Song of Solomon 7

王女啊,你的脚在鞋中何其美好!你的大腿圆润,好像美玉,是巧匠的手做成的。
Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, nègès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou!
你的肚脐如圆杯,不缺调和的酒;你的腰如一堆麦子,周围有百合花。
Lonbrit ou tankou yon bòl won ki pa janm manke diven melanje ak fèy santi bon. Anba vant ou menm tankou yon bèl jaden ble ak bèl ti flè sou tout arebò li.
你的两乳好像一对小鹿,就是母鹿双生的。
Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, de ti gazèl menm fòs, menm pòte.
你的颈项如象牙台;你的眼目像希实本、巴特‧拉并门旁的水池;你的鼻子彷彿朝大马色的黎巴嫩塔。
Kou ou tankou yon fò won fèt an ivwa. Je ou yo tankou basen dlo nan lavil Esbon, bò pòtay gwo lavil la. Nen ou tankou gwo fò peyi Liban an k'ap veye sou lavil Damas.
你的头在你身上好像迦密山;你头上的发是紫黑色;王的心因这下垂的发绺系住了。
Ou kenbe tèt ou dwèt sou kò ou, tankou mòn Kamèl. Cheve ou yo ap flote tankou bèl twal swa wouj grena. Nenpòt wa ta ka pèdi nan bouklèt cheve ou yo!
我所爱的,你何其美好!何其可悦,使人欢畅喜乐!
Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Ala dous ou dous, bèl nègès mwen!
你的身量好像棕树;你的两乳如同其上的果子,累累下垂。
Lè ou kanpe, ou ta di yon bèl pye palmis. De tete ou yo ou ta di de ti grap palmis.
我说:我要上这棕树,抓住枝子。愿你的两乳好像葡萄累累下垂,你鼻子的气味香如苹果;
Mwen fè lide moute sou pye palmis la pou m' keyi grap yo. Pou mwen, tete ou yo tankou de grap rezen. Bouch ou gen sant ponm kajou!
你的口如上好的酒。女子说:为我的良人下咽舒畅,流入睡觉人的嘴中。
Anndan bouch ou, gen gou yon bon diven. Kite diven an koule pou mennaj mwen, Kite l' koule nan bouch nou antan n'ap dòmi.
我属我的良人,他也恋慕我。
Se pou mennaj mwen mwen ye! Se mwen menm li anvi.
我的良人,来吧!你我可以往田间去;你我可以在村庄住宿。
Vini non, mennaj mwen! Ann al andeyò. N'a pase nwit lan nan jaden yo.
我们早晨起来往葡萄园去,看看葡萄发芽开花没有,石榴放蕊没有;我在那里要将我的爱情给你。
Nan maten, n'apral gade pye rezen yo pou wè si yo konmanse boujonnen, si flè yo ap louvri, si pye grenad yo ap fleri. Se la n'a karese nèt ale.
风茄放香,在我们的门内有各样新陈佳美的果子;我的良人,这都是我为你存留的。
Ou ka pran sant mandragò yo. Devan papòt nou an gen tout kalite bon fwi, fwi ki fèk keyi ak fwi ki byen mi. Mennaj mwen, se mwen ki te sere yo pou ou.