Genesis 21

Seyè a fè Sara favè, jan l' te di l' la. Li fè sa l' te pwomèt li a rive vre.
耶和华按著先前的话眷顾撒拉,便照他所说的给撒拉成就。
Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l' la.
当亚伯拉罕年老的时候,撒拉怀了孕;到 神所说的日期,就给亚伯拉罕生了一个儿子。
Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak.
亚伯拉罕给撒拉所生的儿子起名叫以撒。
Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l', jan Bondye te ba li lòd la.
以撒生下来第八日,亚伯拉罕照著 神所吩咐的,给以撒行了割礼。
Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt.
他儿子以撒生的时候,亚伯拉罕年一百岁。
Sara di konsa. Bondye fè m' bagay ki fè m' ri. tout moun ki tande sa pral ri avè m' tou.
撒拉说:「 神使我喜笑,凡听见的必与我一同喜笑」;
Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li.
又说:「谁能预先对亚伯拉罕说『撒拉要乳养婴孩』呢?因为在他年老的时候,我给他生了一个儿子。」
Ti gason an grandi, li sevre. Jou yo sevre l' la, Abraram fè yon gwo fèt.
孩子渐长,就断了奶。以撒断奶的日子,亚伯拉罕设摆丰盛的筵席。
Yon jou Izmayèl, pitit Aga, fanm peyi Lejip la te fè pou Abraram lan t'ap jwe ak Izarak, pitit Sara a. Sara wè sa.
当时,撒拉看见埃及人夏甲给亚伯拉罕所生的儿子戏笑,
Li di Abraram konsa: -Mete sèvant la deyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gen dwa eritye ak Izarak, pitit mwen an.
就对亚伯拉罕说:「你把这使女和她儿子赶出去!因为这使女的儿子不可与我的儿子以撒一同承受产业。」
Pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil, paske Izmayèl te pitit li tou.
亚伯拉罕因他儿子的缘故很忧愁。
Men, Bondye di Abraram konsa-Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tout sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo.
 神对亚伯拉罕说:「你不必为这童子和你的使女忧愁。凡撒拉对你说的话,你都该听从;因为从以撒生的,才要称为你的后裔。
M'ap bay pitit sèvant lan anpil pitit pitit. M'ap fè l' tounen yon nasyon, paske se pitit ou li ye tou.
至于使女的儿子,我也必使他的后裔成立一国,因为他是你所生的。」
Nan denmen Abraram leve bonè, li pran pen ak yon sak an po bèt plen dlo, li bay Aga. Li ede l' mete yo sou tèt li. Li ba li pitit la, li fè l' ale kite kay la. Aga pati, li mache, li mache, jouk li pèdi nan dezè Bècheba a.
亚伯拉罕清早起来,拿饼和一皮袋水,给了夏甲,搭在她的肩上,又把孩子交给她,打发她走。夏甲就走了,在别是巴的旷野走迷了路。
Lè dlo nan sak la fini, li kite pitit la anba yon touf raje.
皮袋的水用尽了,夏甲就把孩子撇在小树底下,
li ale, li chita pi devan, yon bon ti distans, li di nan kè l' -Mwen pa ka rete ap gade pitit mwen an ap mouri konsa. Pandan li chita konsa, pitit la pran rele.
自己走开约有一箭之远,相对而坐,说:「我不忍见孩子死」,就相对而坐,放声大哭。
Bondye tande rèl pitit la. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Aga, li di l' konsa-Sa ou genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. Kote Bondye ye a, li tande rèl ti pitit la.
 神听见童子的声音; 神的使者从天上呼叫夏甲说:「夏甲,你为何这样呢?不要害怕, 神已经听见童子的声音了。
Leve non, pran ti pitit la, kenbe l'. M'ap fè pitit pitit li yo tounen yon gwo nasyon.
起来!把童子抱在怀【原文作手】中,我必使他的后裔成为大国。」
Bondye louvri je Aga. Aga wè yon pi. li ale, li plen sak an po a dlo. Li bay ti pitit la bwè dlo kont kò l'.
 神使夏甲的眼睛明亮,她就看见一口水井,便去将皮袋盛满了水,给童子喝。
Bondye te avèk ti pitit la. Li grandi, li rete nan dezè a. Li te rive konn tire flèch nan banza ak anpil ladrès.
 神保佑童子,他就渐长,住在旷野,成了弓箭手。
Se nan dezè Paran li te rete. Manman l' te chwazi yon madanm pou li nan jenn fi peyi Lejip yo.
他住在巴兰的旷野;他母亲从埃及地给他娶了一个妻子。
Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l' konsa-Bondye avè ou nan tout sa w'ap fè.
当那时候,亚比米勒同他军长非各对亚伯拉罕说:「凡你所行的事都有 神的保佑。
Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a.
我愿你如今在这里指著 神对我起誓,不要欺负我与我的儿子,并我的子孙。我怎样厚待了你,你也要照样厚待我与你所寄居这地的民。」
Abraram reponn. -M' fè sèman.
亚伯拉罕说:「我情愿起誓。」
Men Abraram te fè Abimelèk repwòch pou yon pi li domestik Abimelèk yo te pran pa fòs.
从前,亚比米勒的仆人霸占了一口水井,亚伯拉罕为这事指责亚比米勒。
Abimelèk di l' -Mwen pa konnen ki moun ki fè sa. Ni tou, ou pa t' janm di m' anyen sou sa. Se koulye a m'ap tande koze a.
亚比米勒说:「谁做这事,我不知道,你也没有告诉我,今日我才听见了。」
Abraram pran kèk mouton ak kèk bèf li bay Abimelèk. Konsa, yo pase kontra yonn ak lòt.
亚伯拉罕把羊和牛给了亚比米勒,二人就彼此立约。
Abraram pran sèt mouton nan bann mouton l' yo, li mete yo sou kote.
亚伯拉罕把七只母羊羔另放在一处。
Abimelèk mande l' -Poukisa ou mete sèt mouton sa yo sou kote.
亚比米勒问亚伯拉罕说:「你把这七只母羊羔另放在一处,是什么意思呢?」
Abraram reponn li-Asepte sèt mouton sa yo. Si ou asepte yo, sa vle di ou rekonèt devan tout moun se mwen menm ki te fouye pi a.
他说:「你要从我手里受这七只母羊羔,作我挖这口井的证据。」
Se poutèt sa yo rele anplasman an Bècheba, paske se la menm yo te sèmante yonn bay lòt.
所以他给那地方起名叫别是巴,因为他们二人在那里起了誓。【别是巴就是盟誓的井的意思】
Se Bècheba yo te pase kontra yonn ak lòt. Apre sa, Abimelèk leve, li tounen nan peyi moun Filisti yo, ansanm ak Pikòl, kòmandan lame li a.
他们在别是巴立了约,亚比米勒就同他军长非各起身回非利士地去了。
Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Seyè a, Bondye ki la pou tout tan an.
亚伯拉罕在别是巴栽上一棵垂丝柳树,又在那里求告耶和华─永生 神的名。
Apre sa, Abraram rete kèk lanne ankò nan peyi Filisti a.
亚伯拉罕在非利士人的地寄居了多日。