I Thessalonians 5

Frè m' yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m' fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive.
弟兄们,论到时候、日期,不用写信给你们;
Nou menm nou konn sa byen: Jou Seyè a gen pou l' vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit.
因为你们自己明明晓得,主的日子来到,好像夜间的贼一样。
Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo.
人正说平安稳妥的时候,灾祸忽然临到他们,如同产难临到怀胎的妇人一样。他们绝不能逃脱。
Men nou menm, frè m' yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann.
弟兄们,你们却不在黑暗里,叫那日子临到你们像贼一样。
Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyè, nan gwo lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fènwa!
你们都是光明之子,都是白昼之子。我们不是属黑夜的,也不是属幽暗的。
Se sak fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.
所以我们不要睡觉像别人一样,总要儆醒谨守。
Se lannwit moun dòmi. Se lannwit tou moun sou.
因为睡了的人是在夜间睡,醉了的人是在夜间醉。
Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l' tankou yon kas an fè nan tèt nou.
但我们既然属乎白昼,就应当谨守,把信和爱当作护心镜遮胸,把得救的盼望当作头盔戴上。
Paske, Bondye pa t' chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n' te ka delivre, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
因为 神不是预定我们受刑,乃是预定我们借著我们主耶稣基督得救。
Jezi te mouri pou n' te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè la vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li.
他替我们死,叫我们无论醒著、睡著,都与他同活。
Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la.
所以,你们该彼此劝慰,互相建立,正如你们素常所行的。
Frè m' yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Seyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou.
弟兄们,我们劝你们敬重那在你们中间劳苦的人,就是在主里面治理你们、劝戒你们的。
Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt.
又因他们所做的工,用爱心格外尊重他们。你们也要彼此和睦。
M'ap mande nou tou, frè m' yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun.
我们又劝弟兄们,要警戒不守规矩的人,勉励灰心的人,扶助软弱的人,也要向众人忍耐。
Pa kite pesonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.
你们要谨慎,无论是谁都不可以恶报恶;或是彼此相待,或是待众人,常要追求良善。
Se pou kè nou toujou kontan.
要常常喜乐,
Pa janm sispann lapriyè.
不住的祷告,
Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
凡事谢恩;因为这是 神在基督耶稣里向你们所定的旨意。
Pa antrave travay Sentespri a.
不要消灭圣灵的感动;
Pa meprize pawòl moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.
不要藐视先知的讲论。
Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon.
但要凡事察验,善美的要持守,
Egzante tou sa ki mal.
各样的恶事要禁戒不做。
Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.
愿赐平安的 神亲自使你们全然成圣!又愿你们的灵与魂与身子得蒙保守,在我主耶稣基督降临的时候完全无可指摘!
Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li.
那召你们的本是信实的,他必成就这事。
Frè m' yo, lapriyè pou mwen tou.
请弟兄们为我们祷告。
Di tout frè yo bonjou, bo yo pou mwen tankou moun k'ap viv pou Bondye konn fè l' la.
与众弟兄亲嘴问安,务要圣洁。
Tanpri souple, nan non Seyè a, li lèt sa a bay tout frè yo.
我指著主嘱咐你们,要把这信念给众弟兄听。
Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou.
愿我主耶稣基督的恩常与你们同在!