I Chronicles 12

Lè David t'ap viv lavil Ziklag kote li te al kache pou Sayil, pitit gason Kich la, pa jwenn li, yon bann vanyan sòlda te vin jwenn li la pou ba l' konkou nan lagè a.
大卫因怕基士的儿子扫罗,躲在洗革拉的时候,有勇士到他那里帮助他打仗。
Yo tout te gen banza. Yo te gen ladrès pou voye wòch ak pou tire flèch ni ak men gòch ni ak men dwat. Se te moun branch fanmi Benjamen yo te ye tankou Sayil.
他们善于拉弓,能用左右两手甩石射箭,都是便雅悯人扫罗的族弟兄。
Alatèt yo te gen Akyezè ak Joas, pitit gason Chema, moun lavil Gibeya, Jezyèl ak Pelèt, pitit gason Azmavèt, Beraka ak Jeou, moun lavil Anatòt,
为首的是亚希以谢,其次是约阿施,都是基比亚人示玛的儿子。还有亚斯玛威的儿子耶薛和毗力,又有比拉迦,并亚拿突人耶户,
Jismaja, moun lavil Gabawon, yonn nan trant vanyan sòlda yo ak yonn nan chèf yo, Jeremi, Jakazyèl, Joanan ak Jozabad, moun lavil Gedera.
基遍人以实买雅〈他在三十人中是勇士,管理他们〉,且有耶利米、雅哈悉、约哈难,和基得拉人约撒拔、
Elouzayi, Jerimòt, Bealya, Chemarya ak Chefatya, moun lavil Awòf,
伊利乌赛、耶利摩、比亚利雅、示玛利雅,哈律弗人示法提雅,
Elkana, Jichija, Azariyèl, Joezè ak Jakobeyam, nan branch fanmi Kore a.
可拉人以利加拿、耶西亚、亚萨列、约以谢、雅朔班,
Joela ak Zebadya, pitit gason Jewokam, moun lavil Gedò.
基多人耶罗罕的儿子犹拉和西巴第雅。
Konsa tou, nan branch fanmi Gad la, te gen moun ki te pati al jwenn David lè li te nan fò nan dezè a. Se te yon bann vanyan sòlda ki te gen ladrès nan fè lagè. Yo tout te gen plak pwotèj ak frenn. Yo te move tankou lyon, yo te konn kouri tankou kabrit nan mòn.
迦得支派中有人到旷野的山寨投奔大卫,都是大能的勇士,能拿盾牌和枪的战士。他们的面貌好像狮子,快跑如同山上的鹿。
Premye a te rele Ezè, dezyèm lan Obadya, twazyèm lan Eliyab,
第一以薛,第二俄巴底雅,第三以利押,
katriyèm lan Michmana, senkyèm lan Jeremi,
第四弥施玛拿,第五耶利米,
sizyèm lan Atayi, setyèm lan Eliyèl,
第六亚太,第七以利业,
wityèm lan Jokanan, nevyèm lan Elzabad,
第八约哈难,第九以利萨巴,
dizyèm lan Jeremi, onzyèm lan Makbanayi.
第十耶利米,第十一末巴奈。
Mesye branch fanmi Gad yo te chèf nan lame a. Pi piti ladan yo a te vo san (100) sòlda, pi gran an te vo mil (1000) sòlda.
这都是迦得人中的军长,至小的能抵一百人,至大的能抵一千人。
Se yo menm ki te janbe lòt bò larivyè Jouden an yon lè larivyè a t'ap desann nan premye mwa lanne a. Lèfini, yo fè tout moun ki te rete nan fon yo mete deyò, ni sou bò solèy leve, ni sou bò solèy kouche.
正月,约旦河水涨过两岸的时候,他们过河,使一切住平原的人东奔西逃。
Nan branch fanmi Benjamen ak branch fanmi Jida yo te gen moun ki te vin jwenn David jouk nan fò kote l' te kache a.
又有便雅悯和犹大人到山寨大卫那里。
David soti al kontre yo, li di yo: -Si se an zanmi nou vini pou ede m', m' byen kontan nou vin jwenn mwen. Men, si se pou nou trayi m' bay moun ki pa vle wè m' yo, mwen menm mwen konnen mwen pa fè ankenn mechanste, mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. Bondye zansèt nou yo va wè sa, se li ki va pini nou.
大卫出去迎接他们,对他们说:「你们若是和和平平地来帮助我,我心就与你们相契;你们若是将我这无罪的人卖在敌人手里,愿我们列祖的 神察看责罚。」
Lè sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò: -Nou la avè ou, David! Nou kanpe avè ou, pitit Izayi! Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a.
那时 神的灵感动那三十个勇士的首领亚玛撒,他就说:大卫啊,我们是归于你的!耶西的儿子啊,我们是帮助你的!愿你平平安安,愿帮助你的也都平安!因为你的 神帮助你。大卫就收留他们,立他们作军长。
Nan branch fanmi Manase a, te gen moun ki te vin jwenn David lè li te mete tèt ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, lè sa a, David pa t' bay moun Filisti yo ankenn konkou. Lè gwo chèf moun Filisti yo reyini pou koze sou zafè a, yo te pran desizyon di l' non mèsi, paske yo t'ap di li ta ka vann yo pou li te ka byen anko ak Sayil, mèt li.
大卫从前与非利士人同去,要与扫罗争战,有些玛拿西人来投奔大卫,他们却没有帮助非利士人;因为非利士人的首领商议,打发他们回去,说:「恐怕大卫拿我们的首级,归降他的主人扫罗。」
Men moun nan branch fanmi Manase a ki te vin mete tèt ansanm ak David apre li te tounen lavil Ziglag. Se te Adnak, Jozabad, Jedyayèl, Mikayèl, Jozabad, Eliyou ak Siltayi, ki te chèf rejiman mil sòlda laba nan peyi Manase.
大卫往洗革拉去的时候,有玛拿西人的千夫长押拿、约撒拔、耶叠、米迦勒、约撒拔、以利户、洗勒太都来投奔他。
Se yo menm ki te ede David ansanm ak lame a, paske se te yon bann vanyan sòlda. Apre sa, yo te gwo chèf nan lame a.
这些人帮助大卫攻击群贼;他们都是大能的勇士,且作军长。
Se chak jou moun t'ap vin jwenn David pou ede l'. Se konsa li vin gen yon gwo lame ak anpil anpil moun ladan l'.
那时天天有人来帮助大卫,以致成了大军,如 神的军一样。
Men kantite moun avèk zam pou fè lagè ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmèt li gouvènman an nan plas Sayil, jan Seyè a te bay lòd la.
预备打仗的兵来到希伯崙见大卫,要照著耶和华的话将扫罗的国位归与大卫。他们的数目如下:
Nan branch fanmi Jida a, similwisan (6.800) gason avèk plak pwotèj yo ak frenn yo, tout byen pare pou fè lagè.
犹大支派,拿盾牌和枪预备打仗的有六千八百人。
Nan branch fanmi Simeyon an, sètmilsan (7.100) vanyan sòlda byen pare pou fè lagè.
西缅支派,能上阵大能的勇士有七千一百人。
Nan branch fanmi Levi a, katmilsisan (4.600),
利未支派有四千六百人。
plis twamilsètsan (3.700) nan fanmi Mawon an ak Jeojada alatèt yo.
耶何耶大是亚伦家的首领,跟从他的有三千七百人。
Te gen Zadòk tou, yon jenn vanyan gason ak vennde lòt chèf nan fanmi li.
还有少年大能的勇士撒督,同著他的有族长二十二人。
Nan branch fanmi Benjamen an, fanmi Sayil la menm, twamil (3.000) gason. Pifò nan moun fanmi Benjamen yo te kanpe toujou avèk Sayil.
便雅悯支派,扫罗的族弟兄也有三千人,他们向来大半归顺扫罗家。
Nan branch fanmi Efrayim lan, venmilwisan (20.800) vanyan sòlda. Tout moun t'ap nonmen non yo nan fanmi yo.
以法莲支派大能的勇士,在本族著名的有二万零八百人。
Nan mwatye branch fanmi Manase a, dizwimil (18.000) gason yo te chwazi pou al mete David wa sou fotèy la.
玛拿西半支派,册上有名的共一万八千人,都来立大卫作王。
Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l', desan (200) chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo.
以萨迦支派,有二百族长都通达时务,知道以色列人所当行的;他们族弟兄都听从他们的命令。
Nan branch fanmi Zabilon an, senkantmil (50.000) sòlda ki konn mache fè lagè avèk tout kalite zam, epi ki te soti pou ede David ak tout kè yo.
西布伦支派,能上阵用各样兵器打仗、行伍整齐、不生二心的有五万人。
Nan branch fanmi Neftali a, mil (1000) chèf ansanm ak trannsètmil (37.000) gason ak plak pwotèj ak frenn.
拿弗他利支派,有一千军长;跟从他们、拿盾牌和枪的有三万七千人。
Nan branch fanmi Dann lan ventwimilsisan (28.600) sòlda.
但支派,能摆阵的有二万八千六百人。
Nan branch fanmi Asè a, karantmil (40.000) sòlda ki konn mache fè lagè.
亚设支派,能上阵打仗的有四万人。
Lèfini, nan branch fanmi Woubenn lan, nan branch fanmi Gad la, ak nan mwatye branch fanmi Manase a ki te lòt bò larivyè Jouden an te gen sanvenmil (120.000) gason ak tout kalite zam.
约旦河东的流便支派、迦得支派、玛拿西半支派,拿著各样兵器打仗的有十二万人。
Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te soti pou yo te fè l' wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa.
以上都是能守行伍的战士,他们都诚心来到希伯崙,要立大卫作以色列的王。以色列其余的人也都一心要立大卫作王。
Yo pase twa jou la ansanm ak David, yo t'ap manje, yo t'ap bwè, paske moun Izrayèl parèy yo te pare tout bagay pou yo.
他们在那里三日,与大卫一同吃喝,因为他们的族弟兄给他们预备了。
Lèfini, moun soti nan tout vwazinaj la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak sou bèf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig frans, grap rezen chèch, diven, lwil ak kantite bèf, mouton ak kabrit. Tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt nan tout peyi a.
靠近他们的人以及以萨迦、西布伦、拿弗他利人将许多面饼、无花果饼、干葡萄、酒、油,用驴、骆驼、骡子、牛驮来,又带了许多的牛和羊来,因为以色列人甚是欢乐。