II Timothy 2

Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouraj nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a.
我儿啊,你要在基督耶稣的恩典上刚强起来。
Sa ou te tande m' di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou.
你在许多见证人面前听见我所教训的,也要交托那忠心能教导别人的人。
Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou.
你要和我同受苦难,好像基督耶稣的精兵。
Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi.
凡在军中当兵的,不将世务缠身,好叫那招他当兵的人喜悦。
Lè yon moun ap aprann kouri pou l' ka patisipe nan yon konkou, li p'ap ka genyen si li pa kouri dapre regleman konkou a.
人若在场上比武,非按规矩,就不能得冠冕。
Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l' nan rekòt la.
劳力的农夫,理当先得粮食。
Fè tèt ou travay sou sa m' ap di ou la a. Seyè a va fè ou konprann tout bagay.
我所说的话你要思想,因为凡事主必给你聪明。
Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve soti vivan nan lanmò, jan sa di nan bon nouvèl la.
你要记念耶稣基督乃是大卫的后裔,他从死里复活,正合乎我所传的福音。
Se paske m'ap anonse bon nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn.
我为这福音受苦难,甚至被捆绑,像犯人一样。然而 神的道却不被捆绑。
Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an.
所以我为选民凡事忍耐,叫他们也可以得著那在基督耶稣里的救恩和永远的荣耀。
Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou.
有可信的话说:我们若与基督同死,也必与他同活;
Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.
我们若能忍耐,也必和他一同作王;我们若不认他,他也必不认我们;
Si nou pa kenbe pawòl nou, li menm l'ap toujou kenbe pawòl pa li, paske Bondye pa kapab demanti tèt li.
我们纵然失信,他仍是可信的,因为他不能背乎自己。
Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo.
你要使众人回想这些事,在主面前嘱咐他们:不可为言语争辩;这是没有益处的,只能败坏听见的人。
Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a.
你当竭力在 神面前得蒙喜悦,作无愧的工人,按著正意分解真理的道。
Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k'ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.
但要远避世俗的虚谈,因为这等人必进到更不敬虔的地步。
Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt.
他们的话如同毒疮,越烂越大;其中有许米乃和腓理徒,
Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja.
他们偏离了真道,说复活的事已过,就败坏好些人的信心。
Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.
然而, 神坚固的根基立住了;上面有这印记说:主认识谁是他的人;又说:凡称呼主名的人总要离开不义。
Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdenè.
在大户人家,不但有金器银器,也有木器瓦器;有作为贵重的,有作为卑贱的。
Si yon moun kenbe kò l' pou l' pa fè sa ki mal, y'a fè l' fè yon travay espesyal. Paske lè sa a l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li, la itil Mèt la, l'ap pare pou l' fè nenpòt bagay ki byen.
人若自洁,脱离卑贱的事,就必作贵重的器皿,成为圣洁,合乎主用,预备行各样的善事。
Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tèt ou ansanm ak moun ki gen kè yo nan kondisyon pou sèvi Bondye moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan l' epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.
你要逃避少年的私欲,同那清心祷告主的人追求公义、信德、仁爱、和平。
Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.
惟有那愚拙无学问的辩论,总要弃绝,因为知道这等事是起争竞的。
Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans.
然而主的仆人不可争竞,只要温温和和的待众人,善于教导,存心忍耐,
Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.
用温柔劝戒那抵挡的人;或者 神给他们悔改的心,可以明白真道,
Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l' te fè yo fè sa l' vle.
叫他们这已经被魔鬼任意掳去的,可以醒悟,脱离他的网罗。