Acts 9

Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la.
扫罗仍然向主的门徒口吐威吓凶杀的话,去见大祭司,
Li mande l' lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm.
求文书给大马士革的各会堂,若是找著信奉这道的人,无论男女,都准他捆绑带到耶路撒冷。
Antan l' te sou wout la, prèt pou rive lavil Damas, li rete konsa yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote l' te ye a.
扫罗行路,将到大马士革,忽然从天上发光,四面照著他;
Sòl tonbe atè, epi l' tande yon vwa ki di li: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa?
他就仆倒在地,听见有声音对他说:扫罗!扫罗!你为什么逼迫我?
Li reponn: Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a.
他说:主啊!你是谁?主说:我就是你所逼迫的耶稣。
Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè.
起来!进城去,你所当做的事,必有人告诉你。
Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pa t' wè pesonn.
同行的人站在那里,说不出话来,听见声音,却看不见人。
Sòl leve atè a, li louvri je l' men li pa t' kapab wè anyen. Yo pran men l', yo mennen l' lavil Damas.
扫罗从地上起来,睁开眼睛,竟不能看见什么。有人拉他的手,领他进了大马士革;
Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè.
三日不能看见,也不吃也不喝。
Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Seyè a parèt devan l' nan yon vizyon, li rele li: Ananyas. Ananyas reponn: Men mwen, Seyè.
当下,在大马士革有一个门徒,名叫亚拿尼亚。主在异象中对他说:亚拿尼亚。他说:主,我在这里。
Seyè a di li: Leve koulye a, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l' ye a,
主对他说:起来!往直街去,在犹大的家里,访问一个大数人,名叫扫罗。他正祷告,
li fè yon vizyon: li wè yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tèt li pou l' kapab wè ankò.
又看见了一个人,名叫亚拿尼亚,进来按手在他身上,叫他能看见。
Ananyas reponn: Seyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm.
亚拿尼亚回答说:主啊,我听见许多人说:这人怎样在耶路撒冷多多苦害你的圣徒,
Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l' arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l' pouvwa sa a.
并且他在这里有从祭司长得来的权柄捆绑一切求告你名的人。
Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.
主对亚拿尼亚说:你只管去!他是我所拣选的器皿,要在外邦人和君王,并以色列人面前宣扬我的名。
Mwen menm, m'a moutre l' tou sa li gen pou l' soufri pou mwen.
我也要指示他,为我的名必须受许多的苦难。
Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l' sou tèt Sòl, li di li: Sòl, frè mwen, Seyè Jezi voye m' kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m' pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri.
亚拿尼亚就去了,进入那家,把手按在扫罗身上,说:兄弟扫罗,在你来的路上向你显现的主,就是耶稣,打发我来,叫你能看见,又被圣灵充满。
Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l' wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm.
扫罗的眼睛上,好像有鳞立刻掉下来,他就能看见。于是起来受了洗;
Apre sa, li manje epi l' vin gen fòs ankò. Sòl rete pase kèk jou ankò ak disip ki te Damas yo.
吃过饭就健壮了。扫罗和大马士革的门徒同住了些日子,
Menm lè a tou, li kòmanse bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye.
就在各会堂里宣传耶稣,说他是 神的儿子。
Tout moun ki te tande l' te sezi, yo t'ap di: Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a lavil Jerizalèm? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chèf prèt yo?
凡听见的人都惊奇,说:在耶路撒冷残害求告这名的,不是这人吗?并且他到这里来,特要捆绑他们,带到祭司长那里。
Men, Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l' voye a menm.
但扫罗越发有能力,驳倒住大马士革的犹太人,证明耶稣是基督。
Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li.
过了好些日子,犹太人商议要杀扫罗,
Men, Sòl te pran nouvèl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pòtay lavil la pou yo touye li.
但他们的计谋被扫罗知道了。他们又昼夜在城门守候,要杀他。
Lè sa a, patizan Sòl yo pran l' nan mitan lannwit, yo mete l' nan yon panyen, yo file l' desann lòt bò miray lavil la.
他的门徒就在夜间用筐子把他从城墙上缒下去。
Lè Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l' ak disip yo, men yo tout te pè l': yo pa t' kwè li te yon disip tout bon vre.
扫罗到了耶路撒冷,想与门徒结交,他们却都怕他,不信他是门徒。
Lè sa a, Banabas pran l' avè l', epi li mennen l' bò kot apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Seyè a sou wout la, ki jan Seyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bon nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon.
惟有巴拿巴接待他,领去见使徒,把他在路上怎么看见主,主怎么向他说话,他在大马士革怎么奉耶稣的名放胆传道,都述说出来。
Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesaj la avèk konviksyon nan non Seyè a.
于是扫罗在耶路撒冷和门徒出入来往,
Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li.
奉主的名放胆传道,并与说希腊话的犹太人讲论辩驳;他们却想法子要杀他。
Lè frè yo vin konn sa, yo mennen l' lavil Sezare, yo fè l' pati pou Tas.
弟兄们知道了就送他下凯撒利亚,打发他往大数去。
Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou.
那时,犹太、加利利、撒马利亚各处的教会都得平安,被建立;凡事敬畏主,蒙圣灵的安慰,人数就增多了。
Pyè menm t'ap vwayaje toupatou nan peyi a. Yon jou li te al lakay disip yo nan lavil Lida,
彼得周流四方的时候,也到了居住吕大的圣徒那里;
li jwenn yon nonm yo te rele Ine ki te kouche sou yon kabann depi witan. Nonm sa a te paralize.
遇见一个人,名叫以尼雅,得了瘫痪,在褥子上躺卧八年。
Pyè di li: Ine, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou. Lamenm, Ine leve kanpe.
彼得对他说:以尼雅,耶稣基督医好你了;起来!收拾你的褥子。他就立刻起来了。
Tout moun ki t'ap viv nan lavil Lida a ak nan laplenn Sawon an te wè li, epi yo tounen vin jwenn Bondye.
凡住吕大和沙崙的人都看见了他,就归服主。
Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grèk yo te rele l': Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil.
在约帕有一个女徒,名叫大比大,繙希腊话就是多加(就是羚羊的意思);她广行善事,多施赒济。
Lè sa a, li tonbe malad epi l' mouri. Yo benyen kò a, yo mete l' nan chanm anwo kay la.
当时,她患病而死,有人把她洗了,停在楼上。
Lavil Jope pa t' twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l' avèk mesaj sa a: Tanpri, pa mize vin lakay nou.
吕大原与约帕相近;门徒听见彼得在那里,就打发两个人去见他,央求他说:快到我们那里去,不要耽延。
Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l' te la avèk yo.
彼得就起身和他们同去;到了,便有人领他上楼。众寡妇都站在彼得旁边哭,拿多加与他们同在时所做的里衣外衣给他看。
Pyè fè tout moun soti. Li mete jenou l' atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di li: Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l', lè l' wè Pyè, li chita.
彼得叫她们都出去,就跪下祷告,转身对著死人说:大比大,起来!她就睁开眼睛,见了彼得,便坐起来。
Pyè lonje men l' ba li, li fè l' leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan.
彼得伸手扶他起来,叫众圣徒和寡妇进去,把多加活活的交给他们。
Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Seyè a.
这事传遍了约帕,就有许多人信了主。
Apre sa, Pyè rete lontan nan lavil Jope, lakay yon bòs tanè yo rele Simon.
此后,彼得在约帕一个硝皮匠西门的家里住了多日。