Esther 8

Menm jou sa a, wa Asyeris pran tout byen Aman yo, nonm ki pa t' vle wè jwif yo, li fè larenn Estè kado. Estè fè wa a konnen Madoche se fanmi li. Depi lè sa a, Madoche te gen dwa parèt devan wa a.
当日,亚哈随鲁王把犹大人仇敌哈曼的家产赐给王后以斯帖。末底改也来到王面前,因为以斯帖已经告诉王,末底改是她的亲属。
Wa a wete bag li te reprann nan men Aman an, li bay Madoche li. Estè menm mete Madoche reskonsab tout byen Aman yo.
王摘下自己的戒指,就是从哈曼追回的,给了末底改。以斯帖派末底改管理哈曼的家产。
Apre sa, Estè al pale ak wa a ankò. Li lage kò l' nan pye l' ap kriye. Li mande l' pou l' fè kichòy pou kraze vye konplo Aman, moun laras Agag la, te moute sou do jwif yo.
以斯帖又俯伏在王脚前,流泪哀告,求他除掉亚甲族哈曼害犹大人的恶谋。
Wa a lonje baton an lò a bay Estè. Estè leve epi li di:
王向以斯帖伸出金杖;以斯帖就起来,站在王前,
-Si sa fè wa a plezi, si wa a kontan avè m', si se yon bagay li ka fè, si mwen fè wa a plezi, tanpri, ekri yon lèt pou revoke lòd Aman, pitit Amedata, moun laras Agag la, te bay pou yo te touye dènye kras jwif toupatou nan peyi wa a.
说:「亚甲族哈米大他的儿子哈曼设谋传旨,要杀灭在王各省的犹大人。现今王若愿意,我若在王眼前蒙恩,王若以为美,若喜悦我,请王另下旨意,废除哈曼所传的那旨意。
Mwen p'ap ka rete konsa pou m' wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m' wè y'ap touye tout fanmi m' yo.
我何忍见我本族的人受害?何忍见我同宗的人被灭呢?」
Wa Asyeris di Estè ak Madoche konsa: -Gade, mwen fè pann Aman poutèt konplo li te moute sou do jwif yo, lèfini, m' bay Estè tout byen li yo.
亚哈随鲁王对王后以斯帖和犹大人末底改说:「因哈曼要下手害犹大人,我已将他的家产赐给以斯帖,人也将哈曼挂在木架上。
Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk so wa a sou li, li pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gen dwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk so mwen sou li.
现在你们可以随意奉王的名写谕旨给犹大人,用王的戒指盖印;因为奉王名所写、用王戒指盖印的谕旨,人都不能废除。」
Tou sa te pase nan venntwazyèm jou twazyèm mwa a, mwa Sivan an. Madoche fè chache tout sekretè wa yo, li di yo tou sa pou yo mete nan lèt pou yo voye bay jwif yo, bay gouvènè yo, bay prefè yo ak lòt chèf pèp yo, nan tout sanvennsèt (127) pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letiopi. Lèt yo te ekri pou chak pwovens yo nan lang yo, dapre jan yo ekri lang lan nan peyi a. Yo ekri lèt pou jwif yo nan lang pa yo, dapre jan yo ekri lang pa yo a tou.
三月,就是西弯月二十三日,将王的书记召来,按著末底改所吩咐的,用各省的文字、各族的方言,并犹大人的文字方言写谕旨,传给那从印度直到古实一百二十七省的犹大人和总督省长首领。
Madoche fè ekri lèt yo nan non wa a, epi li mete so wa a sou yo. Yo renmèt lèt yo bay mesaje pote ale. Mesaje yo te moute sou chwal yo te pran nan ekri wa a.
末底改奉亚哈随鲁王的名写谕旨,用王的戒指盖印,交给骑御马圈快马的驿卒,传到各处。
Dapre sa ki te nan lèt yo, wa a te bay tout jwif yo pèmisyon pou yo te òganize yo nan chak lavil peyi a pou yo te ka defann tèt yo. Nenpòt moun lòt nasyon ki ta atake yo ak zam nan nenpòt pwovens, se pou yo koresponn ak yo, se pou yo masakre yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Se pou yo touye yo nèt ale, lèfini pou yo pran tout byen yo.
谕旨中,王准各省各城的犹大人在一日之间,十二月,就是亚达月十三日,聚集保护性命,剪除杀戮灭绝那要攻击犹大人的一切仇敌和他们的妻子儿女,夺取他们的财为掠物。
Se sa pou jwif yo fè nan tout pwovens peyi wa Asyeris la, nan trèzyèm jou douzyèm mwa a, ki vle di mwa Ada a.
并入上一节
Nan chak pwovens, se pou yo te konsidere lèt la tankou yon lwa. Se pou yo te pibliye l' pou tout moun te ka konnen sa ki ladan l'. Jwif yo menm te pou pare pou yo te tire revanj yo sou lènmi yo jou sa a.
抄录这谕旨,颁行各省,宣告各族,使犹大人预备等候那日,在仇敌身上报仇。
Jan wa a te bay lòd la, mesaje yo moute sou chwal wa yo, yo kouri pote lèt yo ale. Yo te mache fè konnen lòd wa a nan lavil Souz, kapital la, tou.
于是骑快马的驿卒被王命催促,急忙起行;谕旨也传遍书珊城。
Madoche soti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad ble e blan, tankou rad wa a, sou li, yon gwo kouwòn lò sou tèt li ak yon manto koulè violèt sou zepòl li. Tout moun lavil Souz te kontan, yo t'ap fè fèt.
末底改穿著蓝色白色的朝服,头戴大金冠冕,又穿紫色细麻布的外袍,从王面前出来;书珊城的人民都欢呼快乐。
Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman; yo te kontan, yo t'ap fè fèt, se te yon bèl bagay pou yo.
犹大人有光荣,欢喜快乐而得尊贵。
Nan tout pwovens yo, nan chak lavil yo, toupatou kote yo te li lèt wa a te voye a, jwif yo pase jou a ap fè fèt, yo te kontan, yo fè resepsyon, yo bay manje. Anpil moun lòt nasyon fè yo jwif lè sa a, paske yo te pè jwif yo anpil.
王的谕旨所到的各省各城,犹大人都欢喜快乐,设摆筵宴,以那日为吉日。那国的人民,有许多因惧怕犹大人,就入了犹大籍。