I John 4

Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.
亲爱的弟兄啊,一切的灵,你们不可都信,总要试验那些灵是出于 神的不是,因为世上有许多假先知已经出来了。
Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a.
凡灵认耶稣基督是成了肉身来,就是出于 神的;从此你们可以认出 神的灵来。
Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn.
凡灵不认耶稣,就不是出于 神;这是那敌基督者的灵。你们从前听见他要来,现在已经在世上了。
Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.
小子们哪,你们是属 神的,并且胜了他们;因为那在你们里面的,比那在世界上的更大。
Lè y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn.
他们是属世界的,所以论世界的事,世人也听从他们。
Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.
我们是属 神的,认识 神的就听从我们;不属 神的就不听从我们。从此我们可以认出真理的灵和谬妄的灵来。
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.
亲爱的弟兄啊,我们应当彼此相爱,因为爱是从 神来的。凡有爱心的,都是由 神而生,并且认识 神。
Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.
没有爱心的,就不认识 神,因为 神就是爱。
Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l' te ka ban nou lavi.
 神差他独生子到世间来,使我们借著他得生, 神爱我们的心在此就显明了。
Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.
不是我们爱 神,乃是 神爱我们,差他的儿子为我们的罪作了挽回祭,这就是爱了。
Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt.
亲爱的弟兄啊, 神既是这样爱我们,我们也当彼此相爱。
Pesonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.
从来没有人见过 神,我们若彼此相爱, 神就住在我们里面,爱他的心在我们里面得以完全了。
Nou konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li.
 神将他的灵赐给我们,从此就知道我们是住在他里面,他也住在我们里面。
Nou menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun.
父差子作世人的救主;这是我们所看见且作见证的。
Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye.
凡认耶稣为 神儿子的, 神就住在他里面,他也住在 神里面。
Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo.
 神爱我们的心,我们也知道也信。 神就是爱;住在爱里面的,就是住在 神里面, 神也住在他里面。
Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv.
这样,爱在我们里面得以完全,我们就可以在审判的日子坦然无惧。因为他如何,我们在这世上也如何。
Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
爱里没有惧怕;爱既完全,就把惧怕除去。因为惧怕里含著刑罚,惧怕的人在爱里未得完全。
Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.
我们爱,因为 神先爱我们。
Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frè l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l', yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.
人若说我爱 神,却恨他的弟兄,就是说谎话的;不爱他所看见的弟兄,就不能爱没有看见的 神(有古卷作:怎能爱没有看见的 神呢)。
Se sak fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.
爱 神的,也当爱弟兄,这是我们从 神所受的命令。