Ruth 2

拿俄米的丈夫以利米勒的亲族中,有一个人名叫波阿斯,是个大财主。
Naomi te gen yon fanmi mari l' yo te rele Bòz. Se te yon nonm ki te rich epi ki te grannèg. Li te fè pati menm branch fanmi ak Elimelèk, defen mari Naomi an.
摩押女子路得对拿俄米说:「容我往田间去,我蒙谁的恩,就在谁的身后拾取麦穗。」拿俄米说:「女儿啊,你只管去。」
Rit, fanm peyi Moab la, di Naomi konsa: -Kite m' ale nan jaden yo pou m' ranmase tèt lòj moun k'ap ranmase rekòt yo kite tonbe atè. M'a jwenn yon moun ki va kite m' ranmase nan jaden li. Naomi reponn li: -Ale non, mafi.
路得就去了,来到田间,在收割的人身后拾取麦穗。她恰巧到了以利米勒本族的人波阿斯那块田里。
Se konsa, Rit leve, li al nan jaden yo, li pran mache dèyè travayè yo, li t'ap ranmase tèt lòj yo te kite tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk la.
波阿斯正从伯利恒来,对收割的人说:「愿耶和华与你们同在!」他们回答说:「愿耶和华赐福与你!」
Li te la depi kèk tan lè Bòz rive soti Betleyèm. Li di travayè yo bonjou, li di yo: -Seyè a avèk nou! Yo reponn li: -benediksyon Seyè a avè ou tou!
波阿斯问监管收割的仆人说:「那是谁家的女子?」
Bòz mande kontwòlè a: -Ki jenn ti madanm sa a?
监管收割的仆人回答说:「是那摩押女子,跟随拿俄米从摩押地回来的。
Nonm lan reponn: -Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Naomi lè li te tounen soti nan peyi Moab.
她说:『请你容我跟著收割的人拾取打捆剩下的麦穗。』她从早晨直到如今,除了在屋子里坐一会儿,常在这里。」
Li te mande m' pou m' kite l' mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l' la a depi maten. Li fèk sispann pou l' pran yon ti repo anba tonèl lan la a.
波阿斯对路得说:「女儿啊,听我说,不要往别人田里拾取麦穗,也不要离开这里,要常与我使女们在一处。
Lè sa a, Bòz di Rit konsa: -M'ap ba ou yon ti konsèy, tande, mafi. Ou pa bezwen ale nan lòt jaden pou ranmase tèt lòj. Ou mèt rete nan jaden sa a, bò medam yo ki isit la.
我的仆人在那块田收割,你就跟著他们去。我已经吩咐仆人不可欺负你;你若渴了,就可以到器皿那里喝仆人打来的水。」
Gade tout kote y'ap travay nan jaden an, fè dèyè yo, rete ak yo. Mwen bay mesye m' yo lòd pou yo pa anbete ou. Chak fwa w'a swaf dlo, ou mèt al bwè nan kannari yo plen pou sa.
路得就俯伏在地叩拜,对他说:「我既是外邦人,怎么蒙你的恩,这样顾恤我呢?」
Rit bese tèt li jouk atè devan Bòz. Li di l' konsa: -Poukisa w'ap bay kò ou tout traka sa a pou mwen? Poukisa w'ap fè tout bagay sa a pou yon moun ki pa menm ras avè ou?
波阿斯回答说:「自从你丈夫死后,凡你向婆婆所行的,并你离开父母和本地,到素不认识的民中,这些事人全都告诉我了。
Bòz reponn li: -Yo di m' tou sa ou te fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun lan, ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa t' janm konnen anvan.
愿耶和华照你所行的赏赐你。你来投靠耶和华─以色列 神的翅膀下,愿你满得他的赏赐。」
Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!
路得说:「我主啊,愿在你眼前蒙恩。我虽然不及你的一个使女,你还用慈爱的话安慰我的心。」
Rit reponn li: -Ou pa konn sa ou fè la a pou mwen, msye! Jan ou pale byen avè m' la a, sa ban m' kouraj, malgre mwen pa vo yonn nan medam k'ap sèvi avè ou yo.
到了吃饭的时候,波阿斯对路得说:「你到这里来吃饼,将饼蘸在醋里。」路得就在收割的人旁边坐下;他们把烘了的穗子递给她。她吃饱了,还有余剩的。
Lè lè pou yo manje a rive, Bòz di Rit konsa: -Pwoche non! Pran yon moso pen, tranpe l' nan sòs vinèg la pou ou manje! Se konsa Rit vin chita ansanm ak lòt travayè yo. Bòz te ba li kèk grenn lòj griye tou. Rit manje plen vant li, epi rès manje ki te rete a, li sere l'.
她起来又拾取麦穗,波阿斯吩咐仆人说:「她就是在捆中拾取麦穗,也可以容她,不可羞辱她;
Lè Rit leve al ranmase, Bòz bay travayè yo lòd sa a: -Nou mèt kite l' ranmase grenn menm kote pakèt mare yo ye a. Pa chache l' kont.
并要从捆里抽出些来,留在地下任她拾取,不可叱吓她。」
Okontrè, rache kèk tèt nan pakèt mare yo, lage yo atè pou l' ka ranmase. Pa di l' anyen, tande!
这样,路得在田间拾取麦穗,直到晚上,将所拾取的打了,约有一伊法大麦。
Se konsa Rit rete ranmase grap lòj nan jaden an jouk solèy kouche. Lè li fin bat tèt lòj yo, li jwenn sa ki te manke l' pou l' te gen vennsenk ti mamit la pa t' anyen.
她就把所拾取的带进城去给婆婆看,又把她吃饱了所剩的给了婆婆。
Li pran grenn lòj li yo, li tounen lavil, li moutre bèlmè li tou sa li te ranmase. Li ba li tou rès manje ki te rete lè l' te fin manje a.
婆婆问她说:「你今日在哪里拾取麦穗,在哪里做工呢?愿那顾恤你的得福。」路得就告诉婆婆说:「我今日在一个名叫波阿斯的人那里做工。」
Naomi mande l': -Kote ou ranmase tout lòj sa a jòdi a? Nan jaden ki moun ou t'ap travay, en? Se pou Bondye beni moun ki fè sa pou ou a! Lè sa a, Rit di bèlmè li konsa li t'ap travay nan jaden yon msye yo rele Bòz.
拿俄米对儿妇说:「愿那人蒙耶和华赐福,因为他不断地恩待活人死人。」拿俄米又说:「那是我们本族的人,是一个至近的亲属。」
Naomi di bèlfi li a: -benediksyon Seyè a pou Bòz! Wi. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Naomi di ankò: -Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an.
摩押女子路得说:「他对我说:『你要紧随我的仆人拾取麦穗,直等他们收完了我的庄稼。』」
Lè sa a, Rit di konsa: -Men sa l' di m' ankò: Se pou m' rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini.
拿俄米对儿妇路得说:「女儿啊,你跟著他的使女出去,不叫人遇见你在别人田间,这才为好。」
Naomi reponn li: -Wi, pitit mwen! Pito ou rete travay avèk medam yo nan jaden Bòz la, tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou.
于是路得与波阿斯的使女常在一处拾取麦穗,直到收完了大麦和小麦。路得仍与婆婆同住。
Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou.