Hosea 10

Pèp Izrayèl la te tankou yon bèl pye rezen ki te konn donnen anpil. Plis pye rezen an t'ap donnen, se plis yo t'ap bati lotèl pou zidòl. Plis tè a t'ap bay, se plis yo t'ap fè pi bèl estati pou zidòl yo.
以色列是茂盛的葡萄树,结果繁多。果子越多,就越增添祭坛;地土越肥美,就越造美丽的柱像。
Yo pa t' sensè! Koulye a, yo pral peye pou sa yo fè: Bondye pral kraze ni lotèl yo, ni estati yo.
他们心怀二意,现今要定为有罪。耶和华必拆毁他们的祭坛,毁坏他们的柱像。
Talè konsa, y'a di: -Nou pa gen wa, paske nou pa pè Seyè a. Lèfini, yon wa, sa l' ka fè pou nou?
他们必说:我们没有王,因为我们不敬畏耶和华。王能为我们做什么呢?
Men, tou sa se pale mete la. Y'ap fè sèman yo p'ap kenbe. Y'ap siyen kontra ki p'ap sèvi yo anyen. Nan tribinal, y'ap rann move jijman. Se tankou move zèb k'ap pouse nan yon jaden ou fèk pare.
他们为立约说谎言,起假誓;因此,灾罚如苦菜滋生在田间的犁沟中。
Moun ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y'ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y'ap kriye paske yo pèdi l'. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l' nan mitan yo.
撒马利亚的居民必因伯‧亚文的牛犊惊恐;崇拜牛犊的民和喜爱牛犊的祭司都必因荣耀离开它,为它悲哀。
Yo pran zidòl la, yo mennen l' ale nan peyi Lasiri. Yo fè gwo wa a kado l'. Yo pral fè Efrayim wont. Wi, pèp Izrayèl la pral wont paske yo t'ap swiv move konsèy.
人必将牛犊带到亚述当作礼物,献给耶雷布王。以法莲必蒙羞;以色列必因自己的计谋惭愧。
Y'ap fini ak lavil Samari a, wa li a ap disparèt tankou kim sou dlo.
至于撒马利亚,她的王必灭没,如水面的沫子一样。
Yo gen pou yo fè disparèt tout kote pèp Izrayèl la te konn adore zidòl sou mòn Betavenn yo. Pikan ak raje ap pouse sou lotèl yo. Moun yo va rele, y'a mande mòn yo pou tonbe sou yo, y'a mande ti mòn yo pou kache yo.
伯‧亚文的邱坛─就是以色列取罪的地方必被毁灭;荆棘和蒺藜必长在他们的祭坛上。他们必对大山说:遮盖我们!对小山说:倒在我们身上!
Seyè a di: -Nou menm moun Izrayèl, depi nou te lavil Gibeya, n'ap fè peche. Depi lè sa a, nou pa janm sispann. Se konsa, lagè y'ap mennen kont mechan yo ap vire sou nou jouk lavil Gibeya.
以色列啊,你从基比亚的日子以来时常犯罪。你们的先人曾站在那里,现今住基比亚的人以为攻击罪孽之辈的战事临不到自己。
Se poutèt sa, mwen soti pou m' pini yo. Moun lòt nasyon ap mete tèt ansanm sou do yo. Wi, y'ap pini yo akòz peche yo fè.
我必随意惩罚他们。他们为两样的罪所缠;列邦的民必聚集攻击他们。
Te gen yon lè Efrayim te tankou yon jenn ti gazèl byen drese, li te renmen degrennen mayi sou glasi. Men, koulye a, m'ap mete yon jouk sou bèl ti kou l' la, m'ap sele l' pou fè l' travay pi di. M'ap fè moun Jida yo raboure tè. Moun Jakòb yo menm, m'ap fè yo kraze boul tè.
以法莲是驯良的母牛犊,喜爱踹谷,我却将轭加在牠肥美的颈项上,我要使以法莲拉套(或作:被骑)。犹大必耕田;雅各必耙地。
Mwen te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n'a rekòlte benediksyon m'ap ban nou paske n'ap sèvi m' ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M'a vini, m'a vide benediksyon sou nou tankou lapli.
你们要为自己栽种公义,就能收割慈爱。现今正是寻求耶和华的时候;你们要开垦荒地,等他临到,使公义如雨降在你们身上。
Men, nou te pito fè sa ki mal devan je m'. Se konsa, nou rekòlte sa ki mal tou. N'ap peye manti nou te bay yo. Nou fè sa ki nan lide nou. Nou te mete konfyans nou nan gwo kantite sòlda nou te genyen.
你们耕种的是奸恶,收割的是罪孽,吃的是谎话的果子。因你倚靠自己的行为,仰赖勇士众多,
Se konsa, lènmi pral tonbe sou moun nou yo. Y'a detwi tout fò nou yo. Se va tankou lè wa Chalman te sakaje lavil Betabèl jou gwo batay la. Lè sa a, yo te kraze ata manman ak pitit.
所以在这民中必有鬨嚷之声,你一切的保障必被拆毁,就如沙勒幔在争战的日子拆毁伯‧亚比勒,将其中的母子一同摔死。
Men sa k'ap rive nou, nou menm moun lavil Betèl. Poutèt gwo mechanste nou te fè a, konmanse batay la va konmanse, wa Izrayèl la gen pou mouri.
因他们的大恶,伯特利必使你们遭遇如此。到了黎明,以色列的王必全然灭绝。