Colossians 1

Se mwen menm Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak Timote, frè nou, k'ap ekri lèt sa a
奉 神旨意,作基督耶稣使徒的保罗和兄弟提摩太
voye bay tout pèp Bondye ki lavil Kolòs la, k'ap kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm tankou frè nan Kris la. Nou mande Bondye, Papa nou, pou li ban nou benediksyon ak kè poze.
写信给歌罗西的圣徒,在基督里有忠心的弟兄。愿恩惠、平安从 神我们的父归与你们!
Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou.
我们感谢 神、我们主耶稣基督的父,常常为你们祷告;
Mwen pran nouvel jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a.
因听见你们在基督耶稣里的信心,并向众圣徒的爱心,
Depi premye jou yo te fè nou konnen bon nouvèl la ki yon mesaj ki vre, nou te gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen tout konfyans sa a ak tout renmen sa a nan kè nou.
是为那给你们存在天上的盼望;这盼望就是你们从前在福音真理的道上所听见的。
Bon nouvel la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bon nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l' toupatou sou latè.
这福音传到你们那里,也传到普天之下,并且结果,增长,如同在你们中间,自从你们听见福音,真知道 神恩惠的日子一样。
Se Epafras, yon bon zanmi k'ap travay ansanm avè m', ki te moutre nou tou sa. L'ap ede m' nan travay la tankou yon bon sèvitè Kris la.
正如你们从我们所亲爱、一同作仆人的以巴弗所学的。他为我们(有古卷:你们)作了基督忠心的执事,
Se li menm ki fè m' konnen renmen Lespri Bondye a ban nou.
也把你们因圣灵所存的爱心告诉了我们。
Se poutèt sa, mwen pa janm sispann lapriyè Bondye pou nou depi jou mwen te rive konn sa. Mwen mande Bondye pou l' fè nou rive fin konnen volonte l' nèt ale, pou l' ban nou anpil lespri ak anpil konprann ki soti nan Sentespri.
因此,我们自从听见的日子,也就为你们不住的祷告祈求,愿你们在一切属灵的智慧悟性上,满心知道 神的旨意;
Konsa, n'a viv jan Bondye vle l' la, n'a toujou fè sa ki fè l' plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.
好叫你们行事为人对得起主,凡事蒙他喜悦,在一切善事上结果子,渐渐的多知道 神;
Mwen mande Bondye pou l' fòtifye nou tout jan ak bèl pouvwa li pou nou ka sipòte tout bagay avèk pasyans.
照他荣耀的权能,得以在各样的力上加力,好叫你们凡事欢欢喜喜的忍耐宽容;
Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l' yo nan peyi limyè a.
又感谢父,叫我们能与众圣徒在光明中同得基业。
Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.
他救了我们脱离黑暗的权势,把我们迁到他爱子的国里;
Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.
我们在爱子里得蒙救赎,罪过得以赦免。
Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa Bondye te kreye.
爱子是那不能看见之 神的像,是首生的,在一切被造的以先。
Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo.
因为万有都是靠他造的,无论是天上的,地上的;能看见的,不能看见的;或是有位的,主治的,执政的,掌权的;一概都是借著他造的,又是为他造的。
Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo.
他在万有之先;万有也靠他而立。
Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay.
他也是教会全体之首。他是元始,是从死里首先复生的,使他可以在凡事上居首位。
Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l' ye a, se sa pou Kris la ye tou.
因为父喜欢叫一切的丰盛在他里面居住。
Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a.
既然借著他在十字架上所流的血成就了和平,便借著他叫万有─无论是地上的、天上的─都与自己和好了。
Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l' akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou.
你们从前与 神隔绝,因著恶行,心里与他为敌。
Men koulye a, gremesi Kris la ki mouri nan kò l' tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l' ankò pou nou ka parèt devan l' tankou moun k'ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch.
但如今他借著基督的肉身受死,叫你们与自己和好,都成了圣洁,没有瑕疵,无可责备,把你们引到自己面前。
Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi.
只要你们在所信的道上恒心,根基稳固,坚定不移,不至被引动失去(原文是离开)福音的盼望。这福音就是你们所听过的,也是传与普天下万人(原文是凡受造的)听的,我保罗也作了这福音的执事。
Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.
现在我为你们受苦,倒觉欢乐;并且为基督的身体,就是为教会,要在我肉身上补满基督患难的缺欠。
Wi, m'ap sèvi legliz la koulye a dapre travay Bondye ban m' fè pou nou an: travay sa a se pou m' anonse tout bagay ki nan mesaj li a,
我照 神为你们所赐我的职分作了教会的执事,要把 神的道理传得全备,
pou m' fè tout moun konnen sekrè li te kenbe kache depi tout tan kifè pesonn pa t' konnen l'. Men koulye a, li devwale l' bay tout moun ki pou li.
这道理就是历世历代所隐藏的奥祕;但如今向他的圣徒显明了。
Paske, Bondye vle fè moun pa l' yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris la ap viv nan kè nou tou, li ban nou espwa nou gen pou n' patisipe nan bèl pouvwa Bondye a.
 神愿意叫他们知道,这奥祕在外邦人中有何等丰盛的荣耀,就是基督在你们心里成了有荣耀的盼望。
Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m' kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.
我们传扬他,是用诸般的智慧,劝戒各人,教导各人,要把各人在基督里完完全全的引到 神面前。
Se pou sa m'ap travay, se pou sa m'ap goumen ak tout pouvwa Kris la k'ap travay ak fòs nan mwen.
我也为此劳苦,照著他在我里面运用的大能尽心竭力。