II Kings 24

Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.
约雅敬年间,巴比伦王尼布甲尼撒上到犹大;约雅敬服事他三年,然后背叛他。
Lè sa a, Seyè a voye ansasen soti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Moab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l' dapre sa Seyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l' yo.
耶和华使迦勒底军、亚兰军、摩押军,和亚扪人的军来攻击约雅敬,毁灭犹大,正如耶和华借他仆人众先知所说的。
Sa te rive peyi Jida a paske Seyè a te vle wete pèp peyi Jida a devan je l' poutèt peche wa Manase te fè yo,
这祸临到犹大人,诚然是耶和华所命的,要将他们从自己面前赶出,是因玛拿西所犯的一切罪;
ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Seyè a pa t' vle padonnen ankò.
又因他流无辜人的血,充满了耶路撒冷;耶和华决不肯赦免。
Tout rès istwa Jojakim lan, sa li te fè yo, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
约雅敬其余的事,凡他所行的都写在犹大列王记上。
Lè Jojakim mouri se Jojakin, pitit gason li a, ki moute wa nan plas li.
约雅敬与他列祖同睡。他儿子约雅斤接续他作王。
Wa peyi Lejip la pa janm soti kite peyi l' la ankò, paske wa peyi Babilòn lan te pran tout zòn ki te pou wa peyi Lejip la, depi larivyè Lefrat rive nan ravin Lejip.
埃及王不再从他国中出来;因为巴比伦王将埃及王所管之地,从埃及小河直到伯拉河都夺去了。
Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Neouchta. Se te pitit fi Elnatan, moun lavil Jerizalèm.
约雅斤登基的时候年十八岁,在耶路撒冷作王三个月。他母亲名叫尼护施他,是耶路撒冷人以利拿单的女儿。
Li fè sa ki mal devan Seyè a tankou papa l'.
约雅斤行耶和华眼中看为恶的事,效法他父亲一切所行的。
Se sou reny li lame Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te mache sou lavil Jerizalèm. Yo sènen lavil la.
那时,巴比伦王尼布甲尼撒的军兵上到耶路撒冷,围困城。
Pandan lame a te sènen lavil la, Nèbikadneza vin atake lavil la li menm menm.
当他军兵围困城的时候,巴比伦王尼布甲尼撒就亲自来了。
Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l', pitit gason l' yo, chèf lame l' yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nèbikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa.
犹大王约雅斤和他母亲、臣仆、首领、太监一同出城,投降巴比伦王;巴比伦王便拿住他。那时是巴比伦王第八年。
Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.
巴比伦王将耶和华殿和王宫里的宝物都拿去了,将以色列王所罗门所造耶和华殿里的金器都毁坏了,正如耶和华所说的;
Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (10.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.
又将耶路撒冷的众民和众首领,并所有大能的勇士,共一万人,连一切木匠、铁匠都掳了去;除了国中极贫穷的人以外,没有剩下的;
Nèbikadneza fè Jojakin prizonye ansanm ak manman l', madanm li yo, chèf nan gouvènman l' yo ak tout grannèg peyi Jida yo. Li depòte yo, li pran yo lavil Jerizalèm li mennen yo peyi Babilòn.
并将约雅斤和王母、后妃、太监,与国中的大官,都从耶路撒冷掳到巴比伦去了;
Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil (7.000) prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè.
又将一切勇士七千人和木匠、铁匠一千人,都是能上阵的勇士,全掳到巴比伦去了。
Apre sa, Nèbikadneza pran Matanya, tonton wa Jojakin, li mete l' wa nan peyi Jida. Li chanje non l', li rele l' Sedesyas.
巴比伦王立约雅斤的叔叔玛探雅代替他作王,给玛探雅改名叫西底家。
Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.
西底家登基的时候年二十一岁,在耶路撒冷作王十一年。他母亲名叫哈慕他,是立拿人耶利米的女儿。
Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakin.
西底家行耶和华眼中看为恶的事,是照约雅敬一切所行的。
Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l'. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan.
因此耶和华的怒气在耶路撒冷和犹大发作,以致将人民从自己面前赶出。