Exodus 10

Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l' gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l' yo, pou m' fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo.
耶和华对摩西说:「你进去见法老。我使他和他臣仆的心刚硬,为要在他们中间显我这些神迹,
Konsa tou, n'a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n'a konnen se mwen menm menm ki Seyè a.
并要叫你将我向埃及人所做的事,和在他们中间所行的神迹,传于你儿子和你孙子的耳中,好叫你们知道我是耶和华。」
Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.
摩西、亚伦就进去见法老,对他说:「耶和华─希伯来人的 神这样说:『你在我面前不肯自卑要到几时呢?容我的百姓去,好事奉我。
Si ou refize kite pèp mwen an ale, men sa m' pral fè: Denmen, mwen pral voye krikèt vèt sou tout peyi a.
你若不肯容我的百姓去,明天我要使蝗虫进入你的境内,
Yo pral kouvri tout tè a, jouk moun p'ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. y'a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo.
遮满地面,甚至看不见地,并且吃那冰雹所剩的和田间所长的一切树木。
Y'ap anvayi tout kay ou yo, kay tout moun pa ou yo ak kay tout moun nan peyi a. Se bagay granpapa nou yo ak zansèt nou yo pa t' janm wè depi yo fèt jouk jounen jòdi a. Apre sa, Moyiz vire do l', li soti kay farawon an.
你的宫殿和你众臣仆的房屋,并一切埃及人的房屋,都要被蝗虫占满了;自从你祖宗和你祖宗的祖宗在世以来,直到今日,没有见过这样的灾。』」摩西就转身离开法老出去。
Moun pa farawon yo vin di l': -Kilè nonm sa a va sispann ban nou pwoblèm? Kite moun yo ale non. Kite yo al fè sèvis pou Bondye yo a. Ou pa wè jan peyi Lejip la ap fini!
法老的臣仆对法老说:「这人为我们的网罗要到几时呢?容这些人去事奉耶和华─他们的 神吧!埃及已经败坏了,你还不知道吗?」
Se konsa yo fè Moyiz ak Arawon tounen vin kote farawon an. Farawon an di yo: -Nou mèt al fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Kilès ki prale?
于是摩西、亚伦被召回来见法老;法老对他们说:「你们去事奉耶和华─你们的 神;但那要去的是谁呢?」
Moyiz reponn li: -Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n' fè pou Seyè a.
摩西说:「我们要和我们老的少的、儿子女儿同去,且把羊群牛群一同带去,因为我们务要向耶和华守节。」
Farawon an di yo: -Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Seyè a ede nou vre! Men, mwen p'ap kite nou ale ansanm ak timoun yo.
法老对他们说:「我容你们和你们妇人孩子去的时候,耶和华与你们同在吧!你们要谨慎;因为有祸在你们眼前(或作:你们存著恶意),
Non. Sa p'ap pase konsa. Se nou menm gason yo ase ki mèt ale pou fè sèvis pou Seyè a. Se pa sa nou te mande? Lè l' fin di yo sa, li fè mete yo deyò lakay li.
不可都去!你们这壮年人去事奉耶和华吧,因为这是你们所求的。」于是把他们从法老面前撵出去。
Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite.
耶和华对摩西说:「你向埃及地伸杖,使蝗虫到埃及地上来,吃地上一切的菜蔬,就是冰雹所剩的。」
Moyiz lonje baton l' lan sou peyi Lejip la. Seyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini.
摩西就向埃及地伸杖,那一昼一夜,耶和华使东风刮在埃及地上;到了早晨,东风把蝗虫刮了来。
Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò.
蝗虫上来,落在埃及的四境,甚是厉害;以前没有这样的,以后也必没有。
Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt.
因为这蝗虫遮满地面,甚至地都黑暗了,又吃地上一切的菜蔬和冰雹所剩树上的果子。埃及遍地,无论是树木,是田间的菜蔬,连一点青的也没有留下。
Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou.
于是法老急忙召了摩西、亚伦来,说:「我得罪耶和华─你们的 神,又得罪了你们。
Tanpri, padonnen peche m' fwa sa a. Lapriyè Seyè a, Bondye nou an, ankò pou l' wete chatiman sa a sou mwen. Se touye chatiman sa a ap touye m'!
现在求你,只这一次,饶恕我的罪,求耶和华─你们的 神使我脱离这一次的死亡。」
Moyiz soti kay farawon an. Li lapriyè Seyè a.
摩西就离开法老去求耶和华。
Seyè a fè yon gwo van lwès soufle fwa sa a. Van an pote tout krikèt yo al jete nan lanmè Wouj la. Pat rete yon sèl grenn krikèt nan tout peyi Lejip la.
耶和华转了极大的西风,把蝗虫刮起,吹入红海;在埃及的四境连一个也没有留下。
Men Seyè a fè farawon an fè tèt di ankò. Farawon an pa kite moun pèp Izrayèl yo ale.
但耶和华使法老的心刚硬,不容以色列人去。
Seyè a di Moyiz ankò: -Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi li anba men yo.
耶和华对摩西说:「你向天伸杖,使埃及地黑暗;这黑暗似乎摸得著。」
Moyiz leve men li anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou.
摩西向天伸杖,埃及遍地就乌黑了三天。
Moun peyi Lejip yo fè twa jou yonn pa t' ka wè lòt, pesonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a.
三天之久,人不能相见,谁也不敢起来离开本处;惟有以色列人家中都有亮光。
Farawon an fè rele Moyiz, li di l' konsa: -Nou mèt ale fè sèvis pou Seyè a. Nou mèt ale ak timoun nou yo. Men mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo ap rete isit la.
法老就召摩西来,说:「你们去事奉耶和华;只是你们的羊群牛群要留下;你们的妇人孩子可以和你们同去。」
Moyiz reponn li: -Bon, lè sa a, se ou menm ki pral ban nou bèt pou nou touye pou nou boule pou Seyè a, Bondye nou an?
摩西说:「你总要把祭物和燔祭牲交给我们,使我们可以祭祀耶和华─我们的 神。
Tout bèt nou fèt pou ale ak nou. Nou p'ap kite yonn dèyè. Paske, se ladan yo pou nou pran sa nou bezwen pou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Tout tan nou pa rive, nou poko konnen kisa nou pral chwazi pou ofri bay Seyè a.
我们的牲畜也要带去,连一蹄也不留下;因为我们要从其中取出来,事奉耶和华─我们的 神。我们未到那里,还不知道用什么事奉耶和华。」
Men Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou. Farawon an pa t' vle kite yo ale.
但耶和华使法老的心刚硬,不肯容他们去。
Farawon an di Moyiz konsa: -Wete kò ou devan m'. Gade! Pa janm parèt devan m' ankò, paske jou ou ta parèt devan m' ankò, m'ap disparèt ou.
法老对摩西说:「你离开我去吧,你要小心,不要再见我的面!因为你见我面的那日你就必死!」
Moyiz reponn li: -Jan ou vle! Mwen p'ap janm parèt devan ou ankò.
摩西说:「你说得好!我必不再见你的面了。」