Daniel 10

Siris t'ap mache sou twazan depi l' te wa nan peyi Pès lè Bondye fè Danyèl, ki te rele Beltechaza tou, konnen yon mesaj. Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la. Se nan yon vizyon yo te fè l' konprann mesaj la.
波斯王古列第三年,有事显给称为伯提沙撒的但以理。这事是真的,是指著大争战;但以理通达这事,明白这异象。
Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn.
当那时,我─但以理悲伤了三个七日。
Mwen pa t' manje ankenn bon ti manje, ni ankenn vyann. Mwen pa t' mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pa t' pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.
美味我没有吃,酒肉没有入我的口,也没有用油抹我的身,直到满了三个七日。
Sou vennkatriyèm jou premye mwa a nan lanne a, mwen te kanpe bò gwo larivyè Lefrat la.
正月二十四日,我在底格里斯大河边,
Mwen leve je m', mwen wè yon moun ki te gen rad swa sou li ak yon sentiwon fèt ak bon lò mare nan ren l'.
举目观看,见有一人身穿细麻衣,腰束乌法精金带。
Kò l' te klere tankou yon wòch poli. Figi l' te tankou zèklè. Je l' yo te klere tankou de moso chabon dife. Bra l' ak janm li yo te tankou kwiv yo te poli. Lè l' pale menm, se tankou si se te yon foul moun ki t'ap pale ansanm.
他身体如水苍玉,面貌如闪电,眼目如火把,手和脚如光明的铜,说话的声音如大众的声音。
Se mwen menm sèlman ki te wè vizyon an. Lòt moun ki te avè m' yo pa t' wè anyen. Men yo te pè, yo te kouri al kache.
这异象惟有我─但以理一人看见,同著我的人没有看见。他们却大大战兢,逃跑隐藏,
Mwen menm, mwen te rete la pou kont mwen. Mwen t'ap gade gwo vizyon an. Mwen santi m' pa t' gen fòs menm, figi m' te dekonpoze. Pa gen moun ki ta ka rekonèt mwen.
只剩下我一人。我见了这大异象便浑身无力,面貌失色,毫无气力。
Lè m' tande vwa li menm, mwen tonbe fas atè, mwen pèdi konesans.
我却听见他说话的声音,一听见就面伏在地沉睡了。
Apre sa, mwen santi yon men manyen m', li fè m' leve sou pla men m' ak sou jenou m'. M' t'ap tranble toujou.
忽然,有一手按在我身上,使我用膝和手掌支持微起。
Zanj lan di m' konsa: -Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m' kote ou. Lè li fin di m' sa, mwen leve kanpe, men m' t'ap tranble toujou.
他对我说:「大蒙眷爱的但以理啊,要明白我与你所说的话,只管站起来,因为我现在奉差遣来到你这里。」他对我说这话,我便战战兢兢地立起来。
Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a.
他就说:「但以理啊,不要惧怕!因为从你第一日专心求明白将来的事,又在你 神面前刻苦己心,你的言语已蒙应允;我是因你的言语而来。
Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m' pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m' sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.
但波斯国的魔君拦阻我二十一日。忽然有大君(就是天使长;二十一节同)中的一位米迦勒来帮助我,我就停留在波斯诸王那里。
Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.
现在我来,要使你明白本国之民日后必遭遇的事,因为这异象关乎后来许多的日子。」
Lè li di m' sa, m' bese je m' gade atè san m' pa di anyen.
他向我这样说,我就脸面朝地,哑口无声。
Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l', li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m' lan: -Mèt, vizyon an fè m' pè, m' pèdi tout fòs mwen, kè m' sere!
不料,有一位像人的,摸我的嘴唇,我便开口向那站在我面前的说:「我主啊,因见这异象,我大大愁苦,毫无气力。
Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M' pa gen fòs ankò, m' pèdi souf mwen.
我主的仆人怎能与我主说话呢?我一见异象就浑身无力,毫无气息。」
Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m' ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m' refè.
有一位形状像人的又摸我,使我有力量。
Epi li di m': -Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouraj ou! Lè li di m' sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: -Mèt, ou fè m' vin gen fòs. Di m' sa ou gen pou di m' lan non!
他说:「大蒙眷爱的人哪,不要惧怕,愿你平安!你总要坚强。」他一向我说话,我便觉得有力量,说:「我主请说,因你使我有力量。」
Lè sa a, li di m': -Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m' te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Koulye a, mwen gen pou m' al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt.
他就说:「你知道我为何来见你吗?现在我要回去与波斯的魔君争战,我去后,希腊(原文是雅完)的魔君必来。
Pa gen lòt moun pou vin ede m' pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.
但我要将那录在真确书上的事告诉你。除了你们的大君米迦勒之外,没有帮助我抵挡这两魔君的。」