Genesis 1

Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
起初, 神创造天地。
Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè.
地是空虚混沌,渊面黑暗; 神的灵运行在水面上。
Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt.
 神说:「要有光」,就有了光。
Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò.
 神看光是好的,就把光暗分开了。
Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te premye jou a.
 神称光为「昼」,称暗为「夜」。有晚上,有早晨,这是头一日。
Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de.
 神说:「诸水之间要有空气,将水分为上下。」
Bondye fè vout la separe dlo a an de, yon pati anwo vout la, yon lòt pati anba l'. Se konsa sa te pase.
 神就造出空气,将空气以下的水、空气以上的水分开了。事就这样成了。
Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te dezyèm jou a.
 神称空气为「天」。有晚上,有早晨,是第二日。
Bondye di ankò. Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase.
 神说:「天下的水要聚在一处,使旱地露出来。」事就这样成了。
Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
 神称旱地为「地」,称水的聚处为「海」。 神看著是好的。
Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase.
 神说:「地要发生青草和结种子的菜蔬,并结果子的树木,各从其类,果子都包著核。」事就这样成了。
Tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
于是地发生了青草和结种子的菜蔬,各从其类;并结果子的树木,各从其类;果子都包著核。 神看著是好的。
Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te twazyèm jou a.
有晚上,有早晨,是第三日。
Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo.
 神说:「天上要有光体,可以分昼夜,作记号,定节令、日子、年岁,
Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase.
并要发光在天空,普照在地上。」事就这样成了。
Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou.
于是 神造了两个大光,大的管昼,小的管夜,又造众星,
Li mete yo nan syèl la pou klere latè a,
就把这些光摆列在天空,普照在地上,
pou kòmande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
管理昼夜,分别明暗。 神看著是好的。
Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te katriyèm jou a.
有晚上,有早晨,是第四日。
Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase.
 神说:「水要多多滋生有生命的物;要有雀鸟飞在地面以上,天空之中(原文作天空的表面)。」
Bondye kreye gwo bèt lanmè yo, tout kalite bèt vivan k'ap naje nan dlo ansanm ak tout kalite zwazo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
 神就造出大鱼和水中所滋生各样有生命的动物,各从其类;又造出各样飞鸟,各从其类。 神看著是好的。
Bondye beni yo, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit, plen dlo lanmè a. Se pou zwazo yo fè anpil anpil pitit tout sou tè a.
 神就赐福给这一切,说:「滋生繁多,充满海中的水;雀鸟也要多生在地上。」
Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te senkyèm jou a.
有晚上,有早晨,是第五日。
Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase.
 神说:「地要生出活物来,各从其类;牲畜、昆虫、野兽,各从其类。」事就这样成了。
Bondye fè tout kalite bèt, bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant. Li gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
于是 神造出野兽,各从其类;牲畜,各从其类;地上一切昆虫,各从其类。 神看著是好的。
Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.
 神说:「我们要照著我们的形像、按著我们的样式造人,使他们管理海里的鱼、空中的鸟、地上的牲畜,和全地,并地上所爬的一切昆虫。」
Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.
 神就照著自己的形像造人,乃是照著他的形像造男造女。
Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a.
 神就赐福给他们,又对他们说:「要生养众多,遍满地面,治理这地,也要管理海里的鱼、空中的鸟,和地上各样行动的活物。」
Bondye di. Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje.
 神说:「看哪,我将遍地上一切结种子的菜蔬和一切树上所结有核的果子全赐给你们作食物。
Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase.
至于地上的走兽和空中的飞鸟,并各样爬在地上有生命的物,我将青草赐给牠们作食物。」事就这样成了。
Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a.
 神看著一切所造的都甚好。有晚上,有早晨,是第六日。