Isaiah 24

Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou.
看哪,耶和华使地空虚,变为荒凉;又翻转大地,将居民分散。
Tout moun pral pase, prèt yo kou moun nan pèp la, esklav yo kou mèt yo, sèvant yo kou metrès yo, sa k'ap vann kou sa k'ap achte, sa k'ap bay ponya kou sa k'ap pran ponya, sa k'ap bay kredi kou sa k'ap pran kredi.
那时百姓怎样,祭司也怎样;仆人怎样,主人也怎样;婢女怎样,主母也怎样;买物的怎样,卖物的也怎样;放债的怎样,借债的也怎样;取利的怎样,出利的也怎样。
Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Seyè a fin pale, se sa ki pou rive.
地必全然空虚,尽都荒凉;因为这话是耶和华说的。
Tout moun sou latè nan lapenn. Yo pa kapab ankò. Pèp la ap plenn, y'ap deperi. Chèf yo ap plenn ansanm ak rès pèp la.
地上悲哀衰残,世界败落衰残;地上居高位的人也败落了。
Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l' te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an.
地被其上的居民污秽;因为他们犯了律法,废了律例,背了永约。
Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.
所以,地被咒诅吞灭;住在其上的显为有罪。地上的居民被火焚烧,剩下的人稀少。
Pye rezen yo ap fennen. Ou pa ka jwenn diven. Tout moun ki te konn fè fèt yo ap plenn.
新酒悲哀,葡萄树衰残;心中欢乐的俱都叹息。
Yo pa bat tanbou ankò. Pa gen gwo fèt ankò. Yo pa jwe gita ankò.
击鼓之乐止息;宴乐人的声音完毕,弹琴之乐也止息了。
Nanpwen chante ankò lè y'ap bwè diven. Gwòg vin anmè nan bouch gwògmann yo.
人必不得饮酒唱歌;喝浓酒的,必以为苦。
Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò.
荒凉的城拆毁了;各家关门闭户,使人都不得进去。
Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a.
在街上因酒有悲叹的声音;一切喜乐变为昏暗;地上的欢乐归于无有。
Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.
城中只有荒凉;城门拆毁净尽。
Se konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapyay apre rekòt rezen an.
在地上的万民中,必像打过的橄榄树,又像已摘的葡萄所剩无几。
Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Seyè a gen pouvwa.
这些人要高声欢呼;他们为耶和华的威严,从海那里扬起声来。
Konsa tou, moun ki rete bò solèy leve pral fè lwanj Seyè a. Moun ki rete sou zile nan lanmè a pral fè chante pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
因此,你们要在东方荣耀耶和华;在众海岛荣耀耶和华─以色列 神的名。
Byen lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo. Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m' ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd!
我们听见从地极有人歌唱,说:荣耀归于义人。我却说:我消灭了!我消灭了,我有祸了!诡诈的行诡诈;诡诈的大行诡诈。
Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou!
地上的居民哪,恐惧、陷坑、网罗都临近你。
Moun k'ap kouri lè y'a tande rèl moun ki pè yo pral tonbe nan twou. Moun k'ap moute soti nan twou pral pran nan pèlen. Paske gwo lapli a pral tonbe sot nan syèl la. Fondasyon latè pral pran tranble.
躲避恐惧声音的必坠入陷坑;从陷坑上来的必被网罗缠住;因为天上的窗户都开了,地的根基也震动了。
Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l'.
地全然破坏,尽都崩裂,大大地震动了。
Latè pral balanse tankou moun sou. Li pral souke tankou yon ti joupa lè van ap soufle fò. Peche lèzòm yo peze lou sou li: l'ap tonbe, li p'ap janm ka leve ankò.
地要东倒西歪,好像醉酒的人;又摇来摇去,好像吊床。罪过在其上沉重,必然塌陷,不能复起。
Jou sa a, Seyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè.
到那日,耶和华在高处必惩罚高处的众军,在地上必惩罚地上的列王。
L'ap mete yo ansanm nan prizon nan yon tonm. L'ap fèmen yo nan kacho. Apre yon bon tan, l'ap pini yo.
他们必被聚集,像囚犯被聚在牢狱中,并要囚在监牢里,多日之后便被讨罪(或译:眷顾)。
lalin lan pral vin tou nwa. Solèy la p'ap klere ankò, paske Seyè ki gen tout pouvwa a pral sèl wa. Li pral gouvènen nan lavil Jerizalèm sou tèt mòn Siyon an. Tout chèf fanmi pèp li a pral wè gwo pouvwa li.
那时,月亮要蒙羞,日头要惭愧;因为万军之耶和华必在锡安山,在耶路撒冷作王;在敬畏他的长老面前,必有荣耀。