II Samuel 15

Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li.
此后,押沙龙为自己预备车马,又派五十人在他前头奔走。
Chak maten, Absalon leve byen bonè, li al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l' sou kote, li mande l' ki bò li moun. Apre moun lan fin di l' moun ki branch fanmi li ye,
押沙龙常常早晨起来,站在城门的道旁,凡有争讼要去求王判断的,押沙龙就叫他过来,问他说:「你是哪一城的人?」回答说:「仆人是以色列某支派的人。」
Absalon di l' konsa: -Gade! Se ou menm ki gen rezon, lalwa avè ou. Men, p'ap gen yon moun kay wa a k'ap koute ou.
押沙龙对他说:「你的事有情有理,无奈王没有委人听你伸诉。」
Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki va mete m' chèf nan peyi Izrayèl la? Lè sa a, tout moun ki ta gen yon zafè osinon yon plent ta vin jwenn mwen, mwen ta fè l' jistis.
押沙龙又说:「恨不得我作国中的士师!凡有争讼求审判的到我这里来,我必秉公判断。」
Chak fwa yon moun pwoche bò Absalon pou mete ajenou devan l', Absalon lonje men l', li kenbe l' epi li bo l'.
若有人近前来要拜押沙龙,押沙龙就伸手拉住他,与他亲嘴。
Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l'.
以色列人中,凡去见王求判断的,押沙龙都是如此待他们。这样,押沙龙暗中得了以色列人的心。
Apre katran, Absalon di wa David konsa: -Monwa, tanpri! Kite m' ale lavil Ebwon pou m' ka kenbe yon pwomès mwen te fè Seyè a.
满了四十年(有作四年的),押沙龙对王说:「求你准我往希伯崙去,还我向耶和华所许的愿。
Antan mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Seyè a si m' te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon.
因为仆人住在亚兰的基述,曾许愿说:『耶和华若使我再回耶路撒冷,我必事奉他。』」
Wa a di l': -Ale ak kè poze. Se konsa Absalon ale lavil Ebwon.
王说:「你平平安安地去吧!」押沙龙就起身,往希伯崙去了。
Menm lè a, li voye mesaje nan tout branch fanmi Izrayèl yo pou di yo: Lè n'a tande twonpèt yo kònen, n'a fè konnen yo fè Absalon wa lavil Ebwon.
押沙龙打发探子走遍以色列各支派,说:「你们一听见角声就说:『押沙龙在希伯崙作王了!』」
Te gen desan (200) moun lavil Jerizalèm ki te pati avèk Absalon. Se Absalon ki te envite yo. Yo te byen kontan pati avè l', men yo pa t' konn anyen nan zafè konplo a.
押沙龙在耶路撒冷请了二百人与他同去,都是诚诚实实去的,并不知道其中的真情。
Antan Absalon t'ap ofri bèt pou Seyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis.
押沙龙献祭的时候,打发人去将大卫的谋士、基罗人亚希多弗从他本城请了来。于是叛逆的势派甚大;因为随从押沙龙的人民,日渐增多。
Yon mesaje vin di David: -Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l'.
有人报告大卫说:「以色列人的心都归向押沙龙了!」
Se konsa David rele moun pa l' yo ki te avè l' lavil Jerizalèm, li di yo: -Se pou n' prese mete deyò si nou vle chape anba men Absalon. Ann fè vit kite lavil la. Si se pa sa, talè l'ap sou nou. L'ap fè nou pase pa nou, l'ap touye dènye moun nan lavil la.
大卫就对耶路撒冷跟随他的臣仆说:「我们要起来逃走,不然都不能躲避押沙龙了;要速速地去,恐怕他忽然来到,加害于我们,用刀杀尽合城的人。」
Patizan wa yo reponn: -Wi, monwa. Nenpòt kisa ou vle nou fè, n'ap fè l'.
王的臣仆对王说:「我主我王所定的,仆人都愿遵行。」
Wa a pran tout fanmi l', li pati apye. Li kite dis nan fanm kay li yo pou okipe palè a.
于是王带著全家的人出去了,但留下十个妃嫔看守宫殿。
Wa a leve pati kite lavil la ansanm ak tout moun pa l' yo. Lè yo rive devan dènye kay la, yo fè yon kanpe.
王出去,众民都跟随他,到伯墨哈,就住下了。
Tout chèf li yo te kanpe bò kote l'. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou.
王的臣仆都在他面前过去。基利提人、比利提人,就是从迦特跟随王来的六百人,也都在他面前过去。
Wa a rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l' konsa: -Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la.
王对迦特人以太说:「你是外邦逃来的人,为什么与我们同去呢?你可以回去与新王同住,或者回你本地去吧!
Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m' fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Seyè a pou l' aji byen avè ou, pou l' pa janm lage ou!
你来的日子不多,我今日怎好叫你与我们一同飘流、没有一定的住处呢?你不如带你的弟兄回去吧!愿耶和华用慈爱诚实待你。」
Men Itayi reponn li: -Monwa, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou prale mwen pral avè ou, menm si mwen gen pou m' mouri.
以太对王说:「我指著永生的耶和华起誓,又敢在王面前起誓:无论生死,王在哪里,仆人也必在那里。」
Lè sa a, David di li: -Bon. Ou mèt pran devan nou. Se konsa Itayi, moun lavil Gat la, ale avèk wa a, li menm, tout moun li yo ansanm ak tout fanmi yo.
大卫对以太说:「你前去过河吧!」于是迦特人以太带著跟随他的人和所有的妇人孩子,就都过去了。
Tout moun nan peyi a t'ap rele byen fò lè yo wè David ak moun pa l' yo ap pase ale. David janbe lòt bò ravin Sedwon an ansanm ak tout moun li yo. Yo pran wout ki mennen nan dezè a.
本地的人都放声大哭。众民尽都过去,王也过了汲沦溪;众民往旷野去了。
Zadòk, prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l' jouk tout rès moun yo fin soti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou.
撒督和抬 神约柜的利未人也一同来了,将 神的约柜放下。亚比亚他上来,等著众民从城里出来过去。
Apre sa, wa a di Zadòk konsa: -Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Seyè a pran plezi nan mwen, yon jou l'a kite m' tounen pou m' wè bwat la ansanm ak kote l' rete a.
王对撒督说:「你将 神的约柜抬回城去。我若在耶和华眼前蒙恩,他必使我回来,再见约柜和他的居所。
Men, si li pa kontan avè m' anko, enben, lè sa a, l'a fè sa li vle avè m'.
倘若他说:『我不喜悦你』,看哪,我在这里,愿他凭自己的意旨待我!」
Epi wa a di Zadòk ankò: -Gade! Ou menm ak Abyata, tounen tounen nou lavil Jerizalèm ansanm ak Akimaz, pitit gason ou lan, ak Jonatan, pitit gason Abyata a.
王又对祭司撒督说:「你不是先见吗?你可以安然回城;你儿子亚希玛斯和亚比亚他的儿子约拿单都可以与你同去。
Mwen menm, mwen pral tann nou bò larivyè a nan dezè a jouk n'a voye nouvèl ban mwen.
我在旷野的渡口那里等你们报信给我。」
Se konsa Zadòk ak Abyata pote Bwat Kontra a tounen lavil Jerizalèm, yo rete la.
于是撒督和亚比亚他将 神的约柜抬回耶路撒冷,他们就住在那里。
David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache deyè l' yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye.
大卫蒙头赤脚上橄榄山,一面上一面哭。跟随他的人e也都蒙头哭著上去;
Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!
有人告诉大卫说:「亚希多弗也在叛党之中,随从押沙龙。」大卫祷告说:「耶和华啊,求你使亚希多弗的计谋变为愚拙!」
Lè David rive sou tèt ti mòn lan, kote yo konn fè sèvis pou Bondye a, Ouchayi, moun peyi Ak la, vin kontre l', rad sou li dechire, tèt li kouvri ak pousyè tè.
大卫到了山顶、敬拜 神的地方,见亚基人户筛,衣服撕裂,头蒙灰尘来迎接他。
David di l' konsa: -Ou p'ap ka fè anyen pou mwen si ou vin avè m'.
大卫对他说:「你若与我同去,必累赘我;
Men, ou ka ede m' anpil si ou tounen lavil Jerizalèm. W'a di Absalon ou pral sèvi l' koulye a menm jan ou te sèvi papa l' nan tan lontan. Lè sa a, w'a ede m' pare tout move kou Achitofèl va gen lide pote m'.
你若回城去,对押沙龙说:『王啊,我愿作你的仆人;我向来作你父亲的仆人,现在我也照样作你的仆人。』这样,你就可以为我破坏亚希多弗的计谋。
Zadòk ak Abyata, de prèt yo, va la tou. W'a di yo tou sa w'a tande y'ap di nan palè a.
祭司撒督和亚比亚他岂不都在那里么?你在王宫里听见什么,就要告诉祭司撒督和亚比亚他。
Yo gen Akimaz ak Jonatan, pitit gason yo, ak yo. W'a voye yo vin di m' dènye sa w'a tande nan palè a.
撒督的儿子亚希玛斯,亚比亚他的儿子约拿单,也都在那里。凡你们所听见的可以托这二人来报告我。」
Se konsa, Ouchayi, bon zanmi David la, tounen lavil Jerizalèm. Li antre nan lavil la an menm tan ak Absalon.
于是,大卫的朋友户筛进了城;押沙龙也进了耶路撒冷。