Genesis 42

Lè Jakòb vin konnen te gen ble pou vann nan peyi Lejip, li di pitit li yo: -Poukisa nou chita konsa yonn ap gade lòt, de bra kwaze?
雅各见埃及有粮,就对儿子们说:「你们为什么彼此观望呢?」
Mwen tande y'ap vann ble nan peyi Lejip. Desann non, al achte ble pou nou ka viv pou nou pa mouri grangou.
我听见埃及有粮,你们可以下去,从那里为我们籴些来,使我们可以存活,不至于死。」
Se konsa, dis nan frè Jozèf yo desann nan peyi Lejip, y al achte ble.
于是,约瑟的十个哥哥都下埃及籴粮去了。
Men Jakòb pa t' voye Benjamen, lòt frè Jozèf menm manman avè l' la, avèk yo paske li te pè pou malè pa t' rive l'.
但约瑟的兄弟便雅悯,雅各没有打发他和哥哥们同去,因为雅各说:「恐怕他遭害。」
Grangou a te rèd nan peyi Kanaran an tou. Se konsa, pitit Izrayèl yo te vwayaje ansanm ak lòt moun ki tapral achte ble tou.
来籴粮的人中有以色列的儿子们,因为迦南地也有饥荒。
Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l' moun te konn soti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l' bonjou.
当时治理埃及地的是约瑟;粜粮给那地众民的就是他。约瑟的哥哥们来了,脸伏于地,向他下拜。
Lè Jozèf wè frè l' yo, li rekonèt yo. Men li pran pòz pa konnen yo. Li pale rèd ak yo. Li di: -Ki bò nou soti? Yo reponn: -Nou soti peyi Kanaran, nou vin achte manje.
约瑟看见他哥哥们,就认得他们,却装作生人,向他们说些严厉话,问他们说:「你们从那里来?」他们说:「我们从迦南地来籴粮。」
Jozèf te rekonèt frè l' yo, men yo menm yo pa t' rekonèt li.
约瑟认得他哥哥们,他们却不认得他。
Le sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l' yo. Li di yo: -Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a.
约瑟想起从前所做的那两个梦,就对他们说:「你们是奸细,来窥探这地的虚实。」
Yo reponn li: -Non, mèt. Nou se moun pa ou, se manje nou vin achte isit la.
他们对他说:「我主啊,不是的。仆人们是籴粮来的。
Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p'ap ba ou manti, se pa espyon nou ye.
我们都是一个人的儿子,是诚实人;仆人们并不是奸细。」
Jozèf di yo: -Se pa vre. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a.
约瑟说:「不然,你们必是窥探这地的虚实来的。」
Yo di l': -Nou se douz frè, pitit yon sèl papa nan peyi Kanaran. Dènye a rete ak papa nou. Gen yonn nan nou ki disparèt.
他们说:「仆人们本是弟兄十二人,是迦南地一个人的儿子,顶小的现今在我们的父亲那里,有一个没有了。」
Jozèf reponn yo: -Nou wè mwen gen rezon lè m' di se yon bann espyon nou ye.
约瑟说:「我才说你们是奸细,这话实在不错。
Men ki bò mwen pral kenbe nou: M'ap fè sèman sou tèt farawon an, nou p'ap soti isit la tout tan nou pa fè ti frè nou an vini isit la.
我指著法老的性命起誓,若是你们的小兄弟不到这里来,你们就不得出这地方,从此就可以把你们证验出来了。
Voye yonn nan nou al chache l'. Lòt yo ap rete nan prizon. Se konsa, m'a wè nou pa t'ap bay manti. Si se pa sa, mwen fè sèman sou tèt farawon an, se espyon nou ye.
须要打发你们中间一个人去,把你们的兄弟带来。至于你们,都要囚在这里,好证验你们的话真不真,若不真,我指著法老的性命起誓,你们一定是奸细。」
Li fè fèmen yo tout nan prizon pandan twa jou.
于是约瑟把他们都下在监里三天。
Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: -Men sa pou n' fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye.
到了第三天,约瑟对他们说:「我是敬畏 神的;你们照我的话行就可以存活。
Si nou konnen nou p'ap bay manti se pou yonn nan nou rete fèmen nan prizon kote yo te fèmen nou an. Lòt yo mèt pote ble a ale pou fanmi nou yo ka manje.
你们如果是诚实人,可以留你们中间的一个人囚在监里,但你们可以带著粮食回去,救你们家里的饥荒。
Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l' ban mwen, pou nou ka moutre m' nou pa t' ban m' manti. Konsa, yo p'ap touye nou. Yo tonbe dakò sou sa.
把你们的小兄弟带到我这里来,如此,你们的话便有证据,你们也不至于死。」他们就照样而行。
Yonn t'ap di lòt: -Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tout sa nou te fè l' la. Nou te wè ki jan sa te fè l' lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l' gras. Men, nou pa t' vle koute l'. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a.
他们彼此说:「我们在兄弟身上实在有罪。他哀求我们的时候,我们见他心里的愁苦,却不肯听,所以这场苦难临到我们身上。」
Woubenn di yo: -Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pa t' vle koute m'. Koulye a se lanmò tibway la n'ap peye.
流便说:「我岂不是对你们说过,不可伤害那孩子吗?只是你们不肯听,所以流他血的罪向我们追讨。」
Jozèf te konprann tout sa yo t'ap di a. Men yo pa t' konn sa paske te gen yon moun ki t'ap tradwi pou yo lè yo t'ap pale avè l'.
他们不知道约瑟听得出来,因为在他们中间用通事传话。
Jozèf soti kote yo te ye a, li al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l' nan chenn, la devan yo tout.
约瑟转身退去,哭了一场,又回来对他们说话,就从他们中间挑出西缅来,在他们眼前把他捆绑。
Jozèf te bay lòd pou yo te plen sak yo avèk ble, pou yo te mete lajan yo chak nan sak yo ankò, lèfini pou yo ba yo manje pou yo manje sou wout la. Se sa yo te fè vre.
约瑟吩咐人把粮食装满他们的器具,把各人的银子归还在各人的口袋里,又给他们路上用的食物,人就照他的话办了。
Frè yo menm chaje bourik yo ak ble yo te achte a, yo pati.
他们就把粮食驮在驴上,离开那里去了。
Lè yo rive kote yo t'ap pase nwit la a, yonn ladan yo louvri sak li pou l' te ka bay bourik li manje. Li jwenn lajan li te bay la nan sak la.
到了住宿的地方,他们中间有一个人打开口袋,要拿料餵驴,才看见自己的银子仍在口袋里,
Li di frè l' yo. -Yo renmèt mwen lajan m' lan wi. Men li nan sak mwen an. Kè yo kase. Yo t'ap tranble kou fèy bwa tèlman yo te pè. Yonn t'ap di lòt: -Kisa Bondye fè nou konsa?
就对弟兄们说:「我的银子归还了,看哪,仍在我口袋里!」他们就提心吊胆,战战兢兢的彼此说:「这是 神向我们做什么呢?」
Lè yo rive kay Jakòb, papa yo, nan peyi Kanaran, yo rakonte l' tout sa ki te pase. Yo di l':
他们来到迦南地、他们的父亲雅各那里,将所遭遇的事都告诉他,说:
-Nèg k'ap gouvènen peyi a pale rèd ak nou. Li pran nou pou espyon.
「那地的主对我们说严厉的话,把我们当作窥探那地的奸细。
Nou di l' nou p'ap ba l' manti, se pa espyon nou ye.
我们对他说:『我们是诚实人,并不是奸细。
Se douz frè nou ye, pitit yon sèl papa. Yonn nan nou disparèt, dènye a rete ak papa nou nan peyi Kanaran.
我们本是弟兄十二人,都是一个父亲的儿子,有一个没有了,顶小的如今同我们的父亲在迦南地。』
Men chèf peyi a di nou: Men ki jan m'ap konnen si nou p'ap ban m' manti: Kite yonn nan frè nou yo isit la avèk mwen. Pran sa nou bezwen pou fanmi nou. Nou mèt ale. Mennen lòt ti frè nou an ban mwen.
那地的主对我们说:『若要我知道你们是诚实人,可以留下你们中间的一个人在我这里,你们可以带著粮食回去,救你们家里的饥荒。
Lè sa a, m'a konnen se pa espyon nou ye, nou pa t'ap ban m' manti. m'a renmèt nou frè nou an. m'a kite nou trafike nan peyi a.
把你们的小兄弟带到我这里来,我便知道你们不是奸细,乃是诚实人。这样,我就把你们的弟兄交给你们,你们也可以在这地做买卖。』」
Lè yo vide sak yo, chak moun jwenn ti sakit lajan li te bay la nan bouch sak li ankò. Lè yo wè sa, yon sèl lapè pran yo ansanm ak papa yo.
后来他们倒口袋,不料,各人的银包都在口袋里;他们和父亲看见银包就都害怕。
Lè sa a Jakòb, papa yo, di: -N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m'. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Koulye a, nou vle pran m' Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la.
他们的父亲雅各对他们说:你们使我丧失我的儿子:「约瑟没有了,西缅也没有了,你们又要将便雅悯带去;这些事都归到我身上了。」
Woubenn di papa l' konsa: -Papa, ou mèt touye de pitit gason m' yo, si m' pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m'ap mennen l' tounen ba ou.
流便对他父亲说:「我若不带他回来交给你,你可以杀我的两个儿子。只管把他交在我手里,我必带他回来交给你。」
Men Jakòb te di: -Pitit gason m' lan p'ap fè yon pa. Frè li a fin mouri. Se li menm sèl ki rete nan pitit manman l' yo. Si pou yon malè ta rive l' nan vwayaj nou pral fè a, m'a mouri. Mwen fin granmoun, lapenn sa a va twòp pou mwen, la fin pote m' ale.
雅各说:「我的儿子不可与你们一同下去;他哥哥死了,只剩下他,他若在你们所行的路上遭害,那便是你们使我白发苍苍、悲悲惨惨的下阴间去了。」