Daniel 1

Nan twazyèm lanne rèy Jojakim, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, vin atake lavil Jerizalèm. Li sènen l' toupatou.
犹大王约雅敬在位第三年,巴比伦王尼布甲尼撒来到耶路撒冷,将城围困。
Seyè a kite l' mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nèbikadneza mennen kèk prizonye avè l' nan tanp bondye pa l' yo lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l' yo.
主将犹大王约雅敬,并 神殿中器皿的几分交付他手。他就把这器皿带到示拿地,收入他神的庙里,放在他神的库中。
Wa a te bay Achpenaz, kòmandan nèg konfyans li yo, lòd pou l' te chwazi nan moun pèp Izrayèl yo te depòte yo kèk jenn gason ki soti nan fanmi wa a, osinon nan fanmi grannèg yo.
王吩咐太监长亚施毗拿,从以色列人的宗室和贵冑中带进几个人来,
Se pou jenn mesye sa yo bèl gason san okenn enfimite. Se pou yo gen bon konprann, bon levasyon ak anpil konesans pou yo ka sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l' te moutre yo jan pou yo li, jan pou yo ekri lang moun Babilòn yo.
就是年少没有残疾、相貌俊美、通达各样学问、知识聪明俱备、足能侍立在王宫里的,要教他们迦勒底的文字言语。
Wa a te bay lòd pou chak jou yo te pran nan manje ak nan diven yo sèvi sou tab wa a pou ba yo. Se pou yo pase twazan konsa. Apre sa, y'a parèt devan wa a pou sèvis li.
王派定将自己所用的膳和所饮的酒,每日赐他们一分,养他们三年。满了三年,好叫他们在王面前侍立。
Nan jenn gason yo te chwazi yo te gen kat ki te soti nan branch fanmi Jida: se te Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya.
他们中间有犹大族的人:但以理、哈拿尼雅、米沙利、亚撒利雅。
Kòmandan nèg konfyans wa yo te chanje non ti mesye yo. Li te rele Danyèl Beltechaza, Ananya Chadrak, Michayèl Mechak, Azarya Abèdnego.
太监长给他们起名:称但以理为伯提沙撒,称哈拿尼雅为沙得拉,称米沙利为米煞,称亚撒利雅为亚伯尼歌。
Danyèl te pran desizyon nan kè l' pou l' pa t' manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l' te ka toujou nan kondisyon pou l' sèvi Bondye l'. Se konsa, li al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l' pèmisyon pou l' pa blije manje manje sa yo.
但以理却立志不以王的膳和王所饮的酒玷污自己,所以求太监长容他不玷污自己。
Bondye fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l' te ale avè l'.
 神使但以理在太监长眼前蒙恩惠,受怜悯。
Men, Achpenaz di Danyèl konsa: -Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m'.
太监长对但以理说:「我惧怕我主我王,他已经派定你们的饮食;倘若他见你们的面貌比你们同岁的少年人肌瘦,怎么好呢?这样,你们就使我的头在王那里难保。」
Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l':
但以理对太监长所派管理但以理、哈拿尼雅、米沙利、亚撒利雅的委办说:
-Pandan dis jou ban nou legim ase pou n' manje ak dlo pou nou bwè.
「求你试试仆人们十天,给我们素菜吃,白水喝,
Apre sa, w'a wè ki jan nou ye devan lòt jenn gason yo k'ap manje manje wa a. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avè nou, dapre sa w'a wè.
然后看看我们的面貌和用王膳那少年人的面貌,就照你所看的待仆人吧!」
Gad la dakò pou l' ba yo yon chans pandan dis jou.
委办便允准他们这件事,试看他们十天。
Apre dis jou yo, figi ti mesye yo te pi fre, yo te pi anfòm pase jenn gason ki te manje manje wa a.
过了十天,见他们的面貌比用王膳的一切少年人更加俊美肥胖。
Depi lè sa a, gad la pa t' ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito.
于是委办撤去派他们用的膳,饮的酒,给他们素菜吃。
Bondye bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l' te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv.
这四个少年人, 神在各样文字学问(学问:原文是智慧)上赐给他们聪明知识;但以理又明白各样的异象和梦兆。
Apre tan wa a te fikse a fin pase, Achpenaz mennen tout jenn gason yo bay wa Nèbikadneza.
尼布甲尼撒王预定带进少年人来的日期满了,太监长就把他们带到王面前。
Wa a pale ak yo tout. Nan mitan tout jenn gason yo li pa t' jwenn tankou Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. Se konsa yo rete nan palè a pou sèvi wa a.
王与他们谈论,见少年人中无一人能比但以理、哈拿尼雅、米沙利、亚撒利雅,所以留他们在王面前侍立。
Lè wa a mande yo konsèy pou nenpòt pwoblèm ki mande konesans ak lespri, li wè jenn gason sa yo te konnen dis fwa plis pase tout lòt divinò ak moun ki li zetwal nan tout peyi a.
王考问他们一切事,就见他们的智慧聪明比通国的术士和用法术的胜过十倍。
Se konsa, Danyèl rete nan palè a jouk lè wa Siris antre lavil Babilòn.
到古列王元年,但以理还在。