Exodus 37

Bezaleyèl te fè Bwat Kontra a an bwa zakasya. Bwat la te mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè ak de pye twa pous wotè.
比撒列用皂荚木做柜,长二肘半,宽一肘半,高一肘半。
Li kouvri l' nèt, andedan kou deyò, ak pi bon kalite lò ki genyen. Li mete yon bòdi an lò fè wonn li.
里外包上精金,四围镶上金牙边,
Li fonn lò pou fè kat gwo bag tou won pou bwat la. Li moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò.
又铸四个金环,安在柜的四脚上:这边两环,那边两环。
Li fè de jenn ti poto an bwa zakasya, li kouvri yo nèt ak lò.
用皂荚木做两根杠,用金包裹。
Li pase poto yo nan twou bag yo, yonn sou chak bò bwat la pou yo te kapab pote l' kote yo vle.
把杠穿在柜旁的环内,以便抬柜。
Li fè yon kouvèti an bon lò pou bwat la. Kouvèti a te mezire twa pye nèf pous longè ak de pye twa pous lajè.
用精金做施恩座,长二肘半,宽一肘半。
Li pran de gwo moso lò, li bat yo ak mato, li fè pòtre de zanj cheriben li moute sou de pwent kouvèti a,
用金子锤出两个基路伯来,安在施恩座的两头,
yonn sou bò gòch, lòt la sou bò dwat. Li fè yo tankou si yo te fè yon sèl pyès ak kouvèti a.
这头做一个基路伯,那头做一个基路伯,二基路伯接连一块,在施恩座的两头。
Zanj cheriben yo te gen zèl yo louvri anwo tèt yo pou kouvri kouvèti a. Yo te yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a.
二基路伯高张翅膀,遮掩施恩座;基路伯是脸对脸,朝著施恩座。
Li fè tab la an bwa zakasya. Tab la te mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè.
他用皂荚木做一张桌子,长二肘,宽一肘,高一肘半,
Li kouvri l' nèt ak pi bon lò ki genyen, li mete yon bòdi an lò fè wonn li.
又包上精金,四围镶上金牙边。
Li mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi li kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò.
桌子的四围各做一掌宽的横梁,横梁上镶著金牙边,
Li fè kat gwo bag tou won an lò. Li moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a.
又铸了四个金环,安在桌子四脚的四角上。
Li te moute bag won yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo yo pase poto bwa ki pou sèvi pou pote tab la.
安环子的地方是挨近横梁,可以穿杠抬桌子。
Li fè poto yo ak bwa zakasya, epi li kouvri yo nèt ak lò. Se poto sa yo ki sèvi pou pote tab la.
他用皂荚木做两根杠,用金包裹,以便抬桌子;
Li fè tout bagay ki pou ale sou tab la: asyèt, bòl, tas, gode, bagay ki pou sèvi lè y'ap fè sèvis pou Bondye. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen.
又用精金做桌子上的器皿,就是盘子、调羹,并奠酒的瓶和爵。
Li fè gwo lanp sèt branch lan ak pi bon lò ki genyen. Li pran yon sèl moso lò pou li fè lanp sèt branch lan: kò li, branch li yo, flè yo, boujon yo, ak fèy yo ki te fè yon sèl pyès ak li.
他用精金做一个灯台;这灯台的座和干,与杯、球、花,都是接连一块锤出来的。
Li te gen yon branch nan mitan ak twa branch chak bò.
灯台两旁杈出六个枝子:这旁三个,那旁三个。
Sou chak branch sou kote yo, te gen pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo sou yo. Konsa, konsa, sou tout sis branch sou kote yo.
这旁每枝上有三个杯,形状像杏花,有球有花;那旁每枝上也有三个杯,形状像杏花,有球有花。从灯台杈出来的六个枝子都是如此。
Sou branch mitan an te gen kat flè nwa kajou avèk tout boujon yo sou yo.
灯台上有四个杯,形状像杏花,有球有花。
Te gen yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo.
灯台每两个枝子以下有球,与枝子接连一块;灯台杈出的六个枝子都是如此。
Boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ak pye lanp sèt branch lan. Se yon sèl moso lò yo bat pou fè tout.
球和枝子是接连一块,都是一块精金锤出来的。
Li fè sèt ti lanp pou lanp sèt branch lan avèk pensèt pou netwaye lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen.
用精金做灯台的七个灯盏,并灯台的蜡剪和蜡花盘。
Li te pran swasannkenz liv bon lò pou fè lanp sèt branch lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak lanp sèt branch lan.
他用精金一他连得做灯台和灯台的一切器具。
Bezaleyèl fè lòtèl pou boule lansan an ak bwa zakasya. Li fè l' kare kare: dizwit pous lajè, dizwit pous longè, trannsis pous wotè. Kat kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la.
他用皂荚木做香坛,是四方的,长一肘,宽一肘,高二肘,坛的四角与坛接连一块;
Bezaleyèl kouvri tout anwo lòtèl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. Apre sa, li mete yon bòdi an lò fè wonn li.
又用精金把坛的上面与坛的四面并坛的四角包裹,又在坛的四围镶上金牙边。
Li fè de bag an lò, li moute yo anba bòdi a sou de kote lòtèl la. Se nan bag sa yo pou yo pase manch ki pou sèvi pou pote lòtèl la.
做两个金环,安在牙子边以下,在坛的两旁、两根横撑上,作为穿杠的用处,以便抬坛。
Li fè manch yo an bwa zakasya epi li kouvri yo nèt ak lò.
用皂荚木做杠,用金包裹。
Bezaleyèl fè lwil ki pou sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou Bondye a ansanm ak lansan santi bon an, jan moun ki konn fè odè avèk ladrès yo fè yo.
又按做香之法做圣膏油和馨香料的净香。