Acts 12

Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la.
那时,希律王下手苦害教会中几个人,
Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe.
用刀杀了约翰的哥哥雅各。
Lè l' wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an.
他见犹太人喜欢这事,又去捉拿彼得。那时正是除酵的日子。
Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l' nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l' te mennen l' devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo.
希律拿了彼得,收在监里,交付四班兵丁看守,每班四个人,意思要在逾越节后把他提出来,当著百姓办他。
Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete.
于是彼得被囚在监里;教会却为他切切的祷告 神。
Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an.
希律将要提他出来的前一夜,彼得被两条铁鍊锁著,睡在两个兵丁当中;看守的人也在门外看守。
Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe.
忽然,有主的一个使者站在旁边,屋里有光照耀,天使拍彼得的肋旁,拍醒了他,说:快快起来!那铁鍊就从他手上脱落下来。
Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l' ankò: Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen.
天使对他说:束上带子,穿上鞋。他就那样做。天使又说:披上外衣,跟著我来。
Pyè swiv zanj lan, li mache soti nan kacho a. Li pa t' kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l' t'ap reve.
彼得就出来跟著他,不知道天使所做是真的,只当见了异象。
Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo soti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè.
过了第一层第二层监牢,就来到临街的铁门,那门自己开了。他们出来,走过一条街,天使便离开他去了。
Se lè sa a Pyè vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m' anba men Ewòd. Li sove m' anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an.
彼得醒悟过来,说:我现在真知道主差遣他的使者,救我脱离希律的手和犹太百姓一切所盼望的。
Lè l' vin konprann sitiyasyon an, li ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyè.
想了一想,就往那称呼马可的约翰、他母亲马利亚家去,在那里有好些人聚集祷告。
Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn.
彼得敲外门,有一个使女,名叫罗大,出来探听,
Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo: Men Pyè deyò a wi.
听得是彼得的声音,就欢喜的顾不得开门,跑进去告诉众人说:彼得站在门外。
Yo di li: Gen lè ou pèdi tèt ou? Men, li te kenbe sa l' te di a se vre. Lè sa a, yo di li: Se dwe bonnanj li.
他们说:你是疯了!使女极力的说:真是他!他们说:必是他的天使!
Men, Pyè t'ap frape pi rèd toujou. Lè yo louvri pòt la, yo wè l', yo pa t' manke sezi.
彼得不住的敲门。他们开了门,看见他,就甚惊奇。
Li fè yo siy ak men l' pou yo pa pale, epi l' rakonte yo ki jan Bondye te fè l' soti nan prizon an. Li di yo ankò. Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l' soti, li al yon lòt kote.
彼得摆手,不要他们作声,就告诉他们主怎样领他出监;又说:你们把这事告诉雅各和众弟兄。于是出去,往别处去了。
Lè l' fè jou, gad yo te nan yon pakèt tèt chaje. Yo t'ap mande kote Pyè pase.
到了天亮,兵丁扰乱得很,不知道彼得往那里去了。
Ewòd fè chache l' toupatou, men yo pa jwenn li. Li fè keksyonnen gad yo. Lèfini, li bay lòd touye yo. Apre sa, Ewòd kite peyi Jide, li al lavil Sezare kote li pase kèk tan.
希律找他,找不著,就审问看守的人,吩咐把他们拉去杀了。后来希律离开犹太,下凯撒利亚去,住在那里。
Ewòd te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fè, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tèt Blastis, yon ofisye ki t'ap travay lakay wa a. Epi y' al mande Ewòd pou l' fè lapè ak yo, paske se nan peyi Ewòd la moun lakay yo te konn ale fè pwovizyon.
希律恼怒泰尔、西顿的人。他们那一带地方是从王的地土得粮,因此就托了王的内侍臣伯拉斯都的情,一心来求和。
Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l' ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fotèy li a, epi l' fè yon diskou ba yo.
希律在所定的日子,穿上朝服,坐在位上,对他们讲论一番。
Pèp la pran rele: Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye.
百姓喊著说:这是 神的声音,不是人的声音。
Menm lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri.
希律不归荣耀给 神,所以主的使者立刻罚他,他被虫所咬,气就绝了。
Pawòl Bondye a menm t'ap gaye plis toujou, li t'ap fè anpil avans.
 神的道日见兴旺,越发广传。
Lè Banabas ak Sòl fin fè misyon yo lavil Jerizalèm, yo tounen lakay yo, yo pran Jan ki te gen ti non Mak la ak yo.
巴拿巴和扫罗办完了他们供给的事,就从耶路撒冷回来,带著称呼马可的约翰同去。