Isaiah 33

Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou!
祸哉!你这毁灭人的,自己倒不被毁灭;行事诡诈的,人倒不以诡诈待你。你毁灭罢休了,自己必被毁灭;你行完了诡诈,人必以诡诈待你。
Seyè, pitye pou nou! Se nan ou nou mete tout espwa nou! Pwoteje nou jou apre jou! Delivre nou lè nou anba tray!
耶和华啊,求你施恩于我们;我们等候你。求你每早晨作我们的膀臂,遭难的时候为我们的拯救。
Lè w'ap goumen pou nou, tande lòt nasyon yo tande bri lagè a, yo kouri met deyò, yo gaye.
喧嚷的响声一发,众民奔逃;你一兴起,列国四散。
Tankou krikèt nan jaden, nou kouri lage kò nou sou tou sa yo genyen, nou ranmase tout bagay pote ale.
你们所掳的必被敛尽,好像蚂蚱吃(原文是敛)尽禾稼。人要蹦在其上,好像蝗虫一样。
Ala pouvwa Seyè a genyen! Li donminen sou tout bagay! L'ap fè tout moun mache dwat nan lavil Jerizalèm. Pesonn p'ap fè lenjistis sou mòn Siyon an.
耶和华被尊崇,因他居在高处;他以公平公义充满锡安。
Li p'ap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k'ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y'a gen pou Seyè a.
你一生一世必得安稳─有丰盛的救恩,并智慧和知识;你以敬畏耶和华为至宝。
Vanyan gason ap rele anmwe. Moun yo te voye pou siyen lapè yo ap kriye ak gwo lapenn nan kè yo.
看哪,他们的豪杰在外头哀号;求和的使臣痛痛哭泣。
Nanpwen pesonn sou granchemen yo. Moun pa vwayaje ankò. Lènmi yo pa respekte kontra yo te siyen an, yo pa kenbe dizon yo. Y'a manke tout moun dega.
大路荒凉,行人止息;敌人背约,藐视城邑,不顾人民。
Peyi a nan lapenn, l'ap deperi. Nan peyi Liban, moun pa konn sa pou yo fè. Gwo rakbwa yo ap cheche. Bèl plenn peyi Sawon an tounen savann. Nan tout peyi Bazan ak peyi Kamèl, tout pyebwa ap pèdi fèy.
地上悲哀衰残;黎巴嫩羞愧枯干;沙崙像旷野;巴珊和迦密的树林凋残。
Seyè a pale ak lòt nasyon yo, li di yo: -Koulye a, m'ap leve kanpe, m'ap fè nou wè jan m' gen pouvwa, jan m' gen fòs kouraj.
耶和华说:现在我要起来;我要兴起;我要勃然而兴。
N'ap fè yon bann lide nan tèt nou ki pa vo anyen. Se nou menm ankò k'ap touye tèt nou.
你们要怀的是糠秕,要生的是碎秸;你们的气就是吞灭自己的火。
M'ap boule nou tankou yo boule wòch pou fè lacho, tankou pikan chèch yo jete nan dife.
列邦必像已烧的石灰,像已割的荆棘在火中焚烧。
Se pou tout moun, ni sa ki pre ni sa ki lwen, tande sa mwen te fè. Se pou tout moun konnen jan m' gen pouvwa.
你们远方的人当听我所行的;你们近处的人当承认我的大能。
Nan lavil Siyon, moun k'ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y'ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k'ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa?
锡安中的罪人都惧怕;不敬虔的人被战兢抓住。我们中间谁能与吞灭的火同住?我们中间谁能与永火同住呢?
Moun k'ap chape, se moun k'ap mache dwat yo, moun ki pa nan bay manti, moun ki pa sèvi ak pouvwa yo pou pwofite sou lòt moun, moun ki pa asepte lajan sou kote, moun ki pa dakò ak moun k'ap fè plan pou fè mechanste, moun ki pa mele ak moun k'ap fè sa ki mal.
行事公义、说话正直、憎恶欺压的财利、摆手不受贿赂、塞耳不听流血的话,闭眼不看邪恶事的,
Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè.
他必居高处;他的保障是磐石的坚垒;他的粮必不缺乏(原文是赐给);他的水必不断绝。
Yon jou, n'a wè yon wa k'ap gouvènen nan mitan yon bann bèl bagay, nan yon gwo gwo peyi.
你的眼必见王的荣美,必见辽阔之地。
Lè sa a, n'a chonje sa ki te konn fè nou pè a. Nan kè nou, n'a mande: Kote prepoze kontribisyon yo? Kote kontwòlè mache yo? Kote moun ki t'ap mache enspekte fò yo?
你的心必思想那惊吓的事,自问说:记数目的在哪里呢?平贡银的在哪里呢?数戍楼的在哪里呢?
Nou p'ap wè bann moun awogan sa yo ankò, bann moun ki soti lòt peyi, ki pale lòt lang ou pa ka menm konprann, yon lang k'ap kòche zòrèy ou.
你必不见那强暴的民,就是说话深奥,你不能明白,言语呢喃,你不能懂得的。
Voye je ou gade lavil Siyon, kote nou fè gwo fèt nou yo! Gade lavil Jerizalèm! Yon bon kote pou moun rete san kè sote. L'ap tankou yon tant yo p'ap janm demoute, pikèt li yo p'ap janm rache, kòd li yo p'ap janm kase.
你要看锡安─我们守圣节的城!你的眼必见耶路撒冷为安静的居所,为不挪移的帐幕,橛子永不拔出,绳索一根也不折断。
Se la Seyè a pral fè nou wè pouvwa li. M'ap rete bò gwo larivyè a ak gwo kannal dlo yo, men ankenn kannòt, ankenn batiman lènmi p'ap ka pase ladan yo.
在那里,耶和华必显威严与我们同在,当作江河宽阔之地;其中必没有荡桨摇橹的船来往,也没有威武的船经过。
Paske, se Seyè a menm k'ap chèf nou, se li menm k'ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k'ap delivre nou.
因为,耶和华是审判我们的;耶和华是给我们设律法的;耶和华是我们的王;他必拯救我们。
Tout kòd batiman yo p'ap sèvi yo anyen. Ma yo pèdi fòs, vwal yo pa ka louvri. Y'ap piye tou sa lènmi yo te pote sou batiman yo. Ata moun enfenm pral nan piyay la tou.
你的绳索松开:不能栽稳桅杆,也不能扬起篷来。那时许多掳来的物被分了;瘸腿的把掠物夺去了。
Pesonn nan peyi a p'ap plenyen di li malad ankò. Bondye pral padonnen peche tout moun ki rete lavil Jerizalèm.
城内居民必不说:我病了;其中居住的百姓,罪孽都赦免了。