Daniel 11

Mwen menm tou mwen te kanpe ak li pou ede l', pou soutni l' nan premye lanne rèy wa Dariyis la.
又说:「当玛代王大利乌元年,我曾起来扶助米迦勒,使他坚强。
Koulye a, mwen pral fè ou konnen verite a. Zanj lan di m' ankò: -Gen twa lòt wa ki gen pou gouvènen peyi Pès la ankò, yonn apre lòt. Apre sa, ap gen yon katriyèm wa k'ap pi rich pase tout lòt yo. Avèk richès li, l'ap chita pouvwa li byen chita, epi li pral atake gouvènman peyi Lagrès la.
现在我将真事指示你:波斯还有三王兴起,第四王必富足远胜诸王。他因富足成为强盛,就必激动大众攻击希腊国。
Lè sa a, yon wa vanyan gason va parèt. Li pral gouvènen yon gwo gwo peyi. Epi l'ap fè sa li vle.
必有一个勇敢的王兴起,执掌大权,随意而行。
Men, lè l'a fin chita pouvwa li byen chita, gwo peyi l'ap gouvènen an pral separe fè kat pòsyon. Men, se p'ap pitit li yo ki pral gouvènen nan plas li. Se va kat lòt moun. Men, yo p'ap gen pouvwa li menm li te genyen an.
他兴起的时候,他的国必破裂,向天的四方(方:原文是风)分开,却不归他的后裔,治国的权势也都不及他;因为他的国必被拔出,归与他后裔之外的人。
Wa peyi Lejip la pral vin fò anpil. Men, yonn nan jeneral lame li yo pral pi fò pase l'. Li pral gouvènen yon peyi ki pi gran pase pa l' la toujou.
南方的王必强盛,他将帅中必有一个比他更强盛,执掌权柄,他的权柄甚大。
Apre kèk lanne, wa peyi Lejip la pral siyen kontra ak wa peyi Siri a. Pitit fi wa peyi Lejip la pral marye ak wa peyi Siri a pou kontra a ka kenbe. Men, kontra a p'ap rete lontan, paske yo pral touye ni li, ni mari l', ni pitit li, ni moun li te mennen avè l' lè sa a.
过些年后,他们必互相连合,南方王的女儿必就了北方王来立约;但这女子帮助之力存立不住,王和他所倚靠之力也不能存立。这女子和引导她来的,并生她的,以及当时扶助她的,都必交与死地。
Kèk tan apre sa, yonn nan fanmi l' yo va moute wa. Li pral atake lame wa peyi Siri a. L'ap antre nan sitadèl wa a, l'ap goumen avè l'. L'ap soti pi fò pase l'.
但这女子的本家(原文是根)必另生一子(子:原文是枝)继续王位,他必率领军队进入北方王的保障,攻击他们,而且得胜;
L'ap pran tout bondye moun yo ak estati an fè yo, ansanm ak tout veso fèt an ajan ak an lò yo te gen pou fè sèvis zidòl yo, l'ap pote yo desann nan peyi Lejip. Pandan kèk tan l'ap rete sou sa l' te fè a, li p'ap pwoche bò peyi Siri a.
并将他们的神像和铸成的偶像,与金银的宝器掠到埃及去。数年之内,他不去攻击北方的王。
Wa peyi Siri a pral atake peyi Lejip. Men, l'ap blije kase tèt tounen lakay li.
北方的王(原文是他)必入南方王的国,却要仍回本地。
Pitit gason wa peyi Siri a pral pare pou y' al goumen. Y'ap sanble yon gwo lame ak anpil sòlda. Yonn ladan yo pral parèt tankou yon gwo larivyè k'ap desann. L'ap travèse fwontyè a, l'ap atake yon fò lènmi epi l'ap kouri tounen lakay yo.
北方王(原文是他)的二子必动干戈,招聚许多军兵。这军兵前去,如洪水泛滥,又必再去争战,直到南方王的保障。
Wa peyi Lejip la pral fache. Li pral leve yon gwo lame pou li al goumen ak wa peyi Siri a, l'ap fè tout sòlda lame wa peyi Siri a prizonye.
南方王必发烈怒,出来与北方王争战,摆列大军;北方王的军兵必交付他手。
L'ap kraze gwo lame wa Siri a. Li pral gonfle lestonmak li, l'ap fè touye anpil sòlda. Men, apre sa, l'ap pèdi fòs li.
他的众军高傲,他的心也必自高;他虽使数万人仆倒,却不得常胜。
Wa peyi Siri a ap tounen ankò, l'ap sanble yon lame pi gwo pase sa l' te gen anvan an. Apre kèk lanne, l'ap parèt ak yon gwo lame ak anpil zam.
北方王必回来摆列大军,比先前的更多。满了所定的年数,他必率领大军,带极多的军装来。
Lè sa a, anpil pèp pral leve kont wa peyi Lejip la. Danyèl, jan ou te wè l' nan vizyon an, kèk lwijanboje nan moun peyi ou la pral leve kont wa a tou, men y'ap kraze yo.
那时,必有许多人起来攻击南方王,并且你本国的强暴人必兴起,要应验那异象,他们却要败亡。
Se konsa, wa peyi Siri a pral sènen yon lavil ki gen gwo ranpa. L'ap pran l'. Sòlda lame peyi Lejip yo p'ap ka kenbe tèt avè l'. Menm pi bon nan sòlda yo p'ap gen fòs ankò pou kenbe.
北方王必来筑垒攻取坚固城;南方的军兵必站立不住,就是选择的精兵(原文是民)也无力站住。
Lame peyi Siri a pral fè sa li vle ak peyi Lejip. Pesonn p'ap ka kenbe tèt avè l'. L'ap rete kèk tan nan pi bèl peyi ki sou latè a. L'ap detwi tou sa ki tonbe anba men l'.
来攻击他的,必任意而行,无人在北方王(原文是他)面前站立得住。他必站在那荣美之地,用手施行毁灭。
Wa Siri a ap mete nan tèt li pou l' pran tout peyi lòt wa a pou li. L'ap siyen yon kontra avè l'. Pou l' ka pran l' pi byen, l'ap ba li pitit fi li a pou madanm. Men, plan an p'ap pran, sa p'ap mache.
他必定意用全国之力而来,立公正的约,照约而行,将自己的女儿给南方王为妻,想要败坏他(或译:埃及),这计却不得成就,与自己毫无益处。
Lèfini, l'ap pase nan lanmè, l'ap atake lòt nasyon sou zile yo. L'ap pran anpil ladan yo. Men, yonn nan chèf lòt nasyon yo pral rete l' sou kous li. L'ap fè l' sispann fè awogan. L'ap fè awogans wa a tounen sou tèt wa a ankò.
其后他必转回夺取了许多海岛。但有一大帅,除掉他令人受的羞辱,并且使这羞辱归他本身。
Wa a ap tounen nan fò ki nan peyi pa l' yo. Men, wè pa wè, y'ap kraze l', y'ap fini nèt avè l', l'ap disparèt.
他就必转向本地的保障,却要绊跌仆倒,归于无有。
Apre li, ap gen yon lòt wa k'ap voye yon chèf pou peze pèp la. L'ap egzije pèp la peye taks pou yo plen kès wa a. Anvan lontan y'ap touye wa a, men se p'ap bagay k'ap rive ni an piblik ni nan lagè.
那时,必有一人兴起接续他为王,使横征暴敛的人通行国中的荣美地。这王不多日就必灭亡,却不因忿怒,也不因争战。
Zanj lan t'ap pale toujou. Li di: -Wa k'ap parèt apre sa a pral yon vòryen ki pa t' gen dwa pou l' te nan plas la. Men, l'ap vini tou dousman, l'ap fè mannigèt, l'ap pran pouvwa a.
必有一个卑鄙的人兴起接续为王,人未曾将国的尊荣给他,他却趁人坦然无备的时候,用谄媚的话得国。
Tout moun ki konprann pou yo kenbe tèt ak li, l'ap kraze yo, l'ap disparèt yo. L'ap disparèt ata chèf kontra a.
必有无数的军兵势如洪水,在他面前冲没败坏;同盟的君也必如此。
L'ap siyen kontra ak lòt nasyon yo, men se pou l' ka twonpe yo pi byen. Atout peyi l' la tou piti, chak jou l'ap vin pi fò.
与那君结盟之后,他必行诡诈,因为他必上来以微小的军(原文是民)成为强盛。
San bay ankenn avètisman, l'ap anvayi yon pwovens ki rich anpil, l'ap fè bagay ni papa l', ni pesonn nan zansèt li yo pa t' janm fè. Lèfini, l'ap pran tout byen, tout richès li te piye lakay moun yo, l'ap separe yo bay moun pa l' yo. L'ap fè plan pou l' atake gwo fò yo, men li p'ap gen tan fè sa.
趁人坦然无备的时候,他必来到国中极肥美之地,行他列祖和他列祖之祖所未曾行的,将掳物、掠物,和财宝散给众人,又要设计攻打保障,然而这都是暂时的。
L'ap leve, l'ap pare yon gwo lame pou l' atake peyi Lejip. Wa Lejip la menm ap pare yon gwo lame tou ak anpil zam pou koresponn ak li. Men, l'ap pèdi batay la paske y'ap fè move konplo sou do l'.
他必奋勇向前,率领大军攻击南方王;南方王也必以极大极强的军兵与他争战,却站立不住,因为有人设计谋害南方王。
Zanmi ki t'ap manje sou menm tab avè l' yo ap fè yo fini avè l'. Anpil nan sòlda li yo pral mouri. Y'ap kraze lame li a.
吃王膳的,必败坏他;他的军队必被冲没,而且被杀的甚多。
Apre sa, de wa yo pral chita manje ansanm sou menm tab, men tou de pral gen move lide dèyè tèt yo, yonn ap bay lòt manti. Yo yonn yo p'ap jwenn sa yo bezwen an, paske lè a p'ap ko rive.
至于这二王,他们心怀恶计,同席说谎,计谋却不成就;因为到了定期,事就了结。
Wa peyi Siri a ap tounen nan peyi l' ak anpil richès l'ap piye nan peyi Lejip. Apre lagè a, l'ap soti pou l' kraze relijyon pèp Bondye a. L'ap fè sa li te gen lide fè a. Lèfini, l'ap tounen tounen l' nan peyi l'.
北方王(原文是他)必带许多财宝回往本国,他的心反对圣约,任意而行,回到本地。
Kèk tan apre sa, l'ap tounen desann nan peyi Lejip ankò. Men, fwa sa a, sa p'ap pase tankou premye fwa a.
到了定期,他必返回,来到南方。后一次却不如前一次,
Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l' sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. l'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a.
因为基提战船必来攻击他,他就丧胆而回,又要恼恨圣约,任意而行;他必回来联络背弃圣约的人。
L'ap voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l' ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan.
他必兴兵,这兵必亵渎圣地,就是保障,除掉常献的燔祭,设立那行毁坏可憎的。
Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'.
作恶违背圣约的人,他必用巧言勾引;惟独认识 神的子民必刚强行事。
Chèf ki gen bon konprann yo va separe konesans yo ak pèp la. Men, pandan kèk tan yo pral pèsekite yo, y'ap touye yo nan batay. Yo pral boule yo nan dife jouk yo mouri. Y'ap depòte yo, y'ap piye tout zafè yo.
民间的智慧人必训诲多人;然而他们多日必倒在刀下,或被火烧,或被掳掠抢夺。
Pandan tout pèsekisyon sa a, pèp Bondye a va resevwa yon ti konkou. Men, anpil moun ap vin mete tèt ansanm ak yo pou defann pwòp enterè pa yo.
他们仆倒的时候,稍得扶助,却有许多人用谄媚的话亲近他们。
Nan chèf ki gen konesans yo genyen k'ap mouri. Men, avèk lafliksyon sa a, pèp la va netwaye, l'a lave, l'a blanchi. Sa pral pase konsa jouk lè a va rive pou sa fini nan dat Bondye te fikse a.
智慧人中有些仆倒的,为要熬炼其余的人,使他们清净洁白,直到末了;因为到了定期,事就了结。
Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.
王必任意而行,自高自大,超过所有的神,又用奇异的话攻击万神之神。他必行事亨通,直到主的忿怒完毕,因为所定的事必然成就。
Wa a p'ap konnen bondye zansèt li yo, li p'ap konnen bondye medam yo renmen sèvi a, li p'ap konn ankenn lòt bondye. Se tèt pa l' ase l'ap konnen. Pou li, li pi gran pase yo tout.
他必不顾他列祖的神,也不顾妇女所羨慕的神,无论何神他都不顾;因为他必自大,高过一切。
Nan plas yo, l'ap pito sèvi bondye ki pwoteje fò yo, yon bondye zansèt li yo pa t' janm konnen. L'ap ofri lò, ajan, bèl pyè bijou ak lòt bagay ki koute chè ba li.
他倒要敬拜保障的 神,用金、银、宝石和可爱之物敬奉他列祖所不认识的神。
Pou defann fò li yo, l'ap pran moun ki sèvi lòt bondye pou sèvi sòlda. Depi yon moun rekonèt li pou wa, l'ap fè bèl bagay pou li, l'ap mete l' chèf sou anpil moun, l'ap ba li tè pou rekonpans.
他必靠外邦神的帮助,攻破最坚固的保障。凡承认他的,他必将荣耀加给他们,使他们管辖许多人,又为贿赂分地与他们。
Lè tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral atake l'. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha lagè li yo, tout kavalye l' yo ak anpil batiman. L'ap anvayi anpil peyi, l'ap tankou yon gwo larivyè k'ap desann.
到末了,南方王要与他交战。北方王必用战车、马兵,和许多战船,势如暴风来攻击他,也必进入列国,如洪水泛滥。
L'ap anvayi pi bèl peyi ki sou latè a, l'ap touye yon pakèt moun. Men, moun peyi Edon, moun peyi Moab ak rès moun peyi Amon yo va chape anba men l'.
又必进入那荣美之地,有许多国就被倾覆,但以东人、摩押人,和一大半亚扪人必脱离他的手。
Wi, l'ap anvayi tout peyi yo. Ata peyi Lejip p'ap chape.
他必伸手攻击列国;埃及地也不得脱离。
L'ap pran tout richès peyi Lejip la pou li: lò, ajan ak tout bèl bagay ki koute chè yo. L'ap fè moun Libi yo ak moun Letiopi yo bat ba devan li.
他必把持埃及的金银财宝和各样的宝物。利比亚人和古实人都必跟从他。
Men, l'ap vin tande nouvèl k'ap kouri soti nan nò ak bò solèy leve. L'ap pè, l'ap kase tèt tounen. L'ap debòde, l'ap kraze brize, l'ap masakre anpil moun.
但从东方和北方必有消息扰乱他,他就大发烈怒出去,要将多人杀灭净尽。
L'ap moute gwo tant li a ant lanmè a ak mòn kote tanp Bondye a kanpe a. Men, l'ap mouri, p'ap gen pesonn pou pote l' sekou.
他必在海和荣美的圣山中间设立他如宫殿的帐幕;然而到了他的结局,必无人能帮助他。