Ephesians 6

Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n' obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye.
你们作儿女的,要在主里听从父母,这是理所当然的。
Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l':
要孝敬父母,使你得福,在世长寿。这是第一条带应许的诫命。
Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
a
Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.
你们作父亲的,不要惹儿女的气,只要照著主的教训和警戒养育他们。
Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la.
你们作仆人的,要惧怕战兢,用诚实的心听从你们肉身的主人,好像听从基督一般。
Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k'ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k'ap sèvi Kris la.
不要只在眼前事奉,像是讨人喜欢的,要像基督的仆人,从心里遵行 神的旨意。
Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Seyè a.
甘心事奉,好像服事主,不像服事人。
Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l' resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, dapre bon travay li fè a.
因为晓得各人所行的善事,不论是为奴的,是自主的,都必按所行的得主的赏赐。
Nou menm mèt, se pou n' aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun.
你们作主人的,待仆人也是一理,不要威吓他们。因为知道,他们和你们同有一位主在天上;他并不偏待人。
Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li.
我还有末了的话:你们要靠著主,倚赖他的大能大力作刚强的人。
Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.
要穿戴 神所赐的全副军装,就能抵挡魔鬼的诡计。
Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
因我们并不是与属血气的争战(原文作摔交;下同),乃是与那些执政的、掌权的、管辖这幽暗世界的,以及天空属灵气的恶魔争战。
Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.
所以,要拿起 神所赐的全副军装,好在磨难的日子抵挡仇敌,并且成就了一切,还能站立得住。
Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo.
所以要站稳了,用真理当作带子束腰,用公义当作护心镜遮胸,
Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a.
又用平安的福音当作预备走路的鞋穿在脚上。
Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.
此外,又拿著信德当作籐牌,可以灭尽那恶者一切的火箭;
Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.
并戴上救恩的头盔,拿著圣灵的宝剑,就是 神的道;
Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
靠著圣灵,随时多方祷告祈求;并要在此儆醒不倦,为众圣徒祈求,
Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la.
也为我祈求,使我得著口才,能以放胆开口讲明福音的奥祕,
Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la.
我为这福音的奥祕作了带锁鍊的使者,并使我照著当尽的本分放胆讲论。
Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Seyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m' ap mache.
今有所亲爱、忠心事奉主的兄弟推基古,他要把我的事情,并我的景况如何全告诉你们,叫你们知道。
M'ap voye l' tout espre pou l' sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouraj nou.
我特意打发他到你们那里去,好叫你们知道我们的光景,又叫他安慰你们的心。
Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye.
愿平安、仁爱、信心,从父 神和主耶稣基督归与弟兄们!
benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Seyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini.
并愿所有诚心爱我们主耶稣基督的人都蒙恩惠!