II Chronicles 8

Wa Salomon te pran ventan pou l' bati kay Seyè a ak kay pa li a.
所罗门建造耶和华殿和王宫,二十年才完毕了。
Li rebati tout lavil wa Iram te ba li, li voye moun pèp Izrayèl al rete ladan yo.
以后所罗门重新修筑希兰送给他的那些城邑,使以色列人住在那里。
Apre sa, li al atake lavil Amat nan Zoba, li pran li.
所罗门往哈马琐巴去,攻取了那地方。
Li rebati lavil Tadmò nan dezè a ansanm ak tout lavil nan zòn Amat la pou sevi depo pwovizyon.
所罗门建造旷野里的达莫,又建造哈马所有的积货城,
Salomon rebati Bètowon anwo ak Bètowon anba, li byen pwoteje yo ak miray ranpa, gwo pòtay ak ba pou fèmen yo.
又建造上伯‧和崙、下伯‧和崙作为保障,都有墙,有门,有闩;
Li rebati lavil Balat, tout lavil kote li te fè depo pwovizyon, tout lavil kote yo te gade chwal li yo ansanm ak cha lagè yo. Li bati tou sa li te fè lide bati nan lavil Jerizalèm, nan peyi Liban ak nan tout lòt peyi ki te sou zòd li yo.
又建造巴拉和所有的积货城,并屯车辆马兵的城,与耶路撒冷、黎巴嫩,以及自己治理的全国中所愿意建造的。
-(we vèsè pwochen)
至于国中所剩下不属以色列人的赫人、亚摩利人、比利洗人、希未人、耶布斯人,
Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Te gen moun Amori, moun Et, moun Ferezi, moun Iva ak moun Jebis. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a.
就是以色列人未曾灭绝的,所罗门挑取他们的后裔作服苦的奴仆,直到今日。
Salomon pa t' fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo.
惟有以色列人,所罗门不使他们当奴仆做工,乃是作他的战士、军长的统领、车兵长、马兵长。
Te gen desansenkant (250) moun gouvènè yo te chwazi pou sèvi fòmann. Se yo ki te reskonsab kontwole tout travay ki t'ap fèt yo.
所罗门王有二百五十督工的,监管工人。
Salomon fè madanm li, pitit fi farawon an, kite lavil David, al rete nan kay li te bati pou li a. Li t'ap di nan kè l': Ata madanm mwen pa gen dwa rete nan kay David, wa peyi Izrayèl la, paske tout kote Bwat Kontra Seyè a te pase se kote ki fèt pou rete apa pou Bondye.
所罗门将法老的女儿带出大卫城,上到为她建造的宫里;因所罗门说:「耶和华约柜所到之处都为圣地,所以我的妻不可住在以色列王大卫的宫里。」
Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye sou lotèl li te fè bati pou Seyè a devan Tanp lan.
所罗门在耶和华的坛上,就是在廊子前他所筑的坛上,与耶和华献燔祭;
Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre lòd Moyiz te bay nan lalwa a pou chak jou fèt: pou jou repo yo, pou jou lalin nouvèl yo, ak pou twa gwo fèt yo fete chak lanne yo, ki vle di: Fèt Pen san ledven yo, Fèt Rekòt yo ak Fèt Joupa yo.
又遵著摩西的吩咐在安息日、月朔,并一年三节,就是除酵节、七七节、住棚节,献每日所当献的祭。
Dapre regleman David, papa l', te bay, li mete chak gwoup nan travay pa yo, prèt yo pou fè sèvis pou Bondye, moun Levi yo pou fè lwanj Seyè a epi pou ede prèt yo nan travay yo dapre sa ki pou fèt chak jou fèt yo. Li bay chak gwoup gad pòtay Tanp lan lè travay yo nan chak pòtay, dapre lòd David, moun Bondye a, te kite.
所罗门照著他父大卫所定的例,派定祭司的班次,使他们各供己事,又使利未人各尽其职,讚美耶和华,在祭司面前做每日所当做的;又派守门的按著班次看守各门,因为神人大卫是这样吩咐的。
Se konsa, yo te swiv tout ti detay ki nan lòd wa David te bay pou prèt yo ak pou moun Levi yo, ata lòd li te bay pou trezò Tanp lan.
王所吩咐众祭司和利未人的,无论是管府库或办别的事,他们都不违背。
Se konsa tout travay Salomon te vle fè a te fin fèt, depi jou yo t'ap fouye fondasyon Tanp Seyè a jouk yo fini l'. Tanp Seyè a pa t' manke anyen ankò pou l' fini.
所罗门建造耶和华的殿,从立根基直到成功的日子,工料俱备。这样,耶和华的殿全然完毕。
Apre sa, Salomon ale lavil Ezyongebè ak lavil Elat bò Lanmè Wouj la, nan pòsyon tè ki pou moun Edon yo.
那时,所罗门往以东地靠海的以旬‧迦别和以禄去。
Wa Iram te voye batiman ansanm ak moun peyi l' ki te konn lanmè bay Salomon pou sèvi ansanm ak moun Salomon yo sou batiman yo. Se chèf ki t'ap sèvi nan gouvènman Iram yo ki te vin renmèt batiman yo. Maren Iram yo vwayaje ansanm ak moun pa Salomon yo rive peyi Ofi, kote yo al chache trèz tòn lò pote bay Salomon.
希兰差遣他的臣仆,将船只和熟悉泛海的仆人送到所罗门那里。他们同著所罗门的仆人到了俄斐,得了四百五十他连得金子,运到所罗门王那里。