Genesis 17

Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.
亚伯兰年九十九岁的时候,耶和华向他显现,对他说:「我是全能的 神。你当在我面前作完全人,
M'ap pase yon kontra avè ou, m'ap ba ou anpil anpil pitit pitit.
我就与你立约,使你的后裔极其繁多。」
Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l' ankò, li di l'.
亚伯兰俯伏在地; 神又对他说:
-Men kontra m'ap pase avè ou la. W'ap zansèt moun anpil nasyon.
「我与你立约:你要作多国的父。
Yo p'ap rele ou Abram ankò. Men y'a rele ou Abraram, paske m'ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon.
从此以后,你的名不再叫亚伯兰,要叫亚伯拉罕,因为我已立你作多国的父。
M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Y'ap tounen kantite nasyon. Anpil wa ap soti nan ras ou.
我必使你的后裔极其繁多;国度从你而立,君王从你而出。
M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.
我要与你并你世世代代的后裔坚立我的约,作永远的约,是要作你和你后裔的 神。
Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
我要将你现在寄居的地,就是迦南全地,赐给你和你的后裔永远为业,我也必作他们的 神。」
Bondye di Abraram. Men ou menm ansanm ak tout ras ou, de pitit an pitit, se pou nou dakò pou nou kenbe kontra a avèk mwen.
 神又对亚伯拉罕说:「你和你的后裔必世世代代遵守我的约。
Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi.
你们所有的男子都要受割礼;这就是我与你并你的后裔所立的约,是你们所当遵守的。
Depi koulye a, se pou nou sikonsi tout gason. Se pou sa sèvi yon siy pou moutre gen yon kontra ki pase ant nou menm avè m'.
你们都要受割礼〔原文作割阳皮;14,23,24,25节同〕;这是我与你们立约的证据。
Se pou nou sikonsi tout gason wit jou apre yo fèt, li te mèt pitit moun lakay la, osinon pitit moun lòt nasyon ou pran pou travay lakay ou.
你们世世代代的男子,无论是家里生的,是在你后裔之外用银子从外人买的,生下来第八日,都要受割礼。
Wi, se pou yo tout yo sikonsi, kit yo fèt lakay ou, kit yo fèt nan peyi etranje. Se va yon mak nan kò nou pou fè wè kontra mwen pase avèk nou an, se yon kontra ki la pou tout tan.
你家里生的和你用银子买的,都必须受割礼。这样,我的约就立在你们肉体上作永远的约。
Si yon gason pa sikonsi, se pou yo disparèt li nan ras la, paske li pa t' kenbe kontra mwen fè ak nou an.
但不受割礼的男子必从民中剪除,因他背了我的约。」
Apre sa, Bondye di Abraram. Sarayi, madanm ou, p'ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y'a rele l' Sara.
 神又对亚伯拉罕说:「你的妻子撒莱不可再叫撒莱,她的名要叫撒拉。
M'ap beni madanm ou, m'ap fè l' ba ou yon pitit gason. M'ap beni l', m'ap fè l' tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa.
我必赐福给她,也要使你从她得一个儿子。我要赐福给她,她也要作多国之母;必有百姓的君王从她而出。」
Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l' chonje jan l' fin granmoun. Li t'ap di nan kè l'. Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent?
亚伯拉罕就俯伏在地喜笑,心里说:「一百岁的人还能得孩子吗?撒拉已经九十岁了,还能生养吗?」
Li di Bondye. Tanpri, beni Izmayèl. Pa kite l' mouri!
亚伯拉罕对 神说:「但愿以实玛利活在你面前。」
Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan.
 神说:「不然,你妻子撒拉要给你生一个儿子,你要给他起名叫以撒。我要与他坚定所立的约,作他后裔永远的约。
Ou mande m' pou m' pwoteje Izmayèl pou ou! M'ap fè l' pou ou! M'ap beni l', m'ap ba li anpil pitit ak anpil pitit pitit. Gen douz chèf k'ap soti nan fanmi li. M'ap fè pitit li yo tounen yon gwo nasyon.
至于以实玛利,我也应允你:我必赐福给他,使他昌盛,极其繁多。他必生十二个族长;我也要使他成为大国。
Men, m'ap kenbe kontra mwen an avèk Izarak, pitit gason Sara pral fè pou ou a. L'ap fèt lanne k'ap vini an, lè konsa.
到明年这时节,撒拉必给你生以撒,我要与他坚定所立的约。」
Lè Bondye fin pale avèk Abraram, li kite l', li moute nan syèl.
 神和亚伯拉罕说完了话,就离开他上升去了。
Jou sa a Abraram pran Izmayèl, pitit gason li an, ak tout gason ki t'ap travay lakay li, kit yo te fèt nan kay la, kit se moun lòt nasyon li te pran pou sèvi l', li sikonsi yo tout menm jou a, jan Bondye te pase l' lòd la.
正当那日,亚伯拉罕遵著 神的命,给他的儿子以实玛利和家里的一切男子,无论是在家里生的,是用银子买的,都行了割礼。
Abraram poutèt pa l' te gen katrevendiznèvan lè l' te sikonsi.
亚伯拉罕受割礼的时候年九十九岁。
Izmayèl, pitit gason l' lan, te gen trèzan lè l' te sikonsi.
他儿子以实玛利受割礼的时候年十三岁。
Yo tout de, yo sikonsi yo menm jou
正当那日,亚伯拉罕和他儿子以实玛利一同受了割礼。
ansanm ak tout domestik ki te lakay li, kit yo te fèt la, kit se achte li te achte yo nan men moun lòt nasyon yo.
家里所有的人,无论是在家里生的,是用银子从外人买的,也都一同受了割礼。