Acts 14

Nan Ikoniòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè.
二人在以哥念同进犹太人的会堂,在那里讲的,叫犹太人和希腊人信的很多。
Men jwif ki pa t' kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas.
但那不顺从的犹太人耸动外邦人,叫他们心里恼恨弟兄。
Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre.
二人在那里住了多日,倚靠主放胆讲道;主借他们的手施行神迹奇事,证明他的恩道。
Nan lavil la moun te fè de kan: yon bò te gen patizan jwif yo, lòt bò a te gen patizan apòt yo.
城里的众人就分了党,有附从犹太人的,有附从使徒的。
Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch.
那时,外邦人和犹太人,并他们的官长,一齐拥上来,要凌辱使徒,用石头打他们。
Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y' al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinaj yo.
使徒知道了,就逃往吕高尼的路司得、特庇两个城和周围地方去,
Yo t'ap anonse bon nouvèl la la tou.
在那里传福音。
Nan List te gen yon nonm enfim ki te toujou rete chita, paske de pye l' yo te paralize. Li te fèt tou konsa, li pa t' janm mache menm.
路司得城里坐著一个两脚无力的人,生来是瘸腿的,从来没有走过。
Li t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l' sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l' te geri.
他听保罗讲道,保罗定睛看他,见他有信心,可得痊癒,
Pòl pale byen fò, li di: Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache.
就大声说:你起来,两脚站直!那人就跳起来,而且行走。
Lè foul moun yo wè sa Pòl te fè a, yo pran rele an likaonyen, lang peyi a: Men bondye yo pran fòm moun, yo desann vin jwenn nou.
众人看见保罗所做的事,就用吕高尼的话大声说:有 神借著人形降临在我们中间了。
Yo rele Banabas Zeyis, yo rele Pòl Emès paske se li menm ki t'ap pale.
于是称巴拿巴为丢斯,称保罗为希耳米,因为他说话领首。
Prèt ki sèvi nan tanp Zeyis ki te bò pòtay lavil la mennen kèk towo bèf ak kolye flè devan pòtay la. Ansanm ak pèp la, yo t'ap pare pou yo te fè ofrann bèt pou yo touye bay Pòl ak Banabas.
有城外丢斯庙的祭司牵著牛,拿著花圈,来到门前,要同众人向使徒献祭。
Lè apòt yo tande sa, yo chire rad sou yo, yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò, yo t'ap di:
巴拿巴、保罗二使徒听见,就撕开衣裳,跳进众人中间,喊著说:
Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.
诸君,为什么做这事呢?我们也是人,性情和你们一样。我们传福音给你们,是叫你们离弃这些虚妄,归向那创造天、地、海、和其中万物的永生 神。
Nan tan lontan, li te kite tout nasyon swiv chemen pa yo.
他在从前的世代,任凭万国各行其道;
Men, li te toujou ap fè yo konnen ki moun li ye, li te fè anpil byen pou yo: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon rekòt. Li ban nou manje an kantite, epi li fè kè nou kontan anpil.
然而为自己未尝不显出证据来,就如常施恩惠,从天降雨,赏赐丰年,叫你们饮食饱足,满心喜乐。
Menm avèk tout pawòl sa yo, se pa t' ti traka anvan apòt yo te resi rive anpeche moun yo fè ofrann bèt yo.
二人说了这些话,仅仅的拦住众人不献祭与他们。
Kèk jwif soti Antiòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikoniòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l' mete andeyò lavil la, yo te kwè l' te mouri.
但有些犹太人从安提阿和以哥念来,挑唆众人,就用石头打保罗,以为他是死了,便拖到城外。
Men, lè disip yo vin sanble bò kote l', li leve kanpe, epi l' tounen antre nan lavil la. Nan denmen, li pati avèk Banabas, y' al lavil Dèb.
门徒正围著他,他就起来,走进城去。第二天,同巴拿巴往特庇去,
Pòl ak Banabas anonse bon nouvèl la nan lavil Dèb. Yo te fè anpil disip la. Apre sa, yo tounen, yo pase List, Ikoniòm, Antiòch (ki nan peyi Pisidi).
对那城里的人传了福音,使好些人作门徒,就回路司得、以哥念、安提阿去,
Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
坚固门徒的心,劝他们恒守所信的道;又说:我们进入 神的国,必须经历许多艰难。
Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a.
二人在各教会中选立了长老,又禁食祷告,就把他们交托所信的主。
Yo travèse peyi Pisidi, yo rive nan Panfili.
二人经过彼西底,来到旁非利亚。
Yo anonse pawòl Bondye a lavil Pèj. Apre sa, yo desann Atali.
在别加讲了道,就下亚大利去,
Antan yo la, yo pran batiman pou Antiòch. Se la nan menm Antiòch sa a yo te renmèt yo nan men Bondye ki te ba yo favè l' pou yo te al fè tout travay yo sot fè a.
从那里坐船,往安提阿去。当初,他们被众人所托、蒙 神之恩,要办现在所做之工,就是在这地方。
Lè yo rive Antiòch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li, ki jan li te louvri pòt pou moun ki pa jwif yo kapab kwè tou.
到了那里,聚集了会众,就述说 神借他们所行的一切事,并 神怎样为外邦人开了信道的门。
Apre sa, yo rete lontan avèk disip Antiòch yo.
二人就在那里同门徒住了多日。