I John 5

Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou.
凡信耶稣是基督的,都是从 神而生,凡爱生他之 神的,也必爱从 神生的。
Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè.
我们若爱 神,又遵守他的诫命,从此就知道我们爱 神的儿女。
Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.
我们遵守 神的诫命,这就是爱他了,并且他的诫命不是难守的。
Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.
因为凡从 神生的,就胜过世界;使我们胜了世界的,就是我们的信心。
Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.
胜过世界的是谁呢?不是那信耶稣是 神儿子的吗?
Jezikri se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batèm lan ansanm ak san lanmò li a. Li pa t' vini ak dlo a sèlman, men li te vini avèk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm.
这借著水和血而来的,就是耶稣基督;不是单用水,乃是用水又用血,
Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an.
并且有圣灵作见证,因为圣灵就是真理。
Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò.
作见证的原来有三:就是圣灵、水,与血,这三样也都归于一。
Nou asepte pawòl moun pou verite. Men, pawòl Bondye a pi bon toujou. Epi, sa se temwayaj Bondye bay pou Pitit li a.
我们既领受人的见证, 神的见证更该领受了(该领受:原文作大),因 神的见证是为他儿子作的。
Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t' kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.
信 神儿子的,就有这见证在他心里;不信 神的,就是将 神当作说谎的,因不信 神为他儿子作的见证。
Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.
这见证就是 神赐给我们永生;这永生也是在他儿子里面。
Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis.
人有了 神的儿子就有生命,没有 神的儿子就没有生命。
M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an.
我将这些话写给你们信奉 神儿子之名的人,要叫你们知道自己有永生。
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li.
我们若照他的旨意求什么,他就听我们,这是我们向他所存坦然无惧的心。
Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la.
既然知道他听我们一切所求的,就知道我们所求于他的,无不得著。
Si yon moun wè yon frè l' fè yon peche ki p'ap fè l' mouri, se pou l' lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Prensip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo.
人若看见弟兄犯了不至于死的罪,就当为他祈求, 神必将生命赐给他;有至于死的罪,我不说当为这罪祈求。
Tou sa ou fè ki mal, se yon peche. Men, se pa tout peche k'ap mennen ou nan lanmò.
凡不义的事都是罪,也有不至于死的罪。
Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l' anyen.
我们知道凡从 神生的,必不犯罪,从 神生的,必保守自己(有古卷作:那从 神生的必保护他),那恶者也就无法害他。
Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan.
我们知道,我们是属 神的,全世界都卧在那恶者手下。
Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.
我们也知道, 神的儿子已经来到,且将智慧赐给我们,使我们认识那位真实的,我们也在那位真实的里面,就是在他儿子耶稣基督里面。这是真神,也是永生。
Pitit mwen yo, veye kò nou ak zidòl!
小子们哪,你们要自守,远避偶像!