Romans 3

这样说来,犹太人有什么长处?割礼有什么益处呢?
Nan kondisyon sa a, lè yon moun jwif, ki avantaj ki gen nan sa? Kisa sikonsizyon an fè pou li?
凡事大有好处:第一是 神的圣言交托他们。
Tout jan, li gen anpil avantaj. Pou kòmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo.
即便有不信的,这有何妨呢?难道他们的不信就废掉 神的信吗?
Bon, tande non. Si gen ladan yo ki pa kenbe pawòl yo, èske poutèt sa Bondye p'ap kenbe pawòl li tou?
断乎不能!不如说, 神是真实的,人都是虚谎的。如经上所记:你责备人的时候,显为公义;被人议论的时候,可以得胜。
O non, lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Se pou yo rekonèt se ou menm ki gen rezon lè w'ap pale. Se ou menm ki pou gen pwose a lè y'ap jije ou.
我且照著人的常话说,我们的不义若显出 神的义来,我们可以怎么说呢? 神降怒,是他不义么?
Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n'a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye peni nou li gen tò? (Eskize m' wi, m'ap pale tankou moun.)
断乎不是!若是这样, 神怎能审判世界呢?
Men non! Si lè sa a Bondye pa gen rezon, ki jan Bondye va fè pou jije moun?
若 神的真实,因我的虚谎越发显出他的荣耀,为什么我还受审判,好像罪人呢?
Bon, si lè m' bay manti, sa fè verite Bondye a parèt pi klè, si sa sèvi yon lwanj pou Bondye, poukisa pou l' ta jije m' tankou yon moun ki fè sa ki mal?
为什么不说,我们可以作恶以成善呢?这是毁谤我们的人说我们有这话。这等人定罪是该当的。
Poukisa nou pa di pito: Ann fè sa ki mal pou Bondye ka fè plis byen toujou! Gen kèk malpalan ki pretann se sa mwen di. Enben, Bondye ap kondannen moun sa yo, epi la gen rezon.
这却怎么样呢?我们比他们强么?决不是的!因我们已经证明,犹太人和希腊人都在罪恶之下。
Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, èske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a.
就如经上所记:没有义人,连一个也没有。
Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn.
没有明白的;没有寻求 神的;
Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye.
都是偏离正路,一同变为无用。没有行善的,连一个也没有。
Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl.
他们的喉咙是敞开的坟墓;他们用舌头弄诡诈,嘴唇里有虺蛇的毒气,
Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
满口是咒骂苦毒。
Bouch yo plen madichon ak jouman.
杀人流血,他们的脚飞跑,
Ti krik ti krak, se fè san koule.
所经过的路便行残害暴虐的事。
Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè.
平安的路,他们未曾知道;
Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun.
他们眼中不怕 神。
Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
我们晓得律法上的话都是对律法以下之人说的,好塞住各人的口,叫普世的人都伏在 神审判之下。
Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
所以凡有血气的,没有一个因行律法能在 神面前称义,因为律法本是叫人知罪。
Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.
但如今, 神的义在律法以外已经显明出来,有律法和先知为证:
Men koulye a, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou.
就是 神的义,因信耶稣基督加给一切相信的人,并没有分别。
Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l' pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.
因为世人都犯了罪,亏缺了 神的荣耀;
Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.
如今却蒙 神的恩典,因基督耶稣的救赎,就白白的称义。
Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.
 神设立耶稣作挽回祭,是凭著耶稣的血,借著人的信,要显明 神的义;因为他用忍耐的心宽容人先时所犯的罪,
Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l' sou peche moun te fè.
好在今时显明他的义,使人知道他自己为义,也称信耶稣的人为义。
Men koulye a, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, an menm tan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras.
既是这样,那里能夸口呢?没有可夸的了。用何法没有的呢?是用立功之法吗?不是,乃用信主之法。
Bon. Nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè ankò? Pa genyen menm. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Men, paske yo fè Bondye konfyans.
所以(有古卷:因为)我们看定了:人称义是因著信,不在乎遵行律法。
Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l' gras, se pa paske li fè sa lalwa mande.
难道 神只作犹太人的 神吗?不也是作外邦人的 神吗?是的,也作外邦人的 神。
Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou.
 神既是一位,他就要因信称那受割礼的为义,也要因信称那未受割礼的为义。
Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li.
这样,我们因信废了律法吗?断乎不是!更是坚固律法。
Bon. Jan nou pale a, èske konfyans nan Bondye fè lalwa a pèdi valè li? Men non, okontrè, nou kanpe lalwa a pi rèd.