Zechariah 4

那与我说话的天使又来叫醒我,好像人睡觉被唤醒一样。
Zanj ki t'ap pale ak mwen an vini ankò. Li souke m' tankou yo souke yon moun k'ap dòmi pou fè l' leve.
他问我说:「你看见了什么?」我说:「我看见了一个纯金的灯台,顶上有盏灯,灯台上有七盏灯,每盏有七个管子。
Li di m' konsa: -Sa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch.
旁边有两棵橄榄树,一棵在灯盏的右边,一棵在灯盏的左边。」
Bò lanp sèt branch lan te gen de pye oliv, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.
我问与我说话的天使说:「主啊,这是什么意思?」
Apre sa, mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Mèt, kisa bagay sa yo ye?
与我说话的天使回答我说:「你不知道这是什么意思么?」我说:「主啊,我不知道。」
Li reponn mwen: -Ou pa konn sa sa yo ye? Mwen reponn li: -Non, mèt! M' pa konnen non!
他对我说:「这是耶和华指示所罗巴伯的。万军之耶和华说:不是倚靠势力,不是倚靠才能,乃是倚靠我的灵方能成事。
Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen, li di m': -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m' m'ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
大山哪,你算什么呢?在所罗巴伯面前,你必成为平地。他必搬出一块石头,安在殿顶上。人且大声欢呼说:『愿恩惠恩惠归与这殿(殿:或译石)!』」
Pi gwo antrav yo pral disparèt devan ou, Zowobabèl! Pi gwo mòn lan ap tounen yon plenn. Ou gen pou ou pran yon bèl wòch ladan l' pou fè lento pòtay tanp lan. Lè sa a tout moun va rele: Ala bèl sa bèl! Mèsi pou li!
耶和华的话又临到我说:
Seyè a pale avè m' ankò, li di m':
「所罗巴伯的手立了这殿的根基,他的手也必完成这工,你就知道万军之耶和华差遣我到你们这里来了。
-Zowobabèl mete men nan fondasyon kay la. Li gen pou l' fini l'. Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te voye ou bò kote yo.
谁藐视这日的事为小呢?这七眼乃是耶和华的眼睛,遍察全地,见所罗巴伯手拿线铊就欢喜。」
Yo te pran ti konmansman sa yo pou anyen. Men, ala kontan y'a kontan lè y'a wè Zowobabèl ap kontwole travay la, filaplon li nan men l'! Zanj lan di m' ankò: -Lanp sèt branch ou wè la a se sèt je Seyè a ki wè tou sa k'ap pase sou latè.
我又问天使说:「这灯台左右的两棵橄榄树是什么意思?」
Mwen mande l': -De pye oliv ki chak bò lanp sèt branch lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch, kisa yo ye?
我二次问他说:「这两根橄榄枝在两个流出金色油的金嘴旁边是什么意思?」
De branch oliv sou kote de ti tiyo an lò kote lwil ap koule a, kisa yo vle di?
他对我说:「你不知道这是什么意思么?」我说:「主啊,我不知道。」
Li reponn mwen. -Ou pa konnen sa yo vle di? Mwen di l': -Non, mèt. M' pa konnen non!
他说:「这是两个受膏者站在普天下主的旁边。」
Li di m' konsa: -Se de moun Bondye chwazi pou fè travay Seyè a, Mèt latè a.