成为愚昧;有刀剑临到她的勇士,他们就惊惶。
Lanmò pou chwal li yo! Kraze tout cha lagè li yo. Lanmò pou tout moun lòt nasyon k'ap fè djòb sòlda lakay yo! Se pou yo vin tankou fanm. Disparèt tout richès li yo. Piye tout byen li yo.
有刀剑临到他的马匹、车辆,和其中杂族的人民;他们必像妇女一样。有刀剑临到她的宝物,就被抢夺。
Chechrès nan tout peyi a. Se pou tout dlo rivyè yo cheche. Babilòn se yon peyi zidòl, k'ap fè moun pèdi tèt yo.
有干旱临到她的众水,就必干涸;因为这是有雕刻偶像之地,人因偶像而颠狂。
Se poutèt sa, se chat mawon ak vye bèt nan bwa ki pral rete nan peyi sa a. Se la gwo zwazo otrich yo pral rete. P'ap janm gen moun rete ladan l' ankò pou tout tan, jouk sa kaba.
所以旷野的走兽和豺狼必住在那里,鸵鸟也住在其中,永无人烟,世世代代无人居住。」
Sa pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo. Pesonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a wi ki di sa.
耶和华说:「必无人住在那里,也无人在其中寄居,要像我倾覆所多玛、蛾摩拉,和邻近的城邑一样。
Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp ak anpil chèf vanyan soti byen lwen, y'ap pare pou fè lagè.
看哪,有一种民从北方而来,并有一大国和许多君王被激动,从地极来到。
Yo pran banza ak frenn yo. Yo mechan anpil, se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn.
他们拿弓和枪,性情残忍,不施怜悯;他们的声音像海浪匉訇。巴比伦城(原文是女子)啊,他们骑马,都摆队伍如上战场的人,要攻击你。
Wa Babilòn lan pran nouvèl la. Li santi de bra l' kase. Li gen yon sèl kè sere, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.
巴比伦王听见他们的风声,手就发软,痛苦将他抓住,疼痛彷彿产难的妇人。
Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini. M'ap fè moun yo kouri kite peyi a, anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'?
「仇敌必像狮子从约旦河边的丛林上来,攻击坚固的居所。转眼之间,我要使他们逃跑,离开这地。谁蒙拣选,我就派谁治理这地。谁能比我呢?谁能给我定规日期呢?有何牧人能在我面前站立得住呢?
Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun lavil Babilòn yo, sa mwen fè lide fè moun peyi Kalde yo: Sèten, ata timoun yo yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.
你们要听耶和华攻击巴比伦所说的谋略和他攻击迦勒底人之地所定的旨意。仇敌定要将他们群众微弱的拉去,定要使他们的居所荒凉。
Lè lavil Babilòn tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo nan tout lòt nasyon yo.
因巴比伦被取的声音,地就震动,人在列邦都听见呼喊的声音。」