II Samuel 5

Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.
以色列众支派来到希伯崙见大卫,说:「我们原是你的骨肉。
Depi lontan, menm sou rèy Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' pase. Lèfini ankò, Seyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.
从前扫罗作我们王的时候,率领以色列人出入的是你;耶和华也曾应许你说:『你必牧养我的民以色列,作以色列的君。』」
Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou.
于是以色列的长老都来到希伯崙见大卫王,大卫在希伯崙耶和华面前与他们立约,他们就膏大卫作以色列的王。
David te gen trantan lè l' rive wa. Li kòmande pandan karantan.
大卫登基的时候年三十岁,在位四十年;
Antan lavil Ebwon, li kòmande moun Jida yo pandan sètan simwa. Lavil Jerizalèm, li kòmande ni moun pèp Izrayèl yo ni moun pèp Jida yo pandan tranntwazan.
在希伯崙作犹大王七年零六个月,在耶路撒冷作以色列和犹大王三十三年。
Apre sa, wa David pati pou lavil Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, li al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa ta ka antre pran lavil la. Yo di l' konsa: -Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ka gen kont fòs pou mete ou deyò.
大卫和跟随他的人到了耶路撒冷,要攻打住那地方的耶布斯人。耶布斯人对大卫说:「你若不赶出瞎子、瘸子,必不能进这地方」;心里想大卫决不能进去。
Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.
然而大卫攻取锡安的保障,就是大卫的城。
Jou sa a, David te di moun pa li yo: -Tout moun ki vle atake moun Jebis yo va pase nan kannal la, y'a tonbe sou bann enfim ak je pete sa yo ki pa vle wè m' yo. Se depi lè sa a yo di moun je pete ak moun enfim pa gen dwa mete pwent pye yo nan Tanp Seyè a.
当日,大卫说:「谁攻打耶布斯人,当上水沟攻打我心里所恨恶的瘸子、瞎子。」从此有俗语说:「在那里有瞎子、瘸子,他不能进屋去。」
Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l' lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a.
大卫住在保障里,给保障起名叫大卫城。大卫又从米罗以里,周围筑墙。
Chak jou David t'ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l'.
大卫日见强盛,因为耶和华─万军之 神与他同在。
Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kot David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David.
推罗王希兰将香柏木运到大卫那里,又差遣使者和木匠、石匠给大卫建造宫殿。
Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la. Se li menm menm ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li a, akòz pèp li a, pèp Izrayèl la.
大卫就知道耶和华坚立他作以色列王,又为自己的民以色列使他的国兴旺。
Lè David kite lavil Ebwon pou li al lavil Jerizalèm, rive la li pran lòt madanm ak lòt fanm kay ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi.
大卫离开希伯崙之后,在耶路撒冷又立后妃,又生儿女。
Men jan yo te rele pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan, Salomon,
在耶路撒冷所生的儿子是沙母亚、朔罢、拿单、所罗门、
Jibka, Elichwa, Nefèg, Jafya,
益辖、以利书亚、尼斐、雅非亚、
Elichama, Elyada ak Elifelèt.
以利沙玛、以利雅大、以利法列。
Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David pran nouvèl la, li desann al kache nan yon fò.
非利士人听见人膏大卫作以色列王,非利士众人就上来寻索大卫;大卫听见,就下到保障。
Moun Filisti yo rive, yo pran tout fon Refayim lan pou yo.
非利士人来了,布散在利乏音谷。
David pale ak Seyè a, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou.
大卫求问耶和华说:「我可以上去攻打非利士人吗?你将他们交在我手里吗?」耶和华说:「你可以上去,我必将非利士人交在你手里。」
David ale Baal Perazim.li bat moun Filisti yo. Lèfini, li di: -Tankou yon lavalas, Seyè a pase, li louvri yon pasaj pou mwen nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim.
大卫来到巴力‧毗拉心,在那里击杀非利士人,说:「耶和华在我面前冲破敌人,如同水冲去一般。」因此称那地方为巴力‧毗拉心。
Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l' yo pran yo pote ale.
非利士人将偶像撇在那里,大卫和跟随他的人拿去了。
Moun Filisti yo tounen nan fon Refayim lan, yo pran tout plenn lan pou yo ankò.
非利士人又上来,布散在利乏音谷。
David mande Seyè a sa pou l' fè. Seyè a di l': -Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo.
大卫求问耶和华;耶和华说:「不要一直地上去,要转到他们后头,从桑林对面攻打他们。
Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di m'ap pran devan ou pou m' bat lame moun Filisti yo.
你听见桑树梢上有脚步的声音,就要急速前去,因为那时耶和华已经在你前头去攻打非利士人的军队。」
David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Li bat moun Filisti yo, li kouri dèyè yo depi Lavil Gebarive lavil Gezè.
大卫就遵著耶和华所吩咐的去行,攻打非利士人,从迦巴直到基色。