خداوند به موسی فرمود: «به هارون و پسرانش بگو که هرگز به جنازهٔ کسی دست نزنند، زیرا که ناپاک میشوند،
Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye,
«هیچ کاهنی نباید به نشانهٔ سوگواری سر خود را بتراشد یا ریش خود را کوتاه کند و یا بدن خود را زخمی کند.
Prèt yo pa gen dwa kale ankenn pati nan tèt yo, ni yo pa gen dwa taye pwent bab yo, ni yo pa gen dwa make kò yo avèk kouto, pou fè wè yo gen moun mouri.
او باید مقدّس باشد و مرا بیحرمت نکند. او برای من هدایای خوردنی بر آتش تقدیم میکند، پس باید مقدّس باشد.
Se pou yo viv apa nèt pou Bondye yo. Yo pa dwe derespekte non mwen. Paske se yo menm k'ap mete nan dife ofrann yo fè pou Seyè a, se manje Bondye y'ap ofri. Se pou yo toujou rete apa pou mwen.
او نباید با زن فاحشه و زنی که باکره نیست و یا زن بیوه عروسی کند، زیرا او پیش خدای خود مقدّس است.
Yon prèt pa gen dwa marye ni ak yon fanm ki t'ap fè jennès, ni ak yon fanm ki konn gason deja, ni ak yon fanm mari l' kite l', paske yo mete yo apa pou fè sèvis mwen.
کاهنان را باید مقدّس بشمارید، چرا که آنها هدایای خوردنی برای من تقدیم میکنند. من خداوند و قدّوس هستم و شما را تقدیس میکنم
Tout moun dwe konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye, paske se yo menm k'ap fè ofrann pou Bondye nou an. Mwen menm Seyè a, mwen yon Bondye apa. Se mwen k'ap fè nou viv apa pou mwen. Wi, se pou nou konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye.
«کاهن اعظم که با روغن مخصوص، مسح و تقدیس شده است و لباس کهانت میپوشد، نباید هنگام سوگواری موهای خود را باز و پریشان بگذارد یا جامهٔ خود را بدرد.
Granprèt la, se chèf li ye nan mitan tout prèt yo. Se moun yo te vide lwil sou tèt li a, moun yo te mete apa pou mete rad prèt la sou li a. Li pa fèt ni pou kite tèt li san penyen, ni pou l' chire rad sou li lè li gen moun mouri.
چون او برای من مسح و تقدیس شده است، نباید با خارج شدن از معبد و رفتن به خانهای که جنازه در آن است، حتّی اگر جنازهٔ پدر و مادرش باشد، معبد مرا بیحرمت سازد.
Yo mete kouwòn mwen sou tèt li, yo vide lwil sou tèt li pou mete l' apa pou mwen. Li pa fèt pou l' fè bagay ki pou mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye, pou l' derespekte kay yo mete apa pou Bondye a.
چون او برای من مسح و تقدیس شده است، نباید با خارج شدن از معبد و رفتن به خانهای که جنازه در آن است، حتّی اگر جنازهٔ پدر و مادرش باشد، معبد مرا بیحرمت سازد.
Li pa fèt pou l' kite kay Bondye a pou l' al antre nan yon kay kote gen kadav moun mouri, menm si se papa l' osinon manman l' ki mouri a. Se mwen menm ki Seyè a!
با دختری که باکره است باید ازدواج کند و با زن بیوه یا فاحشه عروسی نکند، بلکه زن او دختر باکرهای از خاندان خودش باشد.
Li p'ap pran pou madanm yon fanm vèv, ni yon fanm divòse, ni yon fanm ki konn gason deja, osinon yon fanm ki t'ap fè jennès. Se sèlman yon jenn fi ki soti nan menm branch fanmi avè l' pou li pran pou madanm.
«به هارون بگو که اگر در نسلهای آینده یکی از فرزندان او عیب جسمانی داشته باشد، نباید هدیهٔ خوردنی به حضور من تقدیم کند.
-Pale ak Arawon, w'a di li: Si gen yon moun nan fanmi ou ki gen yon enfimite, li p'ap janm ka pwoche pou l' fè ofrann manje pou Bondye li. Regleman sa a ou fèt pou swiv li tout tan de pitit an pitit.
بهخاطر عیب جسمانیاش حق ندارد که هدایای خوردنی به حضور من بر آتش تقدیم کند،
Depi yon gason nan ras prèt Arawon an enfim yon kote nan kò li, li p'ap ka pwoche pou fè ofrann pou boule nan dife pou Seyè a. Wi, si li gen yon enfimite, li p'ap ka pwoche devan Bondye pou fè ofrann pou li.
امّا او نباید به نزدیک پردهٔ جایگاه مقدّس و یا قربانگاه برود، چون نقص جسمانی دارد و با این کار خود، معبد مرا بیحرمت میسازد، زیرا من خداوند هستم و آنها را تقدیس کردهام.»
Men, li pa gen dwa pwoche bò rido a ni vin bò lotèl la paske li enfim nan kò l'. Li pa fèt pou derespekte bagay ki apa pou mwen yo paske se mwen menm Seyè a ki mete yo apa pou mwen.