Isaiah 16

Moun peyi Moab yo ap rete lavil Sila nan dezè a, y'ap voye yon mouton fè chèf lavil Jerizalèm lan kado sou tèt mòn Siyon an.
你们当将羊羔奉给那地掌权的,从西拉往旷野,送到锡安城(原文是女子)的山。
Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo.
摩押的居民(原文是女子)在亚嫩渡口,必像游飞的鸟,如拆窝的雏。
Y'ap di moun peyi Jida yo: -Ban nou ti konsèy non! Di nou sa pou nou fè! Pwoteje nou anba zèl ou, tankou yon pyebwa k'ap bay bon lonbray fre gwo midi. Se chape n'ap chache chape kò nou. Tanpri, kache nou. Pa lage nou nan men lènmi nou yo.
求你献谋略,行公平,使你的影子在午间如黑夜,隐藏被赶散的人,不可显露逃民。
Kite nou rete nan peyi nou an. Pwoteje nou anba moun ki soti pou fini ak nou yo. Moun ki t'ap kraze nou an p'ap la ankò. Piyay la ap fini. Moun ki t'ap pilonnen peyi a anba pye yo a ap disparèt.
求你容我这被赶散的人和你同居。至于摩押,求你作他的隐密处,脱离灭命者的面。勒索人的归于无有,毁灭的事止息了,欺压人的从国中除灭了,
Gouvènman peyi Jida a pral kanpe byen kanpe. Yon chèf pral soti nan ras fanmi wa David la. Li pral moute chita sou fotèy la pou l' dirije pèp la avèk bon kè, san patipri. L'ap soti pou l' fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap prese fè tout moun jistis.
必有宝座因慈爱坚立;必有一位诚诚实实坐在其上,在大卫帐幕中施行审判,寻求公平,速行公义。
Moun peyi Jida yo di: -Nou tande jan moun Moab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estomake, jan yo gen gwo tanta, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm!
我们听说摩押人骄傲,是极其骄傲;听说他狂妄、骄傲、忿怒;他夸大的话是虚空的。
Men moun Moab yo pral plenyen sò peyi Moab la. Yo tout pral kriye lè y'a chonje bon pen rezen yo konn jwenn lavil Kyerès. Yo pral plenn, y'ap pèdi tout kouraj yo.
因此,摩押人必为摩押哀号;人人都要哀号。你们摩押人要为吉珥‧哈列设的葡萄饼哀叹,极其忧伤。
Gwo jaden peyi Esbon yo pral deperi. Pye rezen lavil Sibma yo ki te konn bay bon diven chèf nasyon yo te konn bwè a pral cheche. Te gen yon lè jaden rezen sa yo te rive jouk bò lavil Jazè. Yo te pouse kouvri tout dezè a. Yo te gaye kò yo toupatou rive lòt bò lanmè Mouri a.
因为希实本的田地和西比玛的葡萄树都衰残了。列国的君主折断其上美好的枝子;这枝子长到雅谢延到旷野,嫩枝向外探出,直探过盐海。
Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a.
因此,我要为西比玛的葡萄树哀哭,与雅谢人哀哭一样。希实本、以利亚利啊,我要以眼泪浇灌你;因为有交战呐喊的声音临到你夏天的果子,并你收割的庄稼。
Nanpwen kè kontan ak fèt nan jaden nou yo! Nan jaden rezen nou yo, nanpwen chante, nanpwen koudjay ankò! Pa gen rezen pou kraze nan basen kote yo fè ji. Tout fèt kaba!
从肥美的田中夺去了欢喜快乐;在葡萄园里必无歌唱,也无欢呼的声音。踹酒的在酒醡中不得踹出酒来;我使他欢呼的声音止息。
Se poutèt sa, m'a plenn, kè m' fè m' mal pou peyi Moab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès.
因此,我心腹为摩押哀鸣如琴;我心肠为吉珥‧哈列设也是如此。
Moun peyi Moab yo ap touye tèt yo moute nan mòn. Yo pral nan tanp pou yo lapriyè. Men, sa p'ap sèvi yo anyen.
摩押人朝见的时候,在高处疲乏,又到他圣所祈祷,也不蒙应允。
Anvan sa, men sa Seyè a te di k'ap rive lavil Moab la.
这是耶和华从前论摩押的话。
Koulye a, Seyè a pale ankò. Li di konsa: Nan twazan, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, yo pral pase sa ki fè pouvwa peyi Moab la nan tenten. Atout li gen anpil moun koulye a, se de twa ase ki pral rete, yon ti ponyen tou fèb ki p'ap vo anyen!
但现在耶和华说:「三年之内,照雇工的年数,摩押的荣耀与他的群众必被藐视,余剩的人甚少无几。」