Isaiah 23

Men yon mesaj pou lavil Tir: -Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen soti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.
论推罗的默示:他施的船只都要哀号;因为推罗变为荒场,甚至没有房屋,没有可进之路。这消息是从基提地得来的。
Nou menm kòmèsan Sidon yo, moun lakòt, nou pral rete men nan bouch. Nou te voye moun lòt bò lanmè
沿海的居民,就是素来靠航海西顿的商家得丰盛的,你们当静默无言。
achte ble yo rekòlte bò larivyè Nil nan peyi Lejip la, apre sa pou nou mache vann li avèk gwo benefis. Nou t'ap fè kòmès ak tout peyi.
在大水之上,西曷的粮食、尼罗河的庄稼是推罗的进项;她作列国的大码头。
Lavil Sidon, ou menm ki te yon si bon pò, yo pral fè ou wont! Lanmè a pale, li di konsa: Mwen pa janm gen pitit, mwen pa janm fè pitit. Mwen pa janm gen pitit gason pou m' elve, ni pitit fi pou m' bay levasyon.
西顿哪,你当惭愧;因为大海说,就是海中的保障说:我没有劬劳,也没有生产,没有养育男子,也没有抚养童女。
Lè moun Lejip yo va pran nouvèl sa ki te rive lavil Tir, yo pral tranble nan kanson yo!
这风声传到埃及;埃及人为推罗的风声极其疼痛。
Nou menm moun peyi Finisi, moun lakòt, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Tasis. Nou mèt plenn sò nou!
推罗人哪,你们当过到他施去;沿海的居民哪,你们都当哀号。
Lavil sa a, se pa lavil kote moun te toujou ap fè fèt la? Se pa yon lavil ki la depi nan tan lontan? Se pa lavil ki te konn voye yon koloni moun pa l' yo al tabli nan peyi lòt bò lanmè pou chita pouvwa li plis?
这是你们欢乐的城,从上古而有的吗?其中的居民往远方寄居。
Se lavil Tir wa a te chita ap nonmen chèf. Tout kòmèsan li yo, se gwo chèf yo te ye. Negosyan l' yo menm, se moun yo te respekte toupatou sou latè. Kilès ki te pran desizyon fè lavil Tir la sa?
推罗本是赐冠冕的。她的商家是王子;她的买卖人是世上的尊贵人。遭遇如此是谁定的呢?
Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te pran desizyon sa a. Li fè sa pou kraze lògèy yo te genyen pou tout bèl bagay yo te fè, pou l' te ka trennen tout grannèg peyi a nan labou.
是万军之耶和华所定的!为要污辱一切高傲的荣耀,使地上一切的尊贵人被藐视。
Nou menm moun li yo ki nan peyi Tasis, pito nou travay tè nou tankou moun bò larivyè Nil yo. Pa gen moun pou pwoteje nou ankò.
他施的民(原文是女)哪,可以流行你的地,好像尼罗河;不再有腰带拘紧你。
Seyè a te lonje men l' anwo lanmè a. Li te jete wa ki t'ap gouvènen yo a. Li te bay lòd pou yo detwi tout pò moun Finisi yo te gen nan peyi Kanaran.
耶和华已经向海伸手,震动列国。至于迦南,他已经吩咐拆毁其中的保障。
Li di: -Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo ta fè kadejak sou li. Nou mèt leve, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou an repo.
他又说:受欺压西顿的居民(原文是处女)哪,你必不得再欢乐。起来!过到基提去;就是在那里也不得安歇。
Gade peyi Tir la! Se pa moun Lasiri yo ki te lage l' nan men bèt nan bwa yo. Se moun Babilòn yo ki te fè sa. Se yo ki te bati fò won byen wo pou sènen peyi a. Yo kraze tout fò lavil Tir yo. Yo fè yo tounen mazi.
(看哪,迦勒底人之地向来没有这民,这国是亚述人为住旷野的人所立的。现在他们建筑戍楼,拆毁推罗的宫殿,使他成为荒凉。)
Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou, paske yo detwi gwo pò nou an!
他施的船只都要哀号,因为你们的保障变为荒场。
Yon lè ap rive, yo pral bliye lavil Tir pandan swasanndizan, laj yon wa rive genyen anvan li mouri. Men, apre swasanndizan sa yo, lavil Tir pral tankou jennès yo pale nan chante a:
到那时,推罗必被忘记七十年,照著一王的年日。七十年后,推罗的景况必像妓女所唱的歌:
Pran gita ou! Mache nan tout lavil la! Ou menm, jennès yo te bliye a! Jwe bèl mizik, chante bèl chante ou yo ankò pou yo ka chonje ou!
你这被忘记的妓女啊,拿琴周流城内,巧弹多唱,使人再想念你。
Wi, apre swasanndizan, Seyè a va kite lavil Tir reprann menm vye kòmès li a. Lavil Tir pral lage kò l' nan fè bagay derespektan ankò, li pral nan fè dezòd ak tout chèf k'ap gouvènen toupatou sou latè.
七十年后,耶和华必眷顾推罗,她就仍得利息(原文是雇价;下同),与地上的万国交易(原文是行淫)。
Men, y'ap pran lajan y'ap ba li a ansanm ak benefis l'ap fè nan kòmès sal li a, y'ap mete yo apa pou Seyè a. Li p'ap ka ranmase yo pou l' sere. Se moun k'ap sèvi Seyè a ki pral sèvi ak lajan sa a pou achte manje plen vant yo ak bèl rad pou mete sou yo.
她的货财和利息要归耶和华为圣,必不积攒存留;因为她的货财必为住在耶和华面前的人所得,使他们吃饱,穿耐久的衣服。